> Kreyòl > Pè Emil Jako mouri nan peyi lafrans kotel te moun men nan nanm li se te yon (...)

Temwayaj Pè Jean-Yves Urfié :Frè Malo ak Pè Jako al Sen Masyal, Pè Dejan, ansanm ak plizyè pè pwogresis fonde “La bibliothèque des jeunes”, youn nan rezon ki fè Papa Dòk mete n deyò an 1969. Pè Emil te vin omonye Sen Masyal

Pè Emil Jako mouri nan peyi lafrans kotel te moun men nan nanm li se te yon ayisyen

Lè Divalye “Baby Doc” tonbe, se ak anpil kè kontan li tounen “lakay”. Malgre tout difikilte nou te genyen, li rekòmanse travay. Se li ki bati kay nou te genyen nan ri Sen Maten prolongée, kote nou te resevwa seminaris yo apre egzil la.

Publié le mercredi 12 juin 2013

Emil Jako fèt an Frans, 19 avril 1918, pandan premye lagè mondyal. Papa l mouri. Li pat janm konnen papa l. Manman l marye yon dezyèm fwa. Li te travay ak bopè l ki te yon ti kòmèsan k ap vann diven. Lè l te lib, Emil te konn ap livre diven lakay kliyan bopè l. Se konsa li vin rankontre yon pè spiriten ki te rele Daniel Brottier. Se te direktè òflen Apranti d’Otèy. Se yon nèg ki te gen anpil konesans e ki te konn lapriyè Sent Terèz de Lizye pou l te jwenn konkou l. Dayè, jouk kounye a, gen yon chapèl Pè Brotye bati an lonè Sent Terèz, paske Terèz mouri an !897 e Pap Pi 11 beatifye l an 1923. Lontan apre sa, Pap Jan Pòl 2 beatifye Danyèl Brotye 25 novanm 1984. Brotye ba Emil Jako lide al seminè spiriten yo an Bretay, nan Saint Ilan, pou l te ka al etidye laten, paske lang laten an te obligatwa pou w te ka vin pè nan tan sa a. Nan menm klas ak msye, te gen yon jenn seminaris suis ki te rele Maurice Bavaud. N ap konprann enpòtans nèg sa a pi ta.

An 1938, Emil al novisya, e li vin spiriten ofisyèlman 7 septanm 1939, kèk semenn anvan dezyèm lagè mondyal pete. Li pat kapab kontinye nan seminè, paske yo mobilize sòlda franse yo, epi Alman yo fè l prizonye. Li rive nan menm kan prizonye ak papa m, Stalag XI B, nan yon vil ki rele Fallingbostel, a Lès gwo vil Hamburg. La a, li soufri anpil, paske kan an te frèt, epi yo te manje mal.

Pandan l te nan kan an, yon jou, polis Hitler a, sa yo te rele Gestapo a, vin chèche l. Yo arete l, yo mande l : ‘Èske ou te lekòl ak yon nèg ki rele Maurice Bavaud ?” Ou konn Emil : msye pat nan manti. Li reponn : ‘Wi.” Se sa k sove l. Se lè sa a, li aprann Maurice Bavaud te eseye touye Hitler le 9 novanm 1938 nan vil Munich. Lapolis te pran l, yo te koupe tèt li.

Men, grasadye, Emil soti vivan nan kan an, epi l al Chevilly-Larue pou l kontinye seminè a, epi yo sakre l pè 2 jiyè 1950. Li rive Pòtoprens an 1951. Premye travay li, se te nan “Sant reedikasyon” Kafou. Spiriten yo te konn resevwa timoun dezòd lapolis te arete. Yo montre yo yon metye, epi yo fè yo vin sitwayen reskonsab. Lekòl la tap mache byen ak Pè Jako, Frè Malo ak Pè Dejan. Pè Jako te fè elvaj kochon, poul, eksetera. Lekòl la si tèlman mache byen, makout yo anvi l. Yo konprann yo pral fè kòb. Yo chase Spiriten yo. Yo pran plas yo. M pa bezwen di w : 2 zan apre, lekòl la tonbe.

Apre sa, Frè Malo ak Pè Jako al Sen Masyal, Pè Dejan, ansanm ak plizyè pè pwogresis fonde “La bibliothèque des jeunes”, youn nan rezon ki fè Papa Dòk mete n deyò an 1969. Pè Emil te vin omonye Sen Masyal, nan seksyon primè. Msye te renmen katechèz. Tout lavi li, se te yon pasyon.

An 1969, Papa Dòk mete Spiriten yo deyò, paske nou pat sousou gouvènman an. Diktatè a te eseye divize pè ayisyen ak pè blan yo, paske se yon nwaris li te ye. Men, nwaris, se erezi. Nou pat antre ladan. Nou derefize antre nan jwèt la. Solidarite ak pè ayisyen fè nou kite Ayiti an 1969. Lè sa a, Emil al Gwadloup, ant 70 ak 72. Men, li vin malad. An Gwadloup, yo pat konnen ki maladi li tap soufri. Erèzman, lè l rive an Frans, yo dekouvri lakòz maladi a, eli geri.

Li fè kèk tan an Frans kòm siperyè rejyonal pou Lwès. Men li te gen nòstalji Ayiti a. Lè sa a, Pè Adriyen, mwen men, ak yon Pè dyosèz Okay, Wilyam Smat, nou te Nouyòk, kote nou tap sèvi Ayisyen dyosèz Bwouklin yo. Li vin jwenn nou. Se lè sa a, li montrre tout kalite li te genyen. Ayisyen yo te renmen l anpil, paske li te toujou resevwa yo byen. Li antre fon nan travay “enkiltirasyon”, setadi li antre nan mantalite ak kilti pèp ayisyen an. Nou travay ansanm pou n pibliye plizyè liv ki te ede Ayisyen fè lwanj Bondye, kite se liv lamès, kit se liv kantik.

Lè Divalye “Baby Doc” tonbe, se ak anpil kè kontan li tounen “lakay”. Malgre tout difikilte nou te genyen, li rekòmanse travay. Se li ki bati kay nou te genyen nan ri Sen Maten prolongée, kote nou te resevwa seminaris yo apre egzil la.

Malerèzman, an 1993, li te oblije tounen al an Frans, paske li te malad anpil. Li sibi yon gwo operasyon, men, apre sa, li te bese piti piti, menm si l te ekonòm kay spiriten yo nan Bordeaux. Malgre maladi a, li kòmanse ekri yon liv sou istwa spiriten yo ann Ayiti. Li konsilte achiv spiriten yo nan Chevilly pou l te ka ekri yon istwa ki kanpe tankou yon dokiman ki serye. Liv la rele : Les Spiritains en Haïti (1843-2003) ; d’Eugène Tisserant (1814-1845) à Antoine Adrien (1922-2003), Paris, Karthala, collection Mémoire d’Eglises, 2010, 342 p.

Finalman, li pran retrèt li an Bretay, nan Piré-sur-Seiche, epi nan Chevilly-Larue, kote li mouri dimanch 9 jen ki sot pase a.

Yon bagay ki klè pou mwen ki te gen chans viv tout lane sa yo avèk li, Emil, se yon modèl nou ta dwe imite. Si gen yon nèg ki nan syèl, se li.

P. Jean-Yves Urfié

Ken Fisher - Annuity Insights

If you have a $500,000 portfolio and own an annuity,