> Kreyòl > AKTYALITE 12 OKTOB 2013 ...

AKTYALITE 12 OKTOB 2013

AKTYALITE 12 OKTOB 2013 ...

AKTYALITE 12 OKTOB 2013

Publié le lundi 14 octobre 2013

Samdi 12 Septanm 2013.

Konseye elektoral Nehemy Joseph denonse desizyon prezidan konsèy elektoral la, Emmanuel Ménard pou revoke 14 anplwaye enstitisyon an san konsantman 8 lòt konseye yo. Desizyon sa a touche patikilyèman anplwaye biwo kominikayon, sekretarya a ak direksyon lojistik konsèy la. Reprezantan palman an nan KTKEP a, Me Nehemy Joseph ki pale ak Radio Kiskeya jounen samdi a presize desizyon sa a vini moman kote konsèy la pa gen kontrent bidjetè e anplwaye ki revoke yo pa fè okenn fot administrativ ki ta ka jistifye mezi sa a.

Yon lòt pa, konseye elektoral Nehemie Joseph kritike konpòtman alatèt KTKEP a ki boude yon rankont ak res manm konsey la li te pwograme pou pale sou kèk dosye sansib. Ansyen batonye lòd avoka Gonayiv la estime fason prezidan an ap mennen konsèy la ap redwi konfyans popilasyon an genyen nan enstitisyon sa a pou l ta reyalize bon jan eleksyon nan peyi a. Mèt Joseph kondane yon fwa ankò piblikasyon pre-kalandriye elektoral ki te fèt aloske palman an poko fini ak vote lwa elektoral la.dapre Me Nehemie Joseph )

Doktè Turneb Delpé denonse estrateji prezidan repiblik la kap cheche jwenn yon akò politik ak opozisyon an aloske Michel Martelly déja pare pou kraze palman apati dezyem lendi mwa janvye ane pwochen. Lidè PNDPH la ki se tou dirijan nan MOPOD deklare nan konjonkti aktyel akò politik pa posib ak rejim Tèt Kale a si tout bagay pa defini alavans piske daprè doktè Turneb Delpé KEP ap prepare yo pou volè eleksyon yo. Se pou rezon sa dirijan MOPOD

Pòtpawòl komisyon mobilizasyon Fanmi Lavalas la, Ansyto Félix deklare desizyon prezidan Martelly pran pou l pa konvoke depite yo alektraòdinè pou vinn vote pwojè lwa elektoral la antre nan kad volonte l genyen pou kraze palman an apre dezyèm lendi janvye 2014. Militan lavalas la mande pouvwa a sispann fè jwèt mètdam nan fè tan pase san l pa òganize eleksyon , li kwè demach sa a ap frajilize chak jou pi plis jefò kap fèt pou pèmèt peyi a pran wout demokrasi . Ansyto Félix kalifye de demagoji pre kalandriye elektoral KTKEP a mete deyò sou òganizasyon eleksyon senatoryal ak kolektivite tèritoryal yo 26 janvye 2014 san lwa elektoral la poko vote nan palman an.

Reprezantan sikonskripsyon Verrettes la, depite Vickens Dérilus di li kont volonte gouvènman an pou l privatize EDH. Palmantè a fè konnen se leta ayisyen ki pou striktire EDH pou pèmèt li reponn ak vokasyon l epi fòse popilasyon an peye kouran. depite Vickens Dérilus raple tout enstitisyon piblik yo tankou SIMAN d’AYITI , MINOTRYak TELECO pa pote okenn chanjman nan fason yo tap fonksyone.

Palman senbolik fanm se yon aktivite solidarite fanm Ayisyèn (SOFA), ak divès lòt òganizasyon patnè ap òganize nan palman an jounen 16 oktòb la, ki se jounen mondyal alimantasyon. Nan yon entèvyou li bay radio kiskeya kòwòdonatris SOFA Marie Frantz Joachim fè konnen medam yo ap sòti nan 10 depatman peyi a pou vin sieje nan plas 99 depite ak 30 senatè. Li deklare objektif aktivite a se montre ki wòl palmantè yo dwe jwen andan peyi a, nan kontwole ekzekitif lan ak vote lwa yo estime ki enpòtan pou sosyete a. Responsab SOFA a presize similasyon sa pral pwouve medam yo pare pou enplike yo nan politik pou antre nan palman.

.

Artisanat en fete

7èm edisyon( Artisanat en fete) demare jounen samdi a nan pak Istorik kan a sIk kote plizyè dizèn atizan te ekspoze pwodwi yo bay gran piblik la. Atizan ki soti nan kèk vil pwovens tankou Verrettes ak Camp-Perrin mete sou lòt kap evolye nan rejyon metwoplitèn nan salye inisyativ sa a yo di kap pèmèt piblik la fè konesans a pwodwi yo. Sou bò pa yo plizyè moun ki te vin achte nan fwa a rekonèt li se yon nesesite pou tout moun sipòte sektè sa a.

Digicel <>/Ouest/Final

Konpayi Digicel òganize jounen samdi a final konkou “Digicel Entrepreneurs de l’annee” pou depatman lwès la, ki dewoule ane sa a sou tèm : Ensemble les opportunités grandissent ! Alix Vildrouin, Maxo Mérilus, Gérard Marie Tardieu, Alexandra Sabbat, Sophia Zamor ak doktè Ronald Laroche, se 6 kandida sa yo ki jwenn tikè pou al reprezante depatman lwès la, nan final nasyonal la, kap dewoule nan dat 17 desanm kap vini an. Agrikilti, konstriksyon, endistri, se kèk pami sektè kote ganyan sa yo soti. Pou Brian Gonzales, direktè resous zimèn Konpayi a, inisyativ sa a gen anpil enpòtans pou peyi a, paske, daprè li lap bay yon opinyon favorab sou travay antreprenè ayisyen yo.

Sou bò pa yo, kèk pami ganyan yo fè konnen se avèk anpil satisfaksyon yo resevwa twofe 4èm edisyon “Digicel entrepreneurs de l’annee’’a pou depatman lwès la. Yo deklare se kalite pwodui ak sèvis yo ofri yo ak detèminasyon yo mete nan jan yap ofri l la, ki ba yo posibilite reprezante depatman an nan final nasyonal la.

Vizit Jean-Claude Jacq (Alliance française) an Ayiti

Sekretè jeneral Fondation Alliance française Paris, Jean-Claude Jacq, te reyalize yon vizit 3 jou an Ayiti ki fini jounen jedi a. M. Jacq fè konnen li te prezan nan peyi a pou l’ te gade kòman rezo alyans fransèz ki tabli nan plizyè vil an Ayiti ap fonksyone epi pou l’ wè ki asistans yo nesesite. Jean-Claude Jacq presize « Alliance française » se pi gwo rezo ki egziste nan mond lan. Li di li prezan nan 136 peyi epi akeyi plis pase 500 mil etidyan nan lang fransè. Responsab la ajoute rezo alyans fransèz yo se yon espas fòmasyon ak echanj ant kilti peyi kote alyans yo tabli a ak kilti fransèz la.

Envite : Pastè Jean Chavannes Jeune, lidè pati politik ACCRAH a kap pale sou konjonkti politik la ak konpotman aktè politik yo ki ka debouche sou afrontman apati ane pwochen. Daprè pastè Jean Chavannes Jeune li posib pou se eleksyon jeneral ki òganize nan peyi a apati 2015.

Paj Deklarasyon.

Yon gwoup militan Tèt Kale pase nan radyo kiskeya pou denonse zak maspinaj yo di yo sibi anba men ajan sekirite meri Delma pandan yo ta l patisipe nan dezyèm edisyon pwogram gouvènman an lakay ou nan palè minispal lajounen samdi. Militan sa yo kritike majistra delma a Wilson Jeudy kap fè popilasyon an monte le syèl pa. Yo mande prezidan Martelly revoke majistra Jeudy nan tèt meri a si li vle yo kontinye sipòte pouvwa l la.