> Kreyòl > 28 jiyè 2012 sa a fè egzakteman 97 lane depi militè meriken te okipe peyi a (...)

Batay ouvrye ak Kolektif Mobilizasyon pou Dedomaje Viktim Kolera yo pa blye premye okipasyon ameriken nan gen 97 lane

28 jiyè 2012 sa a fè egzakteman 97 lane depi militè meriken te okipe peyi a yon premye fwa ak Komemorasyon anivèsè Simon Bolivar yón komite fòme nan okap pou tabli bonjan solidarite ak pep venezelyen an

yon lòt pa gen yon komite sitoyen nan vil okap ki kreye pou tabli solidarite ak pep venezelyen an nan okazyon anivèsè Simon Bolivar

Publié le dimanche 29 juillet 2012

ENVAZYON ETAZINI NAN MONN LA

[ Refleksyon sa a, se Rezo solidarite ak Batay Ouvriye nan Nouyòk ki fè nou jwenn li. Yo fè l nan kad komemorasyon 28 jiyè 1915 la kote ane sa a yo pral mobilize nan vant tig la ansanm ak yon lòt òganizasyon entènasyonal yo rele “One Struggle – Yon sèl lit” pou pwoteste kòmsadwa.Tèks orijinal la ki ann angle prezante nan anèks la sou fòm afich. ]

Depi koumansman 20èm syèk lan, san konte envazyon an sekrè, te gen plis pase 120 agresyon militè meriken. An mwayèn, li fè plis pase yon agresyon militè chak ane. Ann Amerik Santral ak nan Karayib sèlman, fòs lame meriken yon entèvni : 6 fwa Kiba, 4 fwa an Repiblik Dominkèn, 2 fwa El Salvador, yon fwa an Grenad, 3 fwa Gwatemala, 4 fwa an Ayiti, 7 fwa Ondiras, 3 fwa o Meksik, 6 fwa Nikaragwa, 8 fwa Panama, e 2 fwa Pòtoriko. Gen plis pase 865 baz miltè nan 63 peyi etranje. An 2011, depans militè Etazini te fè 20% nan bidjè federal la, swa $718 bilyon (milya) dola. Sa reprezante 41% nan bidjè miltè tout peyi sou latè met ansanm. Fòs lamarin militè Etazini pi gwo pase 13 pi gwo fòs marin lòt peyi met ansanm, e 11 nan peyi sa yo se alye militè Etazini. Etazini dispoze 5,113 bonm nikleyè. Sa kont pou ekstèmine tout moun k ap viv sou planèt lan plizyè fwa. Ane sa a, fòs militè meriken yo angaje dirèkteman nan omwen 6 peyi : Irak, Afganistan, Pakistan, Yemen, Somali ak Kongo.

Estatisktik sa yo kont pou bay moun tèt fè mal. Men se twòkèt lan. Fos lanmò sa yo reprezante sa moun konn rele « kanson fè ki kache dèye men envizib Mache Lib lan ». Fòs militè meriken yo se bra an fè pou garanti mizannaplikasyon politik ekonomik enpeyalis yo. Politik ekonomik sa yo, se ansanm politik pou « ankouraje envestisman » kote yo sèvi ak dèt peyi domine yo ki fin fè pil sou pil ansanm ak yon seri « kriz ekonomik » yo manniganse pou fòse politik remèd chwal FMI sa yo sou do travayè atravè lemonn, tankou sa ki ap pase jounen jodi a an Grès. Politik neoliberal sa yo enkli privatizasyon sèvis leta yo, plan osterite mare senti, rediksyon salè ak ogmantasyon lavichè, rediksyon pansyon, rediksyon nan ledikasyon, rediksyon nan lasante, rediksyon nan sèvis sosyal yo, kraze sendika, mete zòn franch, trete « mache lib » yo negosye pou louvri vant peyi domine yo… tout sa swadizan pou balanse bidjè leta yo. Jounen jodi a, enpeyalis yo sèvi ak dèt yo kofre sou leta domine yo pou yo rive akonpli sa yo te konn bezwen fè ak envazyon nan syèk presedan yo. Epi tout politik sa yo ap benefisye klima laperèz yo fin tabli ak yon swadizan « Gè mondyal kont teworis » kote moun ki pa dakò ak pwogram sa a vin tounen « teworis » yo ka eliminen (menm jan manifestan Gwasimal yo te jwenn etikèt « teworis »). Tout sa, pandan rich yo ap jwen egzanpsyon fiskal, konpayi finansye mondyal yo jwenn plan sovtaj (sètadi yo jwenn lajan gratis nan men Leta, ki vle di lajan kontribyab yo, sètadi lajan pèp la !), gwo konpayi miltinasyonal yo jwenn paradi fiskal aletranje, epi PDG gwo konapyi sa yo jwenn salè ak boni konbyen milyon dola par an.

Rezilta tout ansanm politik sa yo se lamizè jeneralize pou travayè atravè tout peyi domine yo (sa yo konn rele « peyi tyè monn » yo). Jounen jodi a, politik sa yo ap sible travayè yo nan peyi endistriyalize yo tou, atravè tout Lewòp epi Ozetazini tou. Finalman, pandan pwoblèm chanjman katastowfik yo nan anviwonman yo ap fè kolizyon ak kriz finansye mondyal yo epi monte rezistans popilè yo mondyalman, siveyans, represyon ak laterè Leta ap vin sible ouvriye ak travayè yo plizanpli atravè lemonn.

Kolektif Mobilizasyon pou Dedomaje Viktim Kolera yo

28 jiyè 2012 sa a fè egzakteman 97 lane depi militè meriken te okipe peyi a yon premye fwa. Jodi a ankò, nou anba yon okipasyon etranje k ap fèt anba kouvèti Nasyonzini. Menm jan yo te piye richès nou yo pandan premye okipasyon an, se konsa jodi a yo kontinye ap piye richès nou yo. Anplis sa, fòs okipasyon an (MINISTA) fè kadejak sou pitit pèp la epi touye plis pase 7 mil moun nan kolera epi voye plis pase 500 mil lòt al kouche sou kabann lopital.

Samdi 28 jiyè, 9vè tapan, n ap rasanble sou Fò Nasyonal pou n al bout devan Fakilte Syanzimèn pou n al di MINISTA non, li pa gen dwa pile lakou Fakilte a. Nou pral kouri dèyè MINISTA Kolera kadejakè, nou pral kouri dèyè grangou wòz la ak arestasyon tèt kale k ap fèt kont pitit pèp la.

Viv yon AYITI granmoun ! Aba MINISTA KOLERA !

Komemorasyon Anivèsè nesans Simon Bolivar – Solidarite Haiti Venezyela

Jodiya 24 jwiyè se dat nesans yon potorik gason, yon nonm ki te wè lwen non sèlman pou peyi kote l te fèt men pou tout pèp ki t ap lite nan rejyon amerik yo pou sòti anba bòt kolon espayòl. N ap pale de Simon Bolivar. Bolivar le libérateur te fèt 25 jwiye 1783. Rèv li ak angajman l pou libere tout rejyon te mennen l ann Ayiti nan lane 1815. Li te vini chèche èd. Prezidan Petion te byen akeyi l, prezidan tande l e li konprann rèv Bolivar. Bolivar frape, prezidan Petion reponn e se konsa li bay Bolivar tout kalite èd ke leta ayisyen te kapab bay yon dirijan mouvman revolisyonè.

Sa pral pèmèt Bolivar fè yon ti pa an avan nan lit pou libere rejyon anba grif kolon espanyòl. Pi gwo pa vini fèt aprè. Simon Bolivar retire Lamérik di Sid anba grif kolon panyòl e li respekte angajman li anfas Alexandre Pétion lè li proklame liberasyon tout esklav nan tout zòn Gran Kolonbi a.

Nou remake ke apre prèske 200 zan pèp venezelyen an kenbe nan memwa li jès solidarite sa a ke pèp ayisyen an te fè a. Nan traka nap travèse jodia yo, kote nap chèchè nan diyite ak souverènte retire peyi nou nan malsite, pèp venezyelyen ansanm ak otorite peyi Venezyela deside lonje men ban nou nan reyèl solidarite men nan men ak respè, san chantaj. Popilasyon nan Nò kapab mezire kalite bourad Venezyela bannou nan efò pou nou devlope zòn la. Nou gen pou prèv reyalizasyon solid ak dirab tankou santral elektrik la ak reparasyon e agrandisman ayeropò Okap la.

N ap pwofite de dat nesans kokèn chenn gason sa a pou nou eksprime sensèman rekonesans nou a pèp venezwelyen kon direksyon politik revolisyon bolivaryen lan pou michan èd, san machanday politik ni dil, èd dirab nan tout domèn yo bay Ayiti depi 2006 jouk jodiya.

Nou pran okazyon an pou nou eksprime solidarite nou ak pèp venezwelyen nan lit lap mennen chak jou pou ranfòse peyi li anpi satisfè tout bezwen de baz popilasyon an pou l ka viv nan diyite pou anfen wete peyi Venezuela anba depandans politik, ekonomik ak kiltirèl.

Nou sezi òpotinite sa a pou nou kanpe nan vil Cap-Haïtien [Okap ?] komite solidarite ant pèp ayisyen ak venezwelyen.

Simon Bolivar – Jean Jacques Dessalines, Henri Christophe, Alexandre Pétion - Anténor Firmin – José Marti – Abizu Campos
yon sèl rèv – yon sèl e menm lit

Viv solidarite Haïti-Venezuela
Viv solidarite ant pèp ayisyen ak pèp venezyelyen

Pou komite a

Rony Mondestin Stanley Jean-Marie
Eddy Lubin Elusca Charles
Marlène Nicolas Edouard Baker Jr.
Agr : Hans St Jean Nadine Mondestin
Saul Gauthier Dr. Jean Paul Ricot
Stephen Fanfan Wilma Innocent
Ing. Allan Louis Sergilus Docteur