> Kreyòl > AKTYALITE 14 OKTOB 2013 ...

AKTYALITE 14 OKTOB 2013 ...

AKTYALITE 14 OKTOB 2013 ...

AKTYALITE 14 OKTOB 2013 ...

Publié le mardi 15 octobre 2013

Lendi 14 Oktòb 2013

Sitiyasyon an vin pi malouk jounen lendi a nan administrasyon jeneral ladwàn ak yon 3e arestasyon ki konsène direktè seksyon resevabilite ak entèprèt la,Vanel Pierre-Louis, yo mete anba kòd sou lòd komisè gouvènman Pòtoprens la, Mèt Francisco René, ki te tande mesye Pierre-Louis nan biwo l pandan yon ti tan tou kout. Tout aktivite paralize nan direksyon jeneral ladwàn nan ak nan dwàn Pòtoprens kote anplwaye yo prezan men yo pa travay. Pwotestatè yo ki denonse malvèsasyon direktè jeneral la, Fresnel Jean Baptiste, ta fè avèti yap rete kanpe jiskaske li kite bwat la. Dapre anplwaye yo, se ekip kap bay direktè jeneral la jarèt nan kraze enstitisyon an lajistis ta dwe arete.

Chèf pakè pòtoprens lan mèt Francisco René ki te deplase ale nan la dwan jodi a pou te arete mesye Vanel Pierre Louis fè konnen se yon dosye ki nan kabinè dentriksyon depi 23 septanm pase. Se yon dosye ki gen pou wè ak 3 kontenè ki te mal dedwane e ki te disparèt nan kondisyon ki pa klè. Jij Lamarre Belizaire déja arete epi kenbe nan prizon 2 anplwaye la dwann nan kad zafè sa a. chèf pakè a anonse l’ap kontinye rapouswiv tout moun ki ta enplike nan dosye sa a pou trennen yo devan lajistis. Li note pakè ap travay nan kad lit kont koripsyon ak kontrebann.

Te gen gwo sitiyasyon la troublay nan ladwàn apre arestasyon Vanel Pierre Louis. Anplwaye yo estime se abi DG Fresnel Jean Baptiste fè responsab seksyon resevabilite ak entèprèt la. Pwotestatè yo di yon lòt objektif mouvman yo a, se demisyon DG a nou pat rive jwenn malgre nou te eseye kontakte l

Nap raple vandredi pase lajistis te deja arete sou akizasyon asosyasyon malfektè ak usage de faux Hérald Preval ak Harold Guillaume, 2 lòt anplwaye AGD

Jounalis Radio Caraïbes la, Jean Monard Métellus denonse yon zak sabotaj li kwè ki te fèt samdi, devan stasyon an, sou machin li ki te manke fè aksidan avè l dimanch nan Latibonit kote konfrè a te konstate plizyè boulon te devise nan kawotchou yo. Prezantatè emisyon Ranmase sou 94.5 la, manke fè yon aksidan sou wout nasyonal # 1 an nan moman li tap pran direksyon depatman latibonit, Nan yon intèviou li bay Radio Kiskeya , jounalis la fè konnen pandan li tap kondwi li te santi machin nan ap mal mache. Li ajoute se lèl rive St Marc li konstate 6 boulon kawotchou’l te devise. Pilwen jounalis la gen dout pou se yon aza, li plis kwè se yon zak malveyans.

Palman

Yon loraj ki tonbe sou zile Lagonav week end pase a lakòz 2 moun mouri ak 2 lòt pèdi konesans. Reprezantan sikonskripsyon Lagonav la nan chanm depite a, depite Beguens Théus deplore sitiyasyon sa a ki pwodui nan komin nan. Li fè konnen se pa pou lapremyè fwa popilasyon an viktim anba kout loraj. Palmantè mande responsab biwo min ak enèji vinn fè yo etid sou Zile a pou verifye si pa gen yon fòs manyetik nan Lagonav ki lakòz loraj tonbe souvan konsa.

Premye senatè Nò a, senatè Wetsner Polycarpe konsidere desizyon pou renouvle manda MINUSTAH pou yon lòt ane nan peyi a kòm yon gwo souflèt pou pèp ayisyen an. Palmantè a kritike gouvènman Martelly/ Lamothe la ki aksepte l’ONU pwolonje manda fòs okipasyon an yon lòt fwa ankò san okenn negosyasyon. Daprè li sa montre yo pa gen respè pou Sena repiblik la ki te vote yon rezolisyon pou mande MINUSTAH kite peyi a epi dedomaje viktim kolera yo. Prezidan komisyon sante Sena repiblik la, Wetsner Polycarpe anonse yap kontinye mobilize ak tout lòt gwoup òganize pou jwenn

Demaraj enskripsyon pou BED ak BEK/ lwès

Enskripsyon pou konkou manm BED ak BEK yo demare depi dimanch nan BED 1 Lwès la jan pre-kalandrye eletoral la te prevwa sa. Nan yon vizit Radio Kiskeya fè jounen lendi a, nan lokal biwo sa a ki chita sou wout Frè a, nou te konstate gen plizyè jèn fi ak jèn gason ki te vin depoze dosye yo pou konkou sa a ki poko gen dat ki fikse pou l fèt. 2 nan jèn sa yo ki pale ak nou fè konnen yo soumèt tout dokiman yo epi yap tann dat la fikse pou yo vin patisipe nan konkou a. Postilan sa yo eksplike premye motivasyon yo se sèvi peyi a nan reyalizasyon eleksyon yo malgre yo poko gen eksperyans nan domèn nan deja epi yo pa fè pati ankenn estrikti politik.

Yon lòt pa, premye senatè Nò a, senatè Wetsner Polycarpe kalifye de pwovokasyon pre kalandriye elektoral la prezidan KTKEP a kòmanse egzekite kote jounen lendi a li demare ak rekritman manm BED ak BEC nan peyi a. Selon palmantè a demach sa a se yon fason mesye Ménard ap fè pou dekouraje pati ak regwoupman politik nan opozisyon an pa al patisipe nan eleksyon senatoryal ak kolektivite tèritoryal yo. Konsènan preokipasyon konseye elektoral Néhémy Joseph eksprime sou atik 3-1 pwojè lwa elektoral ki bay direktè administratif enstitisyon an ansanm ak prezidan an plen pouvwa pou yo nommen ak rervoke moun nan konsèy la. Senatè Polycarpe swete palmantè yo elimine atik sa a ki poze pwoblèm nan lè yap gen pou yo revote pwojè lwa elektoral la.

“Palmantè dominiken yo, montre yo preokipe apre desizyon lakou konstitisyonèl la pran pou retire nasyonalite plizyè milye dominiken”. Se deklarasyon prezidan komisyon afè etranjè chanm depite a, Abel Descollines ki te nan tèt delegasyon ki te rann li an Repiblik Dominikèn semèn pase a. Daprè depite Descollines palmantè dominiken yo konsyan desizyon sa a bay yon imaj negativ de Repiblik Dominikèn paske tout mond lan ap kritike desizyon sa ki pa respète dwa moun. Depite Mibalè/ Boukan Kare anonse gen yon delegasyon depite ak senatè ayisyen kap gen pou retounen an Repiblikte Dominikèn pou rankontre ak 2 jij nan lakou konstitisyonèl ki pa apwouve desizyon sa a.

Inyon europeyèn atravè ministè kilti remèt lekòl mizik Ench yon lo enstriman tankou gita,violon, piano,tambou ak plizyè lòt Jodi a. Nan yon seremoni senbolik ki dewoule jounen lendi a nan lokal ministè a, minis kilti a Josette Darguste pa kache kontantman’l pou don sa a li di ki pral ede jèn Plato Santral yo fè plis efò nan mizik. Pi lwen madam Darguste souligne èd sa a antre nan kad koperasyon ant gouvènman ayisyen ak EU atravè pwogram ARCADES la. Minis lan pat an mezi pou te bay konbyen kòb entriman sa yo koute.

Anbasadè UE a an Ayiti, Javier Niño Pérez, pa kache kontantman’l pou fason li di Inyon europeyèn ap patisipe nan pwomosyon kilti peyi a . Pandan’l fè konnen yap kontinye akonpanye ministè a nan politik li genyen pou avansman kilti peyi a.

N’ap ranfòse kilti bannan nan peyi a pou goumen kont grangou, se tèm sa ministè agrikilti ak resous natirèl chwazi pou selebre jounen mondyal alimantasyon an 16 oktòb kap vini la, pa bò isit. Minis agrikilti aThomas Jacques deklare yap travay pou ranfòse kilti bannan nan, pou konble defisi yo genyen pa rapò ak kantite bannan popilasyon an konsome. Li pale de jefò ministè a ap fè pou ranfòse enfrastrikti yo. Nan yon rankont ak laprès nan Primati jounen lendi a, minis agrikilti a anonse yon vizit yap fè nan Arcahaie jounen 16 oktòb la, kote yo pral pase yon jounen ak plantè yo gade kòman yo pwodwi bannan, epi manjel’ sou divès fòm.

Se apremidi dimanch la, 2 jou 7èm edisyon atizana anfèt Jounal Le Nouvelliste òganize chak ane fini.Te gen anpil moun konparativman ak ane anvan yo ak divès nouvo zèv atis yo te ekspoze.Minis afè sosyal Charles Jean Jacques ki te vizite gwo ekspozisyon sa a, apre midi dimanch la,pwomèt pou li ede atis yo remanbre pwodiksyon pou ane kap vini yo, yo kapab prezante anpil lòt nouvo meyè pwodui. Minis afè sosyal, la Charles Jean Jacques nan mikwo Amos Brevil.

Oganizatè yo madam Matide Blachard ak Frantz Duval fè konnen aktivite sa a pote siksè yon lòt fwa ankò ane sa a.Yo ankouraje atis yo pou fè plis jefò pou yo ekspoze zèv ki pi bèl chak ane. Menm lè atis yo pa vann,dapre òganizatè yo, atizana anfèt ede yo jwenn lòt kòmand ki pouse yo travay plis, pou fè lajn pou okipe tèt yo ak fanmi yo. .

Kèk atizan ki te pale ak nou deklare lavant la pa mache pou yo jounen dimach la. Sepandan yo te vann kèk pyès jounen samdi a. Moun sa yo kwè se antre lekòl la ki trò pre ak aizana anfèt la.

Kolektif pou libere Ayiti ak Baz Popile No anonse yon manifestasyon pou jedi 17 oktòb la nan vil Okap pou di non ak grangou woz, pèsekisyon politik militan kap goumen tankou Met André Michel ak 2 fre Florestal yo. Manifestasyon an se pou denonse tou fason jij Jean Serge Joseph te mouri, gaspiyaj lajan leta nan vwayaj ak ti zanmi, ogmantasyon demezire bòdwo EDH pou finanse frè manje prezidan an ki koute plis pase 3 mil dola pa jou. Kolektif pou libere Ayiti ak Baz Popile Nò ap komemore tou yon lane depi siyati manifes Okap la.

Envite : Doktè Luné Roc Pierre Louis, pwofesè nan fakilte syanszimèn ki anonse pwofesè yo ap antre an grèv jounen madi 15 oktob la pou reklame pi bon kondisyon travay ak ajisteman salè. Daprè pwofesè Luné Roc Pierre Louis grèv la ap san limit. Li te nan mikwo Eddy-Jackson Alexis

PAJ KORESPONDAN

Tigwav - Vyolans/ensekirite

Zak vyolans yo kontinye sou wout nasyonal #2 a, nan Tigwav, nan nivo lokalite Mawoz ak Koutis, kote manm gwoup ame ki rele "Baz Rebèl" la menase leve kanpe kont depite Stevenson Jacques Thimoléon ak reklame depa prezidan Michel Martelly. Gwoup sivil ame sa yo pran desizyon sa a apre yonn nan manm yo mouri anba bal lapolis, pandan yon operasyon semèn pase a. Yo anonse tou yo pare pou yo twoke kòn yo ak lapolis.

Senmak - Manifestasyon

Club zanmi prezidan Michel Martelly yo nan Senmak òganize yon manifestasyon pasifik jounen vandredi pase pou salye bon travay yo di chèf leta a ap fè nan peyi a. Yo te tou profite lanse anpil pawòl piman bouk kont vis delege awondisman an, Carl-Henry Bien-Aimé, yo di ki pap travay nan enterè rejim nan e ki dwe kite pòs li.

Ench - Edikasyon/PSUGO

Anseyan ki patisipe nan pwogram PSUGO a nan Wo Plato Santral menase bloke aktivite skolè yo si ministè edikasyon nasyonal pa peye yo aryere salè li dwe yo.

Ansagalè - Jounen entènasyonal prevansyon kont katastwòf

« Andikape fas ak katastwòf », se tèm Nasyonzini te chwazi ane sa a pou komemore jounen entènasyonal prevansyon katastwòf la ki te tonbe dimanch 13 oktòb la. Nan okazyon an, biwo rejyonal pwoteksyon sivil nan Ansagalè òganize dimanch yon jounen sansibilize pou ede andikape yo pwoteje vi yo nan moman dezas.

Miragwàn – Jounen entènasyonal kont katastwòf

Nan okazyon jounen entènasyonal prevansyon katastwòf yo, direksyon depatmantal Nip pwoteksyon sivil òganize plizyè aktivite jounen lendi a ak patisipasyon plizyè santèn andikape

Fò Libète – Eleksyon

Enskripsyon pou manm BED ak BEC yo demare jounen dimanch la nan depatman Nòdès, dapre sa ansyen prezidan niwo elektoral depatmantal la, Jonas Victor, deklare. Enskripsyon yo gen pou bout 21 oktòb kap vini an, selon desizyon KTKEP a ki soulve pwotestasyon nan opozisyon an.

Jakmèl – Onè ak Merit

Legliz Ministè restorasyon nan Jakmèl onore jounen lendi a direktè depatmantal polis sidès la, komisè Frantz Elbé, pou bon travay li fè depi li rive nan fonksyon li, sa gen ennan.

PAJ DEKLARASYON

Agresyon fizik

Suy Bazelais, yon etidyan ki te soti andikape nan tranblemanntè 12 janvye a, pase nan Radio Kiskeya fwa sa a pou l denonse agresyon fizik li di li te sibi anba men yon ajan sekirite nan baryè Institut haitiano-americain, mwa pase a. Jèn sa a, ki te sibi 3 operasyon nan kolòn vètebral li, fè konnen depi apre chòk li resevwa nan ensidan sa a li paka satisfè nòmalman bezwen fizyolojik li. Mesye Bazelais ajoute malgre demach li fè bò kote lajistis, dosye a poko abouti. Li lanse yon apèl bay enstans kap defann dwa moun yo, patikilyèman dwa andikape yo, pou yo fè yon entèvansyon nan dosye a.

3 dirijan yon òganizasyon ki rele Regwoupman de vil, Jacquessice Jean Gilbert, Primérose Lecorps ak Urbens Jean, pase nan Radyo kiskeya jounen lendi a pou denonse konseye prezidan Michel Martelly, ansyen sekretè deta Georges Racine, yo di ki anpeche yo travay nan diferan enstitisyon leta kote yo ta jwenn djòb. Daprè yo, mesye Racine ta ap travay kont prezidan Martelly

Lendi 14 Oktòb 2013

.