> Koneksyon > Yon egzanp jounalis endepandan nan tan dijital

Kronik Teknolojik Koneksyon ak Gotson Pierre epi Harold Isaac an patenarya ak Gwoup Medialternatif

Yon egzanp jounalis endepandan nan tan dijital

Bòn Fèt Selilè !

Publié le mercredi 10 avril 2013

Alòske n ap sonje Jean Dominique, yon modèl jounalis ki mouri sasinen 3 avril 2000 nan Pòtoprens, yon medya Entènèt ki konsidere tèt li kòm endepandan fèk make yon gwo pwen an Frans. Se sit ki rele Mediapart.

Sit sa a te revele, gen 4 mwa d sa, minis franse ki okipe zafè bidjè, Jérôme Cahuzac, ouvè yon kont an Suis pou li pa peye enpo an Frans. Minis la demanti enfòmasyon an pandan tout tan sa yo. Men 4 mwa apre li avwe, e sa fè yon gwo eskandal an Frans.

Se yon gwo pwen pou sit la, paske yo te kesyone kredibilite li. Men, twou manti pa fon. Laverite a eklate epi fè Mediapart make yon pwen.

Mediapart kanpe depi 2007. Se 6 jounalis ki mete l sou pye epi ki gen 60% aksyon yo. Yonn nan fondatè yo, Edwy Plenel, se ansyen direktè jounal Le Monde.

Mediapart prezante tèt li kòm yon jounal dijital endepandan epi patisipatif. Mediapart kreye pou reponn bezwen fondatè l yo kwè ni jounal papye ni jounal dijital ki egziste yo pa reponn. Pretansyon l, se pote enfòmasyon ak dokimantasyon fondamantal epi pèmèt deba serye.

Jounalis sa yo ki soti nan laprès tradisyonèl la, anbrase revolisyon teknolojik la kòm yon gwo opòtinite.

Pou Edwy Plenel, pa gen mwayen fè bak ankò. Lavni, se pou mwayen dijital yo. Li di tiyo a la, men gwo batay la, se kisa n ap mete ladan.

Kesyon li poze tèt li, se kouman pou revolisyon dijital la mache ak yon revolisyon demokratik.

Si nou enterese konnen esperyans Mediapart la, gade sou http://www.mediapart.fr/

…….

Alòs, mwen t ap di sa, se 3 avril 2000 nou pèdi gwo potorik jounalis Jean Dominique anba kout zam asasen nan lakou estasyon li a, Radyo Ayiti Entè. Men 3 avril la make yon lòt komemorasyon enpòtan tou, Harold.

Efektivman Gotson, se 3 avril 1973 ke Martin Cooper, yon enjenyè kay Motorola fè premye apèl selilè nan listwa. Premye apèl sa sete bay konpayi matelòt Motorola, Bell Labs, esansyèlman pou li di yo : Ke Motorola kale Bell Labs nan kous selilè-a.

40 rekòt kafe apre sa, selilè anvayi lavi tout moun tèlman ke li gendwa difisil pou nou imajine lavi san li. Jodi-a nou gen plis pyisans nan pòch nou pase òdinatè ki te menen astronot yo sou lalinn. E anvan lontan nap genyen pyisans sipè-òdinatè fen ane 90 yo, nan pòch nou.

Menm si premye aparèy la te disponib depi 1973, selilè yo pral pran 10 zan anvan yo kòmanse disponib pou lavant - a $3,500 grenn an 1983… Yon bagay enpansab jounen jodi-a.

Kote nap rive ? Eben an 2011, UIT (Union Internationale des Télécommunications) te konte plis passe 6 milya telefòn mobil sou planèt-la… (Gen dè peyi kote gen plis telefòn pase moun ladan yo…)

UIT mande pou demokratizasyon telefòn lan kontinye sitou nan peyi pòv yo, sitou nan kesyon telefòn entelijan ki se, pou la plipa, pwochen etap la…

— 

An palan de telefòn entelijan Gotson, Digicel anonse semèn sa ke li pral sòti premye telefòn entelijan pa li nan Karayib la, nan mwa de me-a. Telefon sa, ki rele DL600, pral woule sou systèm Google Android Jellybean e lap koute mwen pase 100$.

Pou Koneksyon sete Harold

Mèsi Harold

…….

Epi, 13 an apre disparisyon Jean Dominique, anseyan, editoryalis Roody Edmé ap poze tèt li kesyon sou sa k pase ak achiv Radyo Ayiti. Achiv sa yo gen ladan yo temwayaj anpil ane lit pou demokrasi nan peyi a. Li siyale posiblite nouvèl teknoloji yo bay pou ta konsève achiv sa yo. Men, fòk ta gen yon Enstiti nasyonal pou achiv son.

Gade tèks li sou www.alterpresse.org

Koneksyon - 030413 - Yon egzanp jounalis endepandan nan tan dijital by Radio Kiskeya on Mixcloud