> Kreyòl > AKTYALITE 11 OKTOB 2013

AKTYALITE 11 OKTOB 2013

AKTYALITE 11 OKTOB 2013

DENYE NOUVEL

Publié le samedi 12 octobre 2013

vandredi 11 oktòb 2013
Dosye Kabinè enstrisyon.

Jij enstriksyon Jean Wilner Morin tande Direktè General Radio Tele Kiskeya jounalis. Marvel Dandin nan kad plent ki depoze nan tribinal la kont sekirite prezidan an ki te frape jounalis Rodrigue Lalanne. Pandan odisyon an Marvel Dandin te gen avèl avoka Radio Tele Kiskeya a mèt Samuel Madistin.

Apre enstriksyon an ki te dire anviwon 1èd tan, mèt Samuel Madistin swete pou enstwiksyon an rive jiska nan bout li. Avoka dil espere jij Jean Wilner Morin ap tande tout moun ki dwe tande nan dosye sa a.

Direktè General Radio Tele Kiskeya Marvel Dandin, di li esplike jij enstrisyon an motif plent lan. Pou DG Radio Tele Kiskeya ya jounalis Marvel Dandin sak rive jounalis Rodrigue Lalanne nan konsene tout koporasyon an, pou li se yon aksyon ki pou defann tout jounalis. Li swete yo sanksyone tout moun ki koupab yo, pou zak say o pa repete ankò.

Pakè

Chèf pakè Pòtoprens lan mèt Francisco René, deklare Ernso Dormervil ( 28 Mars 1965) ki gen 48 lane sou tèt li yo te kenbe ak ti jèn 14 lane a, akize pou vyòl selon la lwa. Nan yon entèvyou li bay nan biwol komisè gouvènman an Pòtoprens lan fè konnen dosye a deja transfere nan kabinè enstriksyon pou swit legal yo. Komisè gouvènman an deklare enfòmasyon li jwenn fè konnen se akize a, ki loje fanmi ti fi a. Li presize tout dipozisyon pou pran anchaj medikal ak psikolojik tifi a.

Yon lòt kote komisè gouvènman an mèt Francisco René swete tout moun kap fè piblikasyon foto tifi 14 lane a sou rezo sosyo, sispann. Selon komisè a, piblikasyon foto yo sou rezo sosyo kapab gen gwo konsekans sou avni ti adolesant an. Chèf pakè a anonse li pral travay nan tèt kole ak BPM, ministè afè sosyal, byenèt sosyal, ak tout antite konsene yo pou wè kòman yo kapab monte yon komite swivi pwoteksyon minè.

Politik

Pou Dezyèm senatè Sidès la, Wencesclass Lambert, konsidere egzijans depite ameriken yo fè bò kote gouvènman peyi yo a pou fòse prezidan Martelly òganize eleksyon pou renouvle tyè sena ak kolektivite teritoryal yo, kòm yon rapèl. Selon palmantè a chèf leta a konstitisyon an bay pouvwa pou asire bònn mach enstitisyon yo gen obligasyon pou òganize eleksyon nan peyi a.Konsènan volonte prezidan Michel Martelly ta genyen pou kraze palman an apre dezyèm lendi janvye 2014, senatè Lambert presize selon atik 85 lwa elektoral 2008 la manda l ap fini dezyèm lendi janvye 2015 paske senatè yo eli pou 6 zan jan konstitisyon an prevwa l la

Yon lòt pa, dezyèm senatè Sidès la, Wencesclass Lambert deklare selon atik 110 règleman enteryè sena a minis finans lan pa gen okenn obligasyon pou l vinn depoze yon lòt bidjè devan palman an apre asanble a te finn rejtè rapò komisyon ki tap travay sou pwojè lwa finans la. Dapre palmantè a, prezidan komisyon ekonomi ak finans sena a, Jocelerme Privert dwe rekòmanse analize bidjè a pou prezante yon lòt rapò devan asanble senatè yo.Prezidan komisyon afè etranjè sena a deklare se nan erè kòlèg li yo plonje popilasyon an lè yap kleronnen chak jou yo rejte bidjè a

Depite Petyonvil la, Fredly Georges denonse yon plan li di kap manniganse nan komin nan pou ansasine l. selon palmantè a moun ki soti pou asasine l yo deja òganize 2 reyinyon pou yo kapab rive atenn objektif yo. Prezidan komisyon defans nan chanm depite a anonse li pral pote plent nan pakè Pòtoprens kont X nan kad dosye sa a

Youn nan avoka ki depoze plent kont Loni devan lajistis federal ameriken pou dedomaje viktim kolera yo, Me André Michel fè konnen yap kontinye batay pou viktim kolera yo jwenn jistis. Nan yon entèviou li bay Radio Kiskeya jounen Vandredi a Me Michel souligne 2 pwoblèm yap konfwonte nan dosye sa a tankou lopital yo ki derefize bay viktim yo sètifika medikal.

Sante

Sou inisyativ biwo senatè, Francisco De la Cruz yon medsen ak yon kwizinye ayisyen pral pran fòmasyon nan peyi Itali pou yo kapab swanye moun kap soufri ak maladi sik. Selon doktè De la Cruz desizyon sa a antre nan kad demach li te kòmanse depi ane pase a pou ede moun kap soufri anba maladi sa a jwenn solisyon. Palmantè OPL la fè konnen lap kontinye mennen batay la pou evite twòp moun viktim anba maladi sik nan peyi a. Jèn medsen an ak kwizinye a ap kite peyi a jounen vandredi a pou ale an Italie

Dlo

Direktè jeneral DINEPA, Lionel Joseph Duvalssaint fè konnen enstitisyon ap travay pou ogmante kantite dlo yap bay popilasyon ki déjà pase de 50 pousan a 70 pousan. Nan konferans primati a fè chak jou, mesye Duvalssaint pale de travay asenisman yap fè nan distribisyon dlo ak twalèt ki respekte règ lijyèn yo . Li rapousuiv pou di gen plizyè ponp ki disponib pou sèvi popilasyon an. Direktè DINEPA fè konnen, abone yo peye kontè dlo a pati de kantite dlo yo konsome.

DINEPA dwe EDH 91 milyon goud soti 2011 rive 2012. Direktè DINEPA ki di li pare poul peye EDH lajan sa a paske gen 2milyon dola ameriken ki disponib pou sa a ,li mande pou direktè EDH la revise tarif ki aplike pou DINEPA ki trò wo. Li fè konnen tou menm jan DINEPA dwe EDH se konsa EDH dwe DINEPA tou 2 milyon goud pou rejyon metropilitèn nan.

OPC

Ofis Pwoteksyon Sitwayen ( OPC), klotire yon seminè 5 jou ki te fèt pou 20 ajan ak asistan ki pral gen pou misyon fè fòmasyon sou kesyon dwa ak devwa moun pou divès elèv lekòl atravè 10 depataman peyi a.

Nan okazyon an, reprezantan inyon nasyon sid ameriken yo UNASUR , Rodolfo Matarolo fè ofis pwoteksyon sitwayen kado plizyè materyèl tankou delko, laptop, ak kèk lòt materyèl sonò daprè anbasadè UNASUR la ki pral fasilite 20 ajan sa yo sansibilize elèv yo sou respè dwa moun.

AHECS mete yon òganizasyon etidyan latino ameriken okouran de desizyon enjis kou konstitisyonèl dominikèn nan

Asosyasyon ayisyèn etidyan an kominikasyon sosyal (AHECS) antreprann yon demach bò kote tout òganizasyon etidyan an kominikasyon sosyal ki nan rezo amerik latin nan pou atire atansyon yo sou desizyon kou konstitisyonèl repiblik dominikèn
Kowòdonatè jeneral adjwen AHECS la, Jean Daniel Sénat, presize nan sans sa a òganizasyon an voye yon lèt bay Federasyon latino amerikèn etidyan an kominikasyon sosyal (FELAECS) pou afiche pozisyon AHECS sou kesyon an epi pou mande FELAECS fè suivi dosye a bò kote asosyasyon etidyan dominiken ki nan òganizasyon an sou sa. Nan yon entèvyou li bay radyo kiskeya jounen vandredi a, kowòdonatè adjwen AHECS la mete aksan sou konsekans desizyon kou konstitisyonèl dominiken an kapab genyen sou Ayiti pandan l’ konsidere l’ kòm yon demach ki pa jis epi ki
Anplwaye ladwan yo mande liberasyon 2 kolaboratè yo

Anplwaye ladwan yo mande liberasyon 2 kolaboratè yo

Yon mouvman pwotestasyon deklanche nan biwo administrasyon jeneral ladwan Pòtoprens aprè midi vandredi a kont arestasyon 2 anplwaye ki gen yon ventèn lane depi y’ap bay sèvis yo nan ladwan, selon pwotestatè yo. Pòt pawòl asosyasyon dwanye ayisyen yo (ADH), Mickelson Nelson, nan yon entèvyou li bay radyo kiskeya ki te sou plas, akize direktè jeneral la, Fresnel Jean-Baptiste ki ta mande lajistis mete 2 kolaboratè yo, chèf sèvis Harold Guillaume ak Hérald Préval ki se chèf divizyon anba Pwotestatè yo ki te bloke fonksyonman biwo a menase pou yo kontinye mobilize toutotan kamarad ki nan men lajistis yo pa libere. M. Nelson di li pa konprann kòman fè direktè jeneral la li di ki komèt anpil zak koripsyon pa anba kòd epi se 2 anplwaye onèt ki bay tout enèji yo nan sèvis ladwan ki nan prizon.

Byenta nan aprè midi DG AGD a, Fresnel Jean-Baptiste ki te rete nan biwo l’ pandan mouvman pwotestasyon an te sanble rele lapolis pou akonpanye l’ kite lokal enstitisyon an. Plizyè inite nan PNH la ak yon reprezantan MINUSTAH te rive sou plas epi pran tout dispozisyon sekirite pou soti ak DG la ak plizyè lòt fonksyonè ki te yo menm tout rete nan biwo yo.

Fonds-Parisien/Lac AZUEI/menas

Lak Azuei ki pa sispann pran dimansyon ak netwayaj ki pa janm fèt nan rivyè Lastik, reprezante gwo danje pou moun kap viv nan Fonparizyen, 3èm seksyon kominal Ganthier. Yon sitiyasyon ki lage gwo tèt chaje nan mitan popilasyon an ak divès òganizasyon ki fè pati komisyon binasyonal fwontyè solidè kap lite pou dwa moun respekte nan zòn fwontyè a. Diferan moun ki mobilize yo mande otorite yo aji prese prese pou katastwòf ki te rive Mapou ak Fonds-Verettes nan lanne 2004 la pa repete nan Fonds-Parisien.

Ministè sante piblik /Jounen mondyal Lavage des mains

Ministè sante piblik lanse jounen vandredi a aktivite selebrasyon jounen mondyal lave men kap tonbe nan dat 15 oktòb la. Seremoni lansman sa a Ministè a òganize nan tèt kole ak UNICEF, OPS-OMS te okazyon pou ,DG minsitè a Doktè Guirlène Raymond Charite ak patnè minsitè a mete aksan sou enpòtans egzèsis lave men an, ki selon yo kapab pote anpil pwogrè nan sosyete a.

Leta ayisyen kontinye likide byen konpayi telefòn mobil HAITEL yo. Nan sans sa a DGI anonse yon operasyon vant ozanchè pou 16 oktòb kap vini an kay note Jean Céant kap konsène 8 byen ki se tè ak kay ki konpayi a ki twouve yo nan zòn metwopolitèn nan. Nan yon rankont ak laprès jounen vandredi a nan nan lokal DGI a, DG enstitisyon an, Jean Baptiste Clarck Neptune fè konnen yap chache jwenn tit pwopriyete pou lòt byen HAITEL yo nan lide pou yo kontinye fè menm operasyon an. Mesye Neptune raple se pa DGI ki te deside foure kòl nan dosye a men se anplwaye yo ak lòt aksyonè yo ki te mande DGI pou l entèvni nan dosye a pou frennen briganday ki te genyen nan konpayi HAITEL. Alatèt DGI a deklare seri de konferans sa yo sou dosye a montre aklè kòman leta ap jere zafè sa a nan transparans.

Michel Presumé ki se ansyen direktè TELECO nan peryòd 2006-2010 ki tap patisipe nan konferans la, raple konpayi li tap dirije a te retire otorizasyon li te bay HAITEL pou l te itilize frekans li yo depi nan lane 2008 akòz li pat respekte angajman li te pran yo anvè TELECO . Mesye Présumé ajoute depi apre desizyon sa a konpayi telefòn mobil HAITEL tap fonksyone andeyò la lwa akoz feblès leta a ki pat pran dispozisyon pou te fèmen konpayi a.

Sou bò pa l, direktè jeneral CONATEL la, Jean Mary Guillaume deklare òganism sa a ki la pou kontwole sektè telekominikasyon an nan peyi a déjà rekipere frekans HAITEL tap itilize yo.

ENVITE : Kerlens Tilus, pwofesè Inivèsite Otawa Kanada, chèchè nan ekonomi enfòmasyon ak lakonesans ak devlopman dirab, manm kolektif Solidarite ak viktim kolera yo, nan okazyon 3ème anivèsè depi solda Nepalè te entwodwi bakteri kolera nan peyi a. Ak pwofesè Tilus kap viv Kanada nan fè bilan aksyon ki mennen pou viktim yo jwenn jistis ak reparasyon nan men Nasyon zini. Pwofesè Kerlens Tilus nan mikwo Eddy-Jackson Alexis

PAJ KORESPONDAN

Ferye/ lavant

Plantè nan Bamaribawo, lokalite premye seksyon kominal Ferye, menase leve kanpe pou mete fren nan lavant tè kap fèt kou pate cho nan rejyon an. Yo fè konnen leta ayisyen gentan achte 200 kawo tè nan rejyon an.

PAJ DEKLARASYON

Abi pouvwa

Radyo Kiskeya resevwa jounen vandredi a madam Maria Célestin, yon kontraktyèl nan ministè enteryè, ki denonse revokasyon ilegal li di li yon manm kabinè minis enteryè a, Raoul Kessa, ba li. Selon madam Célestin se ta poutèt li pat reponn avans li di mesye Kessa tap fè l. Madam Célestin, ki fè konnen li gen twa pitit san papa, mande pou prezidan Martelly mete bouch nan koze a pou fè l jwenn lajan l.

Enpinite

Mackenson Pierre denonse liberasyon li di Yolette Duverger jwenn nan komisarya Delma apre li te fin plen ak chaplèt konkibin li, Elina Désir, yon ti machann anbilan. Li swete plent li a rive nan zòrèy komisè gouvènman an Franscico René.

Konfli teryen

Raymond Elie, ki soti twazyèm seksyon kominal Machan Desalin, denonse jij depè tribinal depè Asnel Séjour, li di ki mete yon gwoup nèg ame pou touye l pou yon tè li menm ak 2 lòt frèl yo eritye. Nan yon deklarasyon, li fè konnen se nan mawon li menm ak tout fanmi l ye, li paka rantre Machan Desalin poutèt sa.

vandredi 11 oktòb 2013