> Kreyòl > AKTYALITE 10 OKTOB

NOUVEL KI PASE SOU RADYO KISKEYA

AKTYALITE 10 OKTOB

NOUVEL JOUNEN YAN

Publié le vendredi 11 octobre 2013

5 manm nan yon sèl fanmi mouri (4 timoun ak manman yo), pandan gwo lapli ki tonbe sou kapital lannwit mèkredi a, nan komin Tabarre. Moun sa yo viktim apre yon miray konpayi Granulex kap eksplwate sab nan Rivyè Griz la, te tonbe sou kay kote manman sa a, ak 4 timoun li yo epi papa yo te rete denpi apre tranblemantè 12 janvye 2010 la. Papa timoun sa yo ki blese gravman grav kote ren li ta bloke, ap pran swen nan lopital jeneral.

Ajan egzekitif enterimè komin Tabarre la, Marie Gerald Zamor Lemite, fè konnen li pral pran tout dispozisyon pou anpeche moun kontinye konstrui kay bò rivyè griz la, pou sitiyasyon sa pa repete ankò.Chèf meri Tabarre la, deklare konpayi Granulex deja pran dispozisyon pou fè antèman viktim yo. Sepandan jisbò 2zè apremidi jedi a, fanmi mviktim yo potko konnen ki kote kò ye epi ki moun ki leve yo.

Yon gwoup moun ki idantifye tèt yo kòm anplwaye yo revoke nan meri Tabarre kritike gesyon ekip ki nan tèt meri a, pou gaspiyaj yap fè nan lajan komin an.Moun sa yo ki di yap mache ak administrasyon ki te anvan an,bay prezidan Martelly jiska 30 oktòb, pou retouten ak ekip ajan egzekitif enterimè, yo di minis enteryè a, David Bazile ak delegue depatmantal lwès Gonzague Day te revoke, anabsans chèf leta a. Si prezidan an pa bay o satisfaksyon yap koupe fache ak rejim Tetkale Martelly/Lamothe la.Dapre Frantz Saint Vil pòt anplwaye revoke meri Tabarre

Lapolis arete jounen jedi a, Ernso Dormevil yon mekanisyen 48 lane aprè yo siprann li nan plen aksyon seksyèl ak yon timoun 14 lane nan machinn li bò rezevwa boudon pandan yon pil timoun ki soti lekòl tap pase nan zon sa selon enfòmasyon enpektè Garry Desrosier ba nou. Pòt pawòl annapre lapolis la,selon li gen yon ankèt lapolis louvri sou eskanda lsa pou konnen si wi ou non se yon vyòl ou pa. Mesye Desrosier pat ka ba nou tròp presizyon sou zafe sa poun ta konnen eske se premye fwa yo rankontre oubyen si yon konn lòt. Jij de pè, komisè gouvènman te prezan pou fè konsta nan zòn aksyon an tap pase aMen nou konnen selon nòm entenasyonal yo se yon zak pedofili sa vle di gran moun kap pedi ti moun SE YON KRIM kidonk fok lajistis pouswiv mouche ya epi fok yo pran swen ti moun nan pou yo byen ankadrel

Yon nonm tout moun konnen yo rele Gwo Jojo mouri nan tire lobe kout zam ak lapolis jounen jedi10 oktob la nan matisan 23 selon pòt pawòl annapre lapolis nasyonal la enspektè Garry Desrosier ki di se ta yon bandi sevis lapolis konnen trebyen nan zòn nan. Enspektè Desrosier fè konnen prezime bandi sa a ki tonbe a te konn bay anpil pwoblem nan zòn a travè yon gang li ta ap opere ladanl. Li fè konnen pou kounye zòn nan kalm aprè operasyon an men pa gen arestasyon ki fèt

Se 2 avoka ki se manm bawo Pòtoprens Me Bernéus ak Me Bertho ki reprezante 3 miltan opozisyon nan Nò yo pakè Kap Ayisyen te konvoke maten jedi a nan kad dosye lanmò yon sitwayen apre manifestasyon 30 septanm ki sot pase a nan 2èm vil peyi a. Selon alatèt Inisyativ sitwayèn nan, Saul Gauthier ki pale ak Radio Kiskeya nan mitan jounen an jedi ya, konvokasyon sa a antre nan kad pèsekisyon politik pouvwa an plas la kap chèche fèmen bouch manm opozisyon yo. Li presize te gen plizyè dizèn manm opozisyon an ki te kanpe devan pakè Okap la pou pote solidarite yo bay 3 militan politik sa yo. Saul Gauthier anonse 17 oktòb kap vini la a, yap manifeste nan vil la pou make premye anivèsè demaraj mobilizasyon kont pouvwa anplas la ak kreyasyon MOPOD 17 oktòb ane pase.

Kòdonatè komite pilotaj mouvman patriotik opozisyon demokratik la, agwonòm Jean André Victor denonse kovakasyon 3 militan sa yo nan rejyon Nò a li konsidere kòm pèsekisyon politik. Alatèt PLH la di li sezi tande lajistis konvoke 3 mesye yo poutèt yon moun ki mouri apre yon aksidan machin ki pa gen anyen pou wè a manifestasyon opozisyon an te òganize pou make 22èm anivèsè koudeta 30 septanm 1991 la. Dirijan politik la deklare jan de pèsekisyon sa yo ap frajilize demokrasi a plis toujou epi lap gen gwo konsekans negatif sou peyi a.Kòdonatè komite pilotaj mouvman patriotik opozisyon demokratik la, agwonòm Jean André Victor fè dekalrasyon sa yo nan kad patisipasyon l jounen jedi a nan yon atelye travay ant la BID ak Sosyete sivLi nan Hotel Karibe la sou efikasite èd extèn yo

Yon lòt pa agwonòm Jean André Victor kritike mezi CONATEL pran pou fèmen pòt plizyè Radio kominotè nan vil pwovens yo li estime ki pa anrèg avèk li. Responsab MOPOD la konsidere desizyon sa a kòm yon mezi sispèk. Li fè konnen desizyon sa a ki pran nan moman gen plizyè kriz ki menase peyi a vini nan lide pou mete baboukèt nan bouch laprès epi pou anpeche popilasyon an eksprime li avan eleksyon yo. Dirijan PLH/MOPOD la renouvle modòd MOPOD la ki mande chèf leta kite pouvwa a si l pa òganize eleksyon yo nan finisman ane 2013 la.
.
Palman :

Prezidan komisyon jistis ak sekirite sena a,senatè Pierre Franky Exius deklare desizyon prezidan CSPJ a, Me Anel Alexis Joseph pran pou klase san swit ankèt ki tap mennen sou lanmò jij Jean Serge Joseph la montre li pa respekte lavi jij yo nan sistèm jidisyè a. Selon dezyèm senatè Sid Me Anel Alexis Joseph pa ran popuvwa a okenn sèvis lè li pran desizyon sa a.senatè Pierre Franky Exius kontinye denonse prezans Anel Alexis Joseph nan sistèm jidisyè a. Palmantè a mande prezidan Martelly revoke Me Joseph nan tèt CSPJ a jan rezolisyon sena repiblik la egzije l la.

Reprezantan sikonskripsyon Bonbadopolis ak Bèdeyènn nan chanm depite a,depite Dorgil Jusclaire fè konnen prezidan CSPJ a te dwe kite ankèt sou lanmò jij Jean Serge Joseph la abouti pou te pèmèt limyè fèt sou dosye a. Palmantè OPL la deklare desizyon sa a Me Anel Alexis Joseph pran an toujou kite tout dout ki genyen nan sosyete sou patisipasyon prezidan Michel Martelly, premye minis Laurent Lamothe ak minis jistis la Me Jean Renel Sanon nan rankont ak jij la sou dosye lap trete.Dorgil Jusclaire swete gen plis serenite ant manm CSPJ a pou l kapab reponn ak misyon l jan la lwa prevwa l la.

Yon lòt pa, depite Bonbadopolis ak Bèdeyènn nan, Dorgil Jusclaire salye inisyativ yon gwoup avoka pran pou al pote plent devan tribinal federal kont L’ONU pou l kapab dedomaje viktim kolera yo nan peyi a.Dapre depite OPL la se leta ayisyen ki te dwe pran desizyon sa a pout e fòse L’ONU pran responsabilite nan dosye kolera a paske tout ankèt montre se sòlda nepalè ki nan MINUSTAH a ki pote epidemi an Ayiti. Dorgil Jusclaire deklare wout dosye a pran jounen Jodi a nasyon zini twouve l nan obligasyon pou l repare ak dedomaje kantite moun ki viktim anba maladi a.

Prezidan blòk palmantè pou ekilib politik nan chanm depite a (PEP) ,depite Pierre Matin Tatoute mande tout ayisyèn nan pote kole ak gwoup avoka ki pran inisyativ sa a pou fòse L’ONU a pran responsabilite l fas ak viktim epidemi kolera a. Reprezantan sikonskripsyon Chansolme/ Bassin Bleu a swete gouvènman ayisyen an akonpaye viktim, pandan l salye deklarasyon premye minis Laurent Lamothe te fè sou tribin nasyon zini lè l te mande L’ONU rekonèt li gen yon obligasyon moral devan viktim kolera a. Palmantè mande gwoup avoka yo pa dekouraje nan batay la, malgre deklarasyon sekretè jeneral L’ONU a Bann Ki- Moon te fè kòm kwa òganizasyon an pap dedomaje viktim kolera yo.

Jounen 10 oktòb se jounen momdyal moun ki amlad nan Je. Nan okazyon sa a, Sosyete Ayisyèn kap ede avèg yo (SHAA)òganize yon jounen sansibilizasyon, pou montre tout dwe konsilte yon oftalmològ pou kapab konnen nan eta je yo ye.Dapre deklarasyon doktè Michel Péan ak Valery Blot 80% moun ki malad nan je kapab jwenn guerizon. Selon doktè Michel Péan gen 80 mil malvwayan nan tout peyi a.

Direksyon pwoteksyon sivil ak biwo sekretè deta moun andikape yo, nan tèt kole ak ministè enteryè ,nan okazyon jounen entènasyonal prevensyon katastwòf yo anonse yon kanpay sansibilizasyon atravè medya yo pou pwomosyon respè dwa moun andikape yo. Nan yon konferans pou laprès jounen jedi a, direktris pwoteksyon sivil la, Altha Jean-Baptiste ak sekretè deta moun andikape yo, Gérad Oriol fè konenn gen anviron 1milyon moun andikape atravè tout peyi a.Nan sans sa a DPC ak plizyè ONG tabli yon patenarya pou fasilite entegrasyon moun andikape yo nan sosyete a daprè madam Altha Jean Baptiste.

A la tèt OPC , Florence Elie kontinye kritike fason prizonye yo ap viv nan prizon sivil yo nan peyi a. Madam Elie fè konnen kantite moun kap ògmante nan prizon yo bay anpil tèt chaje lèl konsidere yo pa janm pase devan jij natirèl yo. Li kwè problem sa yo chita sou yon systèm penal représif san konte pa gen ase jij ak komisè pou trete dosye yo. A la tèt OPC a, di li nesesè pou la polis ak lajistis bay plis enpotans ak gWo bandi yo olye yo rete konsantre sèlman sou sal rele ti bandi. OPC kwè system sa pap mennen sou wout progrè ak devlopman.

Madam ELie te reponn kesyon sou diferan pwen tankou zafè kolera nan penitansye, dosye kolaboratè nou Rodrigue Lalanne jij Wilner Morin tande jounen jedi a, ak desizyon kou konstitisyonèl dominikèn pran pou retire nasyonalite plizyè jenerasyon dominiken dorijin ayisyen. Li fè konnen, responsab prizon an pa anonsel ankenn ka kolera, li di yon sèl prizon ki gen kolera se prizon okap la, paske la kwa rouj ap fè anpil jefò nan sans sa a. Pou afè Rodrigue Lalanne nan li di li kite lajistis ap fè chemel. .

Direktè jeneral EDH la Jean Errol Morose prezante pespektiv li nan tèt enstitisyon an. Nan yon konferans pou laprès jounen jedi a, nan lokal primati, direktè jeneral EDH la, pale de amelyorasyon gouvènans, regilarizasyon sektè elektrik lan, redresman finasye EDH, ogmantasyon aksè nan sèvis yo, amelyorasyon kalite ak fiabilite sèvis. Mesye Jn Errol Morose esplike sans privatizasyon EDH la, ki pou li menm se yon jesyon rasyonèl resous imèn ak materyèl enstitisyon an.

Direktè jeneral EDH la Jean Errol Morose presize gen 224 mil 152 kliyan ki konekte sou rezo EDH la , epi 101mil 363 klian ki dekonekte sou rezo a. Li montre gwo defisi ki genyen pou EDH rantre lajan. Pi lwen Direktè elektrisite Dayiti a anonse genEDH preske 3 milya goud, ladanl’ ministè yo dwe anviwon 108 milyon goud , gen anpil toudispozisyon kap pran pou entwodwi kontè prepeye nan systèm nan kote moun kapab achte kouran menm jan ak kat telefòn. responsab enstitsyon an souliye kliyan yo dwe

Konsèy konsiltatif sosyete sivil la (CONSOC) kap kolabore ak Bank entèamerikèn pou devlopman BID, reyalize jounen jedi a nan Hotel Karibe, yon ateleye trvay sou efikasite èd Ayiti ap resevwa nan men patnè l yo patikilyèman BID. Aktivite sa a ki regwoupe plizyè manm sosyete sivil ak reprezantan lòt bayè de fon, se okazyon pou patispan yo brase lide sou sa ki anpeche peyi a fè plis pwogrè malgre pil ak pakèt asistans lap resevwa nan men kominote entènasyonal la dapre pwofesè Rosny Desroches ki se kòdonatè CONSOC. Li deklare gen anpil obstak ki anpeche èd yo bay bon jan rezilta tankou mank kowòdinasyon ant ajans koperasyon yo ak ministè yo epi gen anpil pwoblèm pwosedi ki poze tou

Sou bò pa l, chèf operasyon BID an Ayiti a, Gilles Damais bat bravo pou inisyativ sa a kap pèmèt enstitisyon finansyè sa a pale sou travay lap fè nan peyi a. Mesye Gilles fè konnen koperasyon ant la BID ak Ayiti ranfòse depi apre katastwòf 12 janvye 2010 la kote enstitisyon finansyè sa a depanse chak ane 200 milyon dola ameriken nan plizyè domèn. Li site kòm egzanp sektè edikatif la, agrikilti, enfrastrikti woutyè ak enèji. Pou kounye BID ap finanse yon senkantèn pwojè toupatou nan peyi a nan domèn sa yo. pwoblèm ki genyen nan administrasyon piblik la pou jere tout resous leta ap resevwa apre katastwòf 2010 la, se pi gwo difikilte ki anpeche èd BID yo efikas tout bon vre dapre chèf operasyon li genyen an Ayiti a, Gilles Damais

Envite : Méus Edner kòdonatè ATKAIDO kap pale de rankont sektè enfòmèl la, reprezantan bizisman PME yo sou rankont yo te genyen vandredi ak prezidan Martelly nan palè nasyonal sou kesyon kredi ak taks ladwan. Rankont lan te dewoule anprezans plizyè pèsonalite pami yo minis finans, minis kondisyon fanm nan, sekretè refòm fiskal la, gouvènè bank santral la, direktè jeneral dwan ak ONA. Méus Edner te reponn kesyon Eddy-Jackson Alexis

PAJ KORESPONDAN

Okay – Grèv

Anplwaye meri Okay kanpe travay depi 3 semèn pou pwoteste kont move tretman yo di prezidant komisyon an. Béatrice Osilier, genyen vizadi yo. Grevis yo mande pou ministè enteryè pran dispozisyon pou mete yon lòt komisyon kominal nan tèt meri a. Nap raple se 14 out pase a li enstale.

Sen Rafayèl – Idantifikasyon

Moun nan diferan komin nan depatman Nò ak Nòdès, tankou Laviktwa ak Sen Rafayèl, gen anpil difikilte pou fè kat idantifikasyon nasyonal akòz batistè yo pa genyen. Jèn ki fenk gen 18 tan pa ka fè kat elektoral.

Ansagalè – Deklarasyon

Reveran pè Dieudonné Jean Marceau, kire pawa Sen Isidor nan Ansagalè, kritike otorite santral la li di ki abandone moun Lagonav. Li pwofite lanse yon pinga bay pwochen kandida yo li di ki nan kanpay elektoral yo ap vin mande moun sou zile a al vote.

Menas

Aldéus Walter ak Sadrac Cossy, 2 dirijan platfòm Federation des organizations de masse pour l’émergence sociale des haïtiens (FOMESHO) denonse menas ak kou yo di manm yo ap pran anba men moun ki di yo se patizan Jude Pierre Edouard, ajan egzekitif meri kafou ak depite sikonskripsyon an, Elie Blaise. Mesye yo declare kèlkeswa sa ki rive yo sou responsablite Jude Pierre Edouard, ajan egzekitif meri kafou a ak depite Elie Blaise

)

)

)

)

)

)

)

.

.

.

.

.

.

)

.

)