> Koneksyon > Enpak devlopman teknolojik yo sou edikasyon siperyè

Kronik Teknolojik Koneksyon ak Gotson Pierre epi Harold Isaac an patenarya ak Gwoup Medialternatif

Enpak devlopman teknolojik yo sou edikasyon siperyè

Ki avni libète espresyon sou entènèt

Publié le mardi 27 novembre 2012

Mwen kontan ak nou ankò pou kwonik Koneksyon. Mwen di Harold mèsi poutèt li te kenbe kòn nan poukont li pandan absans mwen.

Ak revolisyon teknolojik yo, tandans la, se pou aprann yon lòt fason ki adapte ak zouti ki disponib yo. Edikasyon a distans la pran yon lòt vitès nan moman kounye a, ak plizyè gran inivèsite ki mete kou gratis atravè Entènèt.

Se jounal Le Monde ki soti ak yon dosye sou plizyè gran inivèsite ki pran chimen sa a. Tit la se : « Les universités à portée de clic aux quatres coins du monde ».

Nan dosye sa a, jounal bay Shai Reshef lapawòl. Misye se manm fondatè yon inivèsite ki egziste sèlman sou Entènèt. Li rele « University of the People ». Depi 2009 l ap fonksyone. Jodi a, li gen plis pase 1500 etidyan nan 132 peyi k ap suiv kou ladan. Gratis silvouplè.

Pou nouvo posiblite ki genyen nan jan moun ap aprann, Shai Reshef ap mande tèt li si pwochen Einstein nan li pap soti nan Soudan, nan Bengladesh oubyen an Ayiti.

Reshef kwè, ak inisyativ « University of the People » la, ki pèmèt demokratize ansèyman siperyè atravè lemond, se yon revolisyon ki koumanse nan domèn nan. Konsa, fòmasyon ki te rezève pou yon ti elit kapab vin disponib pou plis moun.

Akote inisyativ tankou « University of the People » la, enfòmasyon yo fè konnen plizyè gran Inivèsite ki gen gwo repitasyon atravè lemond ap mete yon seri kou sou Entènèt pou moun ki vle aprann a distans. Pami inivèsite ki deja pran devan nan domèn nan, yo site Stanford, Harvard, Berkley ak Princeton, ki gen kou gratis an liy depi 2011.

Tandans la te deja ap parèt depi koumansman 2000, lè yon bann pwofesè inivèsite koumanse mete kontni kou yo fè sou Entènèt.

Kèk chif enpòtan : an 2011, inivèsite Stanford nan Kalifòni ouvè yon kou an liy sou entèlijans atifisyèl. 160.000 etidyan nan 190 peyi enskri pou suiv kou a. 23.000 etidyan rive suiv li nèt. Pami 248 meyè nòt pou kou sa a, pa gen yon etidyan ki te enskri dirèkteman nan inivèsite a. Tout se pa Entènèt.

Jounen jodi a, gen plizyè platfòm enfòmatik ki egziste epi ki pèmèt plizyè dizèn inivèsite ofri kou gratis sou Entènèt.

Nan esperyans k ap fèt an Ewòp, yo pale anpil sou peyi Lasuis. Lekòl Politeknik Lausane, se sèl enstitisyon inivèsitè ki ofri posiblite sa yo pou kounye a. Li gen 45.000 etidyan k ap suiv kou an liy, alòske sa ki vini anpèsonn sou kanpis la, se sèlman 8.000.

Vwala donk pou kèk tandans k ap parèt nan zafè edikasyon siperyè nan kontèks teknolojik jodi a.

Yon lòt aspè, se fason ti moun ki lekòl sèvi ak aparèy mobil, tankou telefòn pòtab sofistike yo rele « smartphone ». Nouvèl yo fè konnen, nan Chili ak Afrik di Sid paregzanp, timoun yo etidye Angle oubyen Matematik sou mobil yo.

………..

Ki avni libète despresyon sou Entènèt ? Kesyon ap rebondi san rete, devan tantaiv k ap fèt chak fwa pou mete baboukèt.

Inyon entènasyonal telekominikasyon (ITU) prevwa pou abòde tèm sa a nan pwochen konferans mondyal sou telekominikasyon entènasyonal k ap fèt an desanm pwochen nan Dubai.

Annatandan, plizyè òganizasyon k ap goumen pou prezève libète despresyon ak dwa kominikasyon sou Entènèt, denonse plizyè gouvènman k ap fè mannèv pou frennen libète sou Entènèt.

Yonn nan òganizasyon say o se Fight for the Future, k ap mennen yon kanpay nan sans sa a. Adrès li se www.fightforthefuture.org

………

Anpalan sou kesyon dwa kominikasyon, plizyè asosyasyon ayisyen ak entènasyonal denonse zak Konsèy nasyonal telekominikasyon ayisyen an (KONATEL), ki fèmen radyo kominotè Vwa Klodi Mizo 9 novanm pase. Yo pè pou se pa koumansman yon operasyon baboukèt ki pi laj.

……….

Epi, sou paj FB mwen, mwen releye kanpay k ap fèt nan rezo sosyal yo anfavè liberasyon ti lezanj Jorym Maxi kidnapè pote ale lòt jou nan Jakmel. Si w sou FB, fè mobilizasyon an mache.