> Kreyòl > Rezime AKTYALITE MEKREDI 16 OKTOB /Solidarite fanm ayisyèn (SOFA) ansanm (...)

Rezime AKTYALITE MEKREDI 16 OKTOB ...

Rezime AKTYALITE MEKREDI 16 OKTOB /Solidarite fanm ayisyèn (SOFA) ansanm ak plizyè lòt òganizasyon òganize premyè edisyon palman senbolik fanm palman an jounen mèkredi a

Rezime AKTYALITE MEKREDI 16 OKTOB ...

Publié le vendredi 18 octobre 2013

JOUNAL 4E MEKREDI 16 OKTOB 2013

PALMAN

Solidarite fanm ayisyèn (SOFA) ansanm ak plizyè lòt òganizasyon òganize premyè edisyon palman senbolik fanm palman an jounen mèkredi a. Selon kòdonatris SOFA a, Marie Frantz Joachim aktivite sa a fèt nan objektif pou sansibilize nasyon ayisyèn nan sou nesesite pou yon vrè chanjman nan fason politik ap fèt nan peyi a ak patisipasyon fanm yo nan espas pouvwa a. Madanm Joachim fè konnen pandan dewoulman aktivite sa a, 30 fanm senatèz ak 99 depite senbolik yo ap gen pou konvoke premyè minis senbolik la ak 5 minis nan gouvènman pou poze kesyon sou pwoblèm grangou ki genyen nan peyi a. Li anonse palman senbolik la ap vote pwojè lwa ki konsène egalite fanm ak gason ak yon lòt sou dwa ekonomik ak sosyal yo. Kòdonatris SOFA a di l swete egzèsis sa a ki fèt nan palman an pral ankouraje fanm yo pi plis pou yo enplike yo nan kesyon politik tankou al patisipe nan eleksyon kap gen pou fèt nan peyi a.

Prezidan sena repiblik la, senatè Simon Dieuseul Desras ki te pran lapawòl nan sikonstans mande depite ak senatèz senbolik yo jounen Jodi a ki ap gen pou vinn palmantè demen pa vann pouvwa popilasyon an ba yo bay egzekitif la nan enterè pèsonèl yo.Prezidan sena senatè Simon Dieuseul Desras ankouraje palmantè senbolik sa a yo antre nan konpetisyon ak depite ak senatè ki nan palman an pou montre yo yo pa ranpli fonksyon yo jan konstitisyon an prevwa l la. Prezidan sena a nan okazyon an kontinye plede an favè separasyon pouvwa leta yo ki pou bay demokrasi a jarèt,pandan l raple fanm yo wòl pouvwa lejislatif la kòm ranpa demokrasi a.

Yon lòt pa, dezyèm senatè Plato Santral la, Simon Dieuseul Desras atire atansyon depite ak senatè senbolik yo nesesite ki genyen pou yo travay nan okazyon jounen mondyal alimantasyon an 16 oktòb la pou popilasyon an kapab jwenn manje pou l manje. Palmantè a ankouraje medanm yo batay nan sans sa a paske konstitisyon ayisyèn nan garanti dwa pou tout ayisyen jwenn manje pou yo manje. Senatè Desras denonse volonte egzekitif la genyen pou anpeche pouvwa lejislatif la fonkyone nan kontwole aksyon gouvènman an jan manman lwa peyi a egzije l la.

Daphnée Cambell, reprezantan distri 108 nan chanm reprezantan leta Florid la ki te prezan nan seremoni an ankouraje fanm yo enplike nan lavi politik peyi a pou yo kapab pote kontribisyon pa yo nan chanjman sosyete a. Palmantè amerikèn an ki se moun OKap pwomèt pou l ede senatè ak depite ayisyen yo pou yo kapab fè travay yo pi byen. Madanm Cambell fè konnen li sipòte anpil ayisyen ki an difikilte ak leta ameriken Ozetazini sou plan legal. Li fè konnen li deja fè fase 3 lwa ki pou pwoteje dwa ayisyen yo.

Nap souliye palman senbolik la te dewoule an prezans kèk depite ak senatè, kèk dirijan politik nan opozisyon an pami yo doktè Turneb Delpé,Mme Marie Denise Claude (MOPOD) ak, reprezantan sosyete sivil la, pami yo pwofesè Rosny Desroches(ISC) ak responsab oganizasyon dwa moun Mme Marie Yolène Giles.(RNDDH)

Senatè Moise Jean Charles deklare li pa dakò ak inisyativ Relijyon pou Lapè pran pou fè palman an al negosye ak prezidan Martelly sou manda senatè popilasyon an eli pou vinn reprezante l nan palman an. Selon palmantè a palman an pa gen okenn rezon pou l al negosye ak Michel Martelly, li di apre yo finn mande chanm depite mete l an akizasyon pou enplikasyon l nan lanmò jij Jean Serge Joseph la sena a pa rekonèt li sou pouvwa a.Senatè Moise Jean Charles mande prezidan sena a,senatè Simon Dieuseul Desras ak prezidan chanm depite a depite Jean Tholbert Alexis kite negosyasyon yo paske prezidan Michel Martelly se nan betiz lap pase yo. Senatè Jean Charles akize Relijyon pou Lapè kòm sektè kap travay pou Anbasad Amerikèn, li raple se Relijyon pou Lapè ki te mete fen ak dosye paspò mesye Martelly a sou dosye nasyonalite etranjè l la.

Kowòdonatè jeneral OPL la, pwofesè Sauveur Pierre Etienne kritike rankont ki te dewoule lendi pase a ant chèf leta a ak prezidan 2 chanm yo, poutèt se Relijyon pou Lapè ki inisye chita pale sa a. Pwofesè Etienne deklare sa montre aklè dirijan yo pa konn wòl yo kidonk chèf egzekitif la pa bezwen yon abit pou’l diskite ak prezidan 2 branch palman an.

Rektè inivèsite leta a, agwonòm Jean Vernet Henry di li okouran depi yè pwofesè yo nan UEH la tanmen yon grèv pou mande pi bon kondisyon travay ak ajisteman salè yo , pandan’l raple depi ane pase rektora a te pran inisyativ pou prepare salè pwofesè yo.Rektè ya di lap tann pou wè lè fakilte yo ouvè si grèv sa a ap gen enpak sou kòmansman ane akademik la.

Anplwaye ladwàn yo kontinye ak mouvman leve kanpe kont direktè jeneral la, Fresnel Jean Baptiste yo akize kòm moun ki livre 3 anplwaye enstitisyon an bay lajistis. Ladwàn nan toujou bloke okenn sèvis yo pa fonksyone. Jounen mèkredi a,anplwaye yo te bat tenèb pou montre kòlè yo fas ak direktè jeneral la, Fresnel Jean Baptiste yo di kap benyen nan kòripsyon.

Otorite jidisyè yo deja louvri yon ankèt sou diparisyon 3 konntenè nan dwàn Pòtoprens an sa ki lakoz gwo soulèvman nan enstitisyon sa a nan kòmansman semèn nan. Sekretè deta sekirite piblik la, Réginald Delva ki anonse nouvèl la jodi mèkredi a nan yon rankont ak laprès nan lokal Primati a, fè konnen gouvènman an pran kesyon sa a trèzoserye paske sa poze yon pwoblèm sekirite nasyonal akoz yo pa konnen ki sa ki te anndan konntenè sa yo epi nan ki zòn yo twouve yo pou kounye a sou tèritwa nasyonal la. Responsab la presize ankèt la ap mache trè byen epi yo sou pis pou mete men sou tout moun ki ta enplike nan detounman 3 konntenè sa a yo ki te soti Ozetazini.Sekretè deta sekirite piblik la presize arestasyon ki deja fèt yo pa antre nan kad pèsekisyon jan ajan dwanye yo pran l lan.

Sou bò pa l, chèf pakè kapital la, Me Francisco René deklare limenm tou sitiyasyon sa a preokipe l paske pa gen moun ki konnen si se pa zam ki vize destabilize gouvènman an ki ladan yo. Me René kritike kèk moun lajistis deja arete nan kad dosye sa a kap chèche ba l yon lòt sans. Komisè gouvènman an presize yo deja arete 3 moun epi yap kontinye bouske lòt moun ki ta enplike nan zak sa a.

Lapolis ak lajistis mennen yon operasyon lendi a nan komin Kafou kote yoarete 2 moun pou enplikasyon prezime yo nan pran lajan nan men moun pou fè yo pati. Komisè gouvelman an kapital la Me Francisco René deklare gen anviwon 14 moun pami yo 2 kap viv Ozetazini ki nan rezo sa a lajistis ap chèche nan dosye sa a.Rezo sa depi 18 mwa kase pongnèt anviwon 3 mil 800 moun yo parn 500 dola ameriken nan men yo chak pou fè yo pati kite peyi ya anba chal

Lapolis Nasyonal Dayiti prezante bilan operasyon li mennen pandan mwad septanm lan, epi prezante yon nouvo inite anndan PNH la, ki rele Politour ki la pou sekirize tout sa ki gen a wè ak touris.
Selon pòt pawòl annapre, PNH la, enspektè Garry Desrosier, lapolis arete René Wilson kita yon gwo bandi nan Tigwav yo plis konnenl sou non Soson ki ta enplike sou oldòp ki te fèt sou direktè OFATMA. LI fè konnen lapolis arete 44 moun, gen 2 ladanyo i ki pran bal kap pran swen nan lopital Medsen san frontyè. Pou depatman lwès, gen 73 moun lapolis arete yo poutèt yo ta vòlè bagay moun , yo ta nan kidnapin,lapolis sezi 15 zam tou.enspektè Garry Desrosier fè konnen gen 5 patrouy lapolis bandi atake men pa gen polisye ki viktim.

Gen yon nouvo inite spesyalize nan lapolis la ki pote non Politour ki gen ladanl 72 polisye. Objektifl se sekirize espas touristik yo ak touris lokal tankou entènasyonal yo selon pòt pawòl polis nasyonal la Garry Desrosier. Polisye sa yo ap anpeche moun kap mande nwi touris yo ak anpeche moun volè afè yo.

Sou bò pa li, pòt pawòl UNPOL nan MINUSTAH, Fred Blaise, prezante bilan operasyon solda nazyonzini yo mennen nan tèt kole aklapolis kote yo sezi yon kilo marijuana epi arete 2 moun kita dròg dilè. Mesye Blaise di yo konstate yon gwo bès nan zak kriminel yo, kantite kidnapin yo bese yo soti 119 nan lane 2012 mem epòkla pou tonbe 76 ane 2013 sa, epi kantite moun ki mouri anba vyolans soti 718 an 2012 a pou tonbe 707 ane 2013 sa. Pòt pawòl UNPOL la pwofite mande laprès pa bay moun li kalifye kom bandi pale nan mikwo yo pou fè menas sou popilasyon ak lapolis menm jan moun li rele bandi kap fè dezòd Tigwav yo ap fèl .

Konferans FOPARK
Fòs patriotik pou Respè konstitisyon an (FOPARK), anonse yon manifestasyon jounen jedi 17 oktòb pou bat chalbari dèyè gouvènman Martelly/Lamothe la. Nan yon konferans pou laprès jounen mèkredi a, manm FOPAK yo te gen sou tab konferans lan yon sachè diri ede pèp, yon bidon lwil pou denonse pwogram gouvènman, epi yon ti sèkèy kote yo anonse antèman gouvènman an Martelly Lamothe la. Dirijan FOPARK yo fè konnen manifestasyon an ap demare 3 kote diferan, ki se devan Radio Kiskeya, devan legliz Saint Jean -Bosco, epi twazyèm gwoup lan devan legliz Pèpetyèl Bèlè.

Sou bò pa yo, Franco Camille ak Eder Rosier alyas Desalin, ale nan menm sans lan pou denonse fason popilasyon kontinye ap viv, ak gagòt gouvènman an. 2 militan yo mande tout moun kap vin nan manifestasyon an, pou pote asyèt, kiyè, siflèt pou bat tenèb dèyè gouvènman an.

Jèn Bawo Pòtoprens (JIBAP), òganize jounen mèkredi a nan bawo a yon konferans deba nan objektif pou analize sou plan politik, diplomatik ak jiridik desizyon lakou konstitisyonèl dominikèn pran pou retire nasyonalite plizyè milye dominiken dorijin ayisyèn ki fèt sou tèritwa sa apatid 1929.

Sekretè jeneral jèn Bawo Pòtoprens lan, Peter Renold Delciné mande pou leta ayisyen mete anplikasyon yon seri pwopozisyon yon komisyon avoka ap gen pou pwopozel aprè yo fin analize dosye a nan tout konpleksitel.

ENVITE : Kowòdonatè CNSA agwonòm Gary Mathieu kap pale sou ensekirite alimantè. Nap fè sonje jounen mèkredi 16 oktòb la make jounen mondyal alimantasyon.
.

Paj deklarasyon
Magaine Cénéus, yon mè de famiy, pase nan Radyo Kiskeya pou anonse yo vòlè machin li nan zòn Babiole apremidi mekredi a bò1h30 konsa pandan li t’al chèche pitit li nan collège St-Jean l’Evangéliste. Machin nan se yon Montero koulè wouj nimero plak li se AA 32919. Madam Cinéus di li pase nan sèvis sikilasyon ak plizyè lòt enstitisyon leta kote yo di’l yo pa fè anken remòkaj nan lari a pandan jounen an. Li oblije pase nan radyo a pou si yo ta al komèt yon zak ak machin li ya pou tout moun konnen sak pase

Guy Numa, dirijan MODEP, ki se manm Kolektif pou dedomaje viktim kolera yo anonse yap fe yon ekspozisyon foto sou plas Dessalines demen 17 oktòb la ak yon manifestasyon vandredi pou mande jistis ak reparasyon pou viktim yo.

Militan politik Jean Esnol alyas Ti Brezilyen mande popilasyon desann nan lari pou patisipe nan manifestasyon demen 17 oktòb la kont rejim anplas la. Jean Esnol estime popilasyon ayisyen nan ap viv aktyelman nan yon enjistis sosyal fason ekip Tèt Kale a ap jere mizè moun yo.