> Koneksyon > Yon semèn evenman teknolojik an Ayiti : Defi yo pa brinding

Kronik Teknolojik Koneksyon ak Gotson Pierre epi Harold Isaac an patenarya ak Gwoup Medialternatif

Yon semèn evenman teknolojik an Ayiti : Defi yo pa brinding

Èske twò ta pa bare sosyete ayisyen an ?

Publié le samedi 15 septembre 2012

Nou fèk viv yon semèn enpòtan nan nivo teknolojik an Ayiti, ak vizit sekretè jeneral Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT), Hamadoun Touré epi reyalizasyon 4èm rankont rejyonal Latin American and Caribbean Internet Addresses Registry (Òganizasyon ki jere anrejistreman adrès entènèt nan Amerik Latin ak Karayib - LACNIC) nan pòtoprens. Men, nou pa konn ki enfliyans evenman sa yo kab genyen sou sitirasyon Ayiti nan domèn teknoloji yo.

Dabò, rankont LACNIC la, se te okazyon pou prezidan Asosyasyon Ayisyen pou Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon (AHTIC), Reynold Guerrier, mande Leta ayisyen pou fè kou l konnen pou pèmèt majorite Ayisyen yo rive sèvi ak enfòmatik epi konekte sou Entènèt.

Sa mande pou Leta jwenn fòmìl ki kapab bay Ayisyen ki pa gen gwo mwayen posiblite konekte, alòske koneksyon Entènèt la chè anpil isit.

Nou peye ant 40 a 60 dola meriken anmwayèn pa mwa pou sèvis Entènèt, tandiske salè minimòm nan se 125 goud, ki vo 3 dola ameriken.

Reynold Guerrier pale sou nesesite jistis sosyal nan zafè koneksyon Entènèt la an Ayiti, paske, dapre li, si sa kontinye konsa, ravin ant moun ki gen mwayen konekte sou Entènèt ak sa ki pa gen mwayen antre sou rezo a ap vin pi laj.

Pou prezidan AHTIC la, fòk ta gen plis sant Entènèt kominotè, fòk bibliyotèk minisipal yo ta gen Entènèt ladan yo, fòk lekòl yo ta kab konekte a meyè pri, pou ta yon jan laji posiblite pou popilasyon jwen yon lòsyè nan Entènèt la.

Reynold Guerrier sijere lòt dispozisyon pou Leta ta pran, tankou bese taks sou ekipman enfòmatik k ap antre nan peyi a pou pri yo kab bese tou, piske ekipman enfòmatik nou sèvi yo, se aletranje yo soti.

Li di tou Leta ayisyen fèt pou gen politik ki klè sou kesyon Entènèt epi tout sitwayen fèt pou okouran politik sa a. Se nesesè pou sa fèt konsa, paske, konekte sou Entènèt nan wout pou tounen yonn nan dwa fondamantal tout moun, menm jan ak dwa pou manje, viv an sante, travay epi al lekòl.

Estatistik ane 2009 fè konnen se yon milyon Ayisyen ki branche sou Entènèt. Gen yon chif yo rele “Indice d’Accès Numérique (DAI)”, ki montre nivo posiblite popilasyon chak peyi genyen pou sèvi ak enfòmatik epi konekte sou Entènèt. Pou Ayiti, li 0,25, alòske Kiba se 0,38, Repiblik Dominikèn se 0,42, Jamayik se 0,53 epi Etazini se 0,78.

………

Evenman teknolojik semèn nan an Ayiti, se te tou vizit sekretè jeneral Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT), Hamadoun Touré, ki vin konfime angajman òganizasyon entènasyonal pou mache ak Ayiti, pou peyi a kab antre nèt nan epòk dijital la an 2015. Anpil ak bokou.

Pandan Ayiti anfas gwo defi pou li rive layite koneksyon Entènèt, bay popilasyon peyi a elektrisite, ki se yon baz fondamantal pou devlopman teknoloji yo, peyi a gen pou li pase tou nan sèvi ak zouti dijital sèlman.

Yonn nan domèn kote pasaj sa a gen pou l fèt, nan tan k ap vini yo, se nan zafè televizyon, menm jan gwo peyi endistriyalize yo fè sa deja.

Èske twò ta pa bare sosyete ayisyen an ? Èske n ap jwenn mwayen ak estrateji pou tout sosyete a benefisye nan chanjman y ap anonse yo ? Èske nou pap antre fi fon nan yon sosyete a 2, 3 e menm 4 vitès, ki gen yon pye nan 21èm syèk epi yon lòt nan mwayennaj ?