> Koneksyon > Radyo Kominotè leve kanpe kont baboukèt

Kronik Teknolojik Koneksyon ak Gotson Pierre epi Harold Isaac an patenarya ak Gwoup Medialternatif

Radyo Kominotè leve kanpe kont baboukèt

Demokrasi Facebook lan an danje

Publié le mardi 4 décembre 2012

Kesyon libète laprès ak libète despresyon, se yon kesyon ki nan aktyalite lemond ak Ayiti, pandan memwa nou rete vivan sou gwo va diktati Jean-Claude Duvalier a te fè sou laprès lib nan dat 28 novanm 1980.

Se dat sa a, reprezantan 35 radyo kominotè atravè peyi a te chwazi pou al frape pye yo devan biwo Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (KONATEL) ak Ministè Kominikasyon, poutèt otorite yo fèmen Radyo Kominotè Vwa Klodi Mizo Okay 9 novanm pase.

Manm nan radyo kominotè yo te pote yon bann pankat ak eslogan ki kondane aksyon KONATEL la.

« Radyo kominotè yo pap fèmen » : se eslogan yo ekri sou prensipal bandwòl yo te pote, tandiske lòt eslogan fè konnen 2012 pa 1957, kote peyi a te tonbe anba rejim diktati Divalye yo.

Manm radyo kominotè yo entèprete jès KONATEL la parapòta radyo sa yo ki tabli nan divès lokalite nan peyi a, kòm yon volonte pou fèmen bouch mas popilè yo.

Pou kounye a, otorite yo pa brinding epi yo pa fè deklarasyon sou kesyon an nan mikwo jounalis. Men manm radyo kominotè yo deklare yo pap lage batay sa a, ki se fondamantalman yon konba pou baboukèt pa tounen.

Plizyè asosyasyon ayisyen ak entènasyonal, pami yo Asosyasyon Mondyal Radyo Kominotè (AMARC) te deja denonse zak KONATEL la kont yon radyo k ap sèvi kèk kominote nan zòn sid la depi prèske 20 an.

Aksyon KONATEL la parèt paradoksal, lè otorite nan Ministè Kominikasyon ak lòt enstitisyon nan Leta a pa janm rate yon okazyon pou mansyone itilite radyo kominotè yo pou fè mesaj rive bay popilasyon lokal yo nan divès kalte moman.

Jis kibò KONATEL ap kab rive nan dosye sa a ? N ap suiv.

NDLR : Haïti-Médias : La radio communautaire VKM revient en ondes (Vidéo)
….

Nan batay pou libète despresyon, Reporters Sans Frontières anonse semèn sa a li lanse yon sit entènèt ki rele www.wefightcensorship.org. Se yon sit ki la pou ede enfòmasyon sikile, sa vle di pibliye enfòmasyon yo entèdi oubyen enfòmasyon ki lakòz moun ki mete yo deyò sibi represyon.

Byen note : se www.wefightcensorship.org

……..

Dosye Facebook toujou rete louvri. Tank rezo sa a ap grandi, l ap grandi, Harold.

Gotson, si Facebook te yon peyi li tap gwosè Lachinn jodi-a ak plis pase 1 milya moun ladann. E menm jan ak an Chinn, demokrasi Facebook lan an danje.

Kijan l’ fè an danje ? Depi kilè Facebook te yon demokrasi ?

Eben, nan yon jèfò pou pèmèt itilizatè yo patisipe nan jan konpayi an ap mennen bak li, Facebook te pèmèt itlizatè yo vote sou gwo chanjman konpayi-an ap fè.

Facebook baze sistèm li an sou prensip referandum inisyativ popilè. Sa vle di ke si plis pase 7,000 moun fè kòmantè sou yon pwopozisyon chanjman, konpayi-an oblije fè yon referandum otomatikman.

Konsa, nan "lwa" Facebook lan, si genyen plis pase 30% to patisipasyon nan "referandum" lan, rezilta vòt lan ap tounen yon obligasyon e Facebook ap oblije koube li devan desizyon "pèp" la.

Men vwala, Facebook se yon konpayi ki labous koulyeya e sistèm "demokratik" sa, sanble ap ba l’ pwoblèm, sitou ke kounya li oblije reponn plizyè obligasyon aksyonè ak zotobre.

Se konsa Facebook, anonse semèn pase-a ke li ta renmen remanyen sistèm vòt lan, pou li… elimine l’…

Facebook vle retire pouvwa vòt itilizatè yo pou ranplase li ak yon platfòm ki pral pèmèt moun fè kòmantè… Sa plizyè kritik denonse tankou yon tantiv koudeta sou pouvwa popilè-a.

Paradox. Mobilizasyon tanmen sou Facebook e yon referendum inisyativ popilè ap fèt semèn sa-a ak yon vòt pou detèmine si pou Facebook elimine kesyon vòt la.

Men batay la ap difisil paske 30% 1 milya moun se 300 milyon moun. Se pa sèten ke tout moun sa yo o kouran de pwoblèm lan ale vwa pou al vote…

Kididonk pou nou tout ki sou Facebook e ki ap koute nou, se pa sèlman nan lokalite nou ak nan peyi nou pou nou sonje al vote. Jodi-a si nou enkyè sou kisa Facebook pral fè ak done pèsonèl nou, sonje al vòte semèn sa sou Facebook pou detèmine avni platfòm lan.

Pou plis detay ale sou http://www.facebook.com/fbsitegovernance

Pou Koneksyon, sete Harold

Mèsi Harold,

Epi, yon nouvèl tris pou Le Monde. N ap pale sou jounal franse Le Monde, ki fèk pèdi direktè li, Erik Izraelewicz, ki mouri 27 novanm a 58 an, anba yon malady sanzatann.

Izraelewicz te twouve l nan biwo l lè li fè yon kriz. Yo kouri lopital ak li, li pa siviv.

Redaksyon jounal Le Monde fè konnen se premye fwa li pran yon gwo chòk konsa.

Tcheke www.lemonde.fr