> Kreyòl > Aktyalite jounen 9 oktob

Men pi gwo enfomasyon jounen an

Aktyalite jounen 9 oktob

Tout nouvel ak deklarasyon ki pase sou antenn Radyo Kiskeya pou jodia

Publié le mercredi 9 octobre 2013

Fakilte medsin nan inivèsite Notre Dame Dayiti, òganize jounen mèkredi a nan lokal li nan Pako, yon konferans deba sou desizyon lakou konstitisyonè Repiblik Dominikèn pran pou wete nasyonalite plizyè sentèn milye Dominiken dorijin ayisyèn an repiblik Dominikèn.

Ansyen anbasadè peyi Dayiti nan peyi Repiplik Dominikèn, Guy Alexandre ak ansyen minis ayisyen kap viv aletranje yo, Edwin Paraison te 2 prensipal entèvenan yo.

Nan entèvansyon l, Guy Alexandre fè konnen lakou konstitisyonèl dominiken riske lèl pran yon parèy desizyon daprè li ki kapab fatal pou yo, lè yo konsidere desizyon sa a ki pa kadre ak lwa sou migrasyon.

Diplomat la soulinye avèk nivo sivilizasyon an jounen jodi a, pa genyen okenn peyi sou latè kap aksepte yon parèy desizyon.

Sou bò pal, ansyen minis ayisyen kap viv lòt bò yo, Edwin Paraison estime gen yon pa enpòtan ki fèt sou dosye sa a paske prezidan Danilo Medina deklare li regrèt desizyon lakou konstitisyonèl pran an.

Yon desizyon daprè li ki kapab lage gwo latroublay nan mitan de peyi yo e ki riske fatal pou ekonomi Repiblik Dominikèn ki gen peyi dayiti kòm pwovens ekonomik

.Prezidan , Michel Joseph Martelly rankontre jounen madi 8 oktòik la ak dirijan konbit travayè peyizan pou libere Ayiti yo (KONTRAPEPLA) nan kad dyalòg lap fè ak responsab pati politik yo sou kriz elektoral la. Kòdonatè pati a, senatè Jean William Jeanty fè konnen pandan rankont sa a chèf leta a eksprime preokipasyon l genyen sou kesyon òganizasyon eleksyon yo, li kwè pi bon fason pou rezoud pwoblèm sa a se yon dyalòg fran ki pou angaje ant tout aktè ki konsène pou pèmèt eleksyon yo rive fèt nan peyi a. Kòdonatè KONTRAPEPLA di direktwa pati a salye inisyativ mesye Martelly pran pou dyaloge ak klas politik la sou kesyon eleksyon yo, men yo kwè reyalizasyon eleksyon yo pap rezoud kriz konjonktirèl ak estriktirèl peyi a. Dezyèm senatè Nip lan ankouraje chèf leta a kontinye dyaloge ak tout sektè nan lavi nasyonal la pou mete soupye yon gouvènman Sali piblik kap gen nan tèt li yon pèsonalite sosyete a fè konfyans kap evite peyi a plonje nan plis kriz

Koripsyon ap taye banda nan misyon nasyonzini toupatou nan mond lan

Fondation héritage prezante jounen mèkredi a yon rapò 72 paj biwo transparency entenasyonal Royaume Uni pwodui sou pwoblematik koripsyon nan misyon mentyen lapè nasyonzini yo nan diferan peyi nan mond lan. Selon rapò sa a, gen yon nivo koripsyon trè wo k’ap devlope nan misyon nasyonzini yo toupatou, yon koripsyon ki chita sou konfli, gaspiyaj elatriye, daprè eksplikasyon prezidan fondation héritage la, Marilyn B. Allien nan yon konferans pou laprès I.

Minis defans la, Jean Rodolph Joasile deklare 41 jèn teknisyen ak enjenyè-militè kap fè staj nan Tirivyè Latibonit apre fòmasyon yo nan peyi Ekwatè, se kòmansman pwosesis pou mete anplas yon fòs defan sivil ki pral travay pou siveye fwontyè yo epi asire sekirite popilasyon an. Minis Joasile kwè peyi a gen nesesite yon fòs defans sivil kap la pou pote popilasyon an sekou nan moman katastwòf natirèl. Alatèt ministè defans la fè konnen lap elabore yon plan kap etann sou 3 zan pou mizanplas nouvèl fòs sa a paske pou kounye a peyi a pa gen ase mwayen pou mete kanpe yon fòs lame nan tout dimansyon l ak tout konpozant yo. Li ajoute pou kounye a 41 jèn teknisyen yo ap travay nan tèt kole ak kontenjan Ekwatoryen an nan konstriksyon wout ak lekòl nan zòn Tirivyè Latibonit. Minis la presize Jèn sa yo pa gen zam kouneya epise anplwaye ministè ladefans yap ye

Yon lòt pa, minis defans la fè konnen gen divès travay li deja antreprann nan ministè a pou ranfòse kapasite l gras ak kolaborasyon kèk ekspè ki te ba li bourad yo. Li presize lap kontinye chèche koperasyon ak lòt peyi a zanmi Ayiti yo ki deja pare pou fòme jèn tankou Brezil kap gen pou siyen yon akò ak Ayiti pou fòme mil 500 jèn nan kad mizanplas fòs defans sivil la. Minis defans la ajoute li deja peye militè demobilize yo.

Prezidan komisyon travo piblik la nan sena a, senate Jean William Jeanty deklare desizyon KONATEL pran pou anpeche divès stasyon radyo nan vil pwovens yo fonksyone plis sanble ak yon manèv politik pou mete baboukèt nan bouch laprès, olye yon pwoblèm teknik. Senate Jean William Jeanty raple gen yon rezolisyon sena a te pran kont direktè KONATEL la,Jean Mary Guillaume ki te mande gouvènman an revoke l pou koripsyon li fè nan lajan enstitisyon an ranmase sou apèl telefonik yo. Senatè Jeanty voye jete lide prezidan komisyon jistis sena a, senate Pierre Franky Exius pou ta convoke Misye Guyllaume sou kesyon sa a paske dapre sal di senatè yo pa rekonèt li apre yo te finn pran rezolisyon sa a.

Depite Petyonvil la, Fredly Georges kritike fason leta ayisyen ap jere dosye konpayi telefoni mobil HAITEL la.Palmantè a fè konnen otorite yo te dwe pran tout dispozisyon nesesè pou te evite sitiyasyon sa a rive nan konpayi a paske te gen ase enfòmasyon ki tap sikile sou mòd jesyon Franck Ciné tap fe nan tèt konpayil la. Reprezantan sikonskripsyon Petyonvil la nan chanm bas la di l swete gouvènman an pran ankonsiderasyon sitiyasyon kliyan HAITEL yo ki toujou gen telefòn ak kat rechaj ki nan men yo konpayi ya pa ranbouse yo ak anplwaye yo konpyi an dwe plizyè mwa

.
Lit kont vyolans sou timoun, ride timoun nan lari yo retounen nan fanmi yo, akonpanye leta ayisyen nan aplikasyon konvansyon la Haye sou adopsyon entènasyonal, se divès eleman ki fè pati nouvèl politik anbasad lafrans nan peyi Dayiti nan domèn pwoteksyon timoun. Se sa anbasadè fransè a, Patrick Nicolosso fè konnen jounen mèkredi a nan yon rankont ak laprès nan lokal anbasad la, kote li menm ak Olivier-Antoine Reynès, konsil la, presize pwoteksyon timoun se yonn nan priyorite peyi Lafrans nan kelkeswa peyi kote yo gen anbasad.De diplomat yo bay garanti omosekyel franse ki marye yo pap kapab adopte timoun an Ayiti. paske lwa nan peyi Dayiti pa rekonet omoseksyel gen dwa pou yo marye

Jounal Le nouveliste ak Digicel lanse maten mèkredi a 7èm edisyon fwa atizanal "Artisanat en fête" ki pral dewoule samdi ak dimanch k’ap vini an nan pak istorik kanasik Taba. Plis pase 160 atizan dwe prezan nan evenman sa a pou prezante ak vann pwodui yo, selon PDG jounal Le nouveliste la, Max Chauvet.

Direktè adjwen radio nationale d”Haiti a, Harrison Ernest, òganize yon jounen pòt louvri jounen Jodi a, nan lide pou popilasyon an egzistans radio yon fason pou yo ka koutel paske li konstate radio pèdi ekout akòz selon sa anpil moun di te konn genyen tròp propagann pou gouvènman yo. Mesye Ernest pale de tout difikilte materyèl ki genyen pou yo fonksyone. Li pale tou sou programasyon an ki chanje avèk anpil nouvo emisyon. Dr Harrison Ernest fè konnen li chita pale ak tout anplwaye yo sou kesyon administratit yo.

Selon konsta repoten fè gen anpil anplwaye nan radyo a ki pa dakò ak fason Harrison Ernest ap mennen enstitisyon an nan fason lap aji. Gen ladan yo ki fache paske li pentire radyo a an ròz epi mete yon foto prezidan Michel Martelly.

Gonayiv – Banditism

Lapolis ak lajistis nan Gonayiv arete pandan wikenn nan, nan Pon Sondé, 5 prezime bandi, ki ta gen men yo tranpe nan ansasinay ak bal 4 oktòb pase a, Souffrant Chrispin, 49 ans, yon chofè pwalou nan Pas Rèn.

Me Enock Géné Génélus, komisè gouvènman Gonayiv la, ki anonse nouvèl la jounen lendi a, fè konnen youn nan yo ta yon ajan 1 BIM epi 4 lòt yo se anplwaye yon konpayi sekirite yo rele Ouragan.

Josué Jean Baptiste

Tigwav - Denonsyasyon

Delor Desgranges, pòtpawòl Mouvman jèn revolisyonè nan Tigwav denonse depite sikonskripsyon an, Jacques Steevenson Timoléon, li di ki te vin distribiye zam bay bandi pou mete komin nan tèt anba. Pòtpawòl la swete gen eleksyon onèt ak demokratik ki reyalize nan peyi a.

Yon lòt bò, anpil sitwayen nan Tigwav ap chache kite zòn lakay yo akòz ensekirite a kap fè ravaj.

Roney Innocente Desgranges 2:02

Okap - Konvokasyon

Komisè gouvènman Okap la, mèt Jacquelin Tadéus, konvoke André Pierre, Myrtil François ak Carly Eugène, 3 responsab OP nan 2ème vil peyi a, pou reponn kesyon lajistis sou lanmò Carl Henri Dévalsaint yon patizan rejim Tèt kale a, ki te pèdi lavi l pandan manifestasyon manm opozisyon an te òganize 30 septanm la kont pouvwa anplas la.

Senmak - Ayisyano dominiken

Aksyon pwogresis jèn Ba Latibonit (APROJEBA) denonse desisyon, li di ki pa konfòm ak lalwa, lakou konstitisyonèl dominiken pran pou wete nasyonalite dominikèn yon bann dominiken ki gen orijin ayisyèn ki fèt apre 1929. Nan yon konferans pou laprès jounen madi a, kòdonatè APROJEBA a, Me David Joseph, anonse yo pral manifeste pandan semèn nan, nan objektif pou pote solidarite yo bay konpatriyòt ayisyen yo epi fòse leta ayisyen reyaji prese prese.

Pòdepè – Ayisyano-Dominiken

Mèt Jean Marie Florestal, batonye lòd avoka vil Pòdepè konteste desizyon lakou konstitisyonèl dominikèn pran pou pa rekonèt dominiken ki gen orijin ayisyèn yo. Li swete otorite ayisyèn yo pran mezi ki nesesè pou anpeche lwa sa a aplike.

Ench – Jistis

Jij depè nan Wo Plato Santral la ap plenyen akòz mwayen yo di leta pa ba yo pou yo travay. Gen pami yo ki pa touche depi 4 lane, dapre sa yo fè konnen.

PAJ DEKLARASYON

Yon gwoup paran pase denonse nan mikwo Radyo Kiskeya jounen mèkredi a responsab ministè enteryè a yo di ki fè yo vin depose dosye nan biwo a sou baz yap jwenn sibvansyon kòb pou rantre lekòl la. Paran sa yo ki fè konnen depi 7tè nan maten jodi a yo devan ministè a, yo pa janm resevwa lajan yo te pwomèt yo a alòske yo di chèk yo la.

Abai pouvwa/Menas

Michelet Fils-Aimé, yon sitwayen ki abite Mariani, denonse menas li di ajan egzekitif enterimè meri Gresye a, Guito Métellus, mete ak moun ame ap fè arete l. Selon deklarasyon li fè, se ta poutèt diferans ideyoloji politik li gen avel.

Revokasyon illegal

Yon gwoup anplwaye Pwogram nasyonal kantin skolè (PNCS) denonse revokasyon illegal yo di yo jwen anba men direktirs jeneral la, madam Myrtho René Cinéas. Rosemond Denis, ki te pale kòm pòtpawòl anplwaye sa yo nan mikwo Radyo Kiskeya, mande pou chèf leta a li menm pran mezi ki nesesè pou yo retounen nan pòs yo.

Sera Cadet, yon sitwayen ki soti Jean-Rabel zòn Bord de mer, pase nan radyo Kikskeya jounen mèkredi a pou fè otorite konsène yo konnen sitiyasyon y’ap viv la pa bon pou yo nan zòn nan. Mesye Cadet deklare nan zòn kote l’ap viv la pa gen dlo potab se dlo rivyè a yo ap itilize ap pou yo bwè epi fè tout lòt bezwen yo.Sitiyasyon sa lakòz yon ti moun mouri anban epidemi kolera a, selon Sera Cadet