> Koneksyon > Twa zan pou antre nan televizyon dijital an Ayiti

Kronik Teknolojik Koneksyon ak Gotson Pierre epi Harold Isaac an patenarya ak Gwoup Medialternatif

Twa zan pou antre nan televizyon dijital an Ayiti

Internet - Sans Foi Ni Loi

Publié le mardi 25 septembre 2012

Dènye dat pou sistèm televizion chavire an dijital nèt an Ayiti, se
jen 2015. Se sa nou aprann pandan yon atelye Konsèy Nasyonal
Telekominikasyon (KONATEL) òganize semèn pase nan Pòtoprens.

Dat sa a, se yon angajman otorite ayisyen yo pran dapre egzijans Inyon
Entènasyonal Telekominikasyon (UIT), ki te gen yon reprezantan l ki
asiste atelye a.

Direktè KONATEL la, Jean Marie Guillaume, rekonèt, pasaj nan
televizyon dijital la se yon kokenn pa nan nivo teknoloji e tout peyi
nan lemond dwe rive ladann.

Twa zan pa long ditou, lè nou konnen chanjman sa yo konsène chak
estasyon televizyon, sa konsène rezo antèn yo epi tou aparèy n ap sèvi
pou gade televizyon. Ki estrateji otorite ayisyen pral mete kanpe pou
sa ?

An Frans, sa te pran plis pase 6 an. Gade sou http://www.ddm.gouv.fr

An n atandan, n ap remake televizyon dijital la gen anpil avantaj
ladan l. Anplis kalite son ak imaj ki amelyore anpil, li bay plis
posiblite pou estasyon televizyon boujonnen. La ankò, kouman avantaj
sa yo pral pataje ?

Yon seri refòm gen pou fèt nan lwa sou telekominikasyon an Ayiti, pou
adapte yo ak sitirasyon n ap viv jodi a. Lwa k ap aplike aktyèlman se
yon dokiman ki date depi ane 70 yo. Gouvènman an ak sena a travay yo
chak bò pa yo deja sou yon avan pwojè lwa sou refòm sistèm
kominikasyon elektwonik an Ayiti. N a vin sou sa pi devan.

Kounye a, ann fè yon kout pye nan Sent Lisi, yon ti zile nan lès
Karayib la, k ap fè jefò nan telekominikasyon. Li se manm yon gwoup 5
zile nan rejyon sa a ki regwoupe tèt yo anba yon sèl otorite
telekominikasyon, se « Eastern Caribbean Telecommunications Authority
(ECTEL). Embert Charles, k ap dirije ECTEL la ap pale nou rapidman sou
sitirasyon telefòn ak Entènèt nan ti peyi sa a.

Embert Charles, direktè ECTEL, se nouvo prezidan branch karayib
Asosyasyon Mondyal pou Kominikasyon Kretyen (WACC), ki t ap òganize
yon atelye seminè semèn pase sou tèm « Dwa kominikasyon nan yon rejyon
kote gen divèsite nan zafè kilti ak lang ».
……

Nouvèl teknolojik yo kapab nouvèl tris tou, Harold

Gotson, Entènèt lan louvri semèn pase-an youn nan (plizyè) chapit sonb ki mache men nan lamen ak devlòpman teknoloji pisan sa. Se sou YouTube dènye boulvès planèt la demare.

Dabò, ann nou fè yon ti koudje sou evèlman yo. Yon gwoup estremis Ozetazini deside mete yon videyo rayisab 5 milyon dola ki ap manke profèt mahomè dega sou YouTube. Mond mizilman-an pran dife.

Sa w’ tande-a, manifestan pran lari nan plizyè peyi. Anpil moun blese, anpil moun mouri pami yo anbasadè ameriken-an an Libye ki pèdi lavi-li nan atak ki fèt kont anbasad la pandan youn nan manifestasyon sa yo.

Kisa nou ka tire de kokenn chenn twoublay sa ?

Eben Gotson, pandan lemond antye ap eseye mete la men sou moun ki dèyè videyo-a pou eseye konprann kisa ki pouse yo fè yon travay konsa, kèk enfòmasyon enteresan koumanse parèt sou kijan deblozay sa vinn pete.

Dabò videyo orijinal la ki rele Muhammad Movie (Fim Mohamet la), te parèt an vèsyon angle depi an Jiye. Fim sa ki pat gen ankenn enterè, pat jwenn moun pou gade li. Se lè yo deside tradyi li an Arab, nan mwa Septanm lan, ke dife pran sou entènèt la.

Sa vinn soulve yon kesyon enpòtan, kijan yon moun ta dwe konsidere sa li ap di ak sa li ap fè sou rezo mondyal la ?

Tout peyi pap evolye ak menm vitès. Tout peyi pa gen menm sansibilte. Tout peyi pa gen menm lwa. Menm si fim lan bay anpil moun pwoblèm nan plizyè peyi sou planèt la, li pwoteje anba konstitisyon peyi Etazini ki garanti libète espresyon.

Pèson pat gen pwoblèm ak sa, jiskas ke fim lan vinn tradyi an Arab…

Dayè Chali Ebdo an Frans deside provoke deba sa. Nan mitan tout boulvès ki ap travèse lemond ak fim sa aktyèlmanb, Chali Ebdo deside fè sa yon majorite moun ta va konsidere kòm vide lwil sou dife :

Yo pwal pibliye karikati pwofèt la…

Tankou ou wè li Gotson, koze an pa senp. Kòman libète espresyon nan sèten peyi ka kadre ak sansibilite relijyon nan lòt peyi nan laj entènèt nap viv la ?

Se pa mwen menm ki va ba nou repons sa…

Men se yon kesyon ki merite poze

Pou Koneksyon sete Harold

Mèsi Harold.

Anvan m ale, ban m siyale yon tweet jounalis Roosevelt Jean Francois,
ki di « Ayiti pral gen pou fè fas a 3 kriz : dezas natirèl, lavichè ak
blokaj politik k ap soti nan pwochen eleksyon yo ». Referans tweeter
Roosevelt Jean Francois se @rooseveltjf.