> Koneksyon > Laurent Lamothe pwomèt « Gouvernement 2.0 »

Kronik Teknolojik Koneksyon ak Gotson Pierre epi Harold Isaac an patenarya ak Gwoup Medialternatif

Laurent Lamothe pwomèt « Gouvernement 2.0 »

Konparezon ant kapasite sèvo moun ak kapasite òdinatè

Publié le dimanche 27 mai 2012

Kesyon kominikasyon, se yonn nan gwo pwen nan deklarasyon politik jeneral premye minis Laurent Lamothe, ki pwomèt yon pwogram « Gouvernement 2.0 »

Pami gwo chantye li pwomèt pou avanse sou yo, gen sa li rele “chantye teritoryal” la, e ladan l, li prevwa, antwòt, pou fè kominikasyon layite epi pou tout rejyon nan peyi a konekte atravè rezo dijital.

Laurent Lamothe antre kesyon kominikasyon elektwonik nan refòm enstitisyonèl li di li vle fè. Konsa, li pwomèt pou fè refòm nan Leta a, k ap chita sou teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon yo.

Li di l ap depoze devan palman an yon seri lwa pou bay kominikasyon elektwonik yo valè jiridik. Ki fè, yon seri dokiman elektwonik kapab vin sèvi nan lajistis. Li pale sou lwa sou kominikasyon ak dokimantasyon elektwonik, lwa sou komès elektwonik, lwa sou nouvèl teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon.

Laurent Lamothe anonse l ap lanse yon pwogram ki rele “Gouvernement 2.0”, kote li gen plizyè gran pwojè teknolojik. Nan kad pwogram sa a, li prevwa antwòt pou modernize idantifikasyon sitwayen yo, zafè pwopriyete tè, enstalasyon sibèsant nan tout lise Leta.

Premye minis la panse, lè pwogram “Gouvernement 2.0” a ap mache sa ap kontribye pou evite gaspiyay nan Leta.

Kesyon « Gouvernement 2.0 » a se yon konsèp k ap pran pye nan sèten sosyete. Li kadre ak sa yo rele « Web 2.0 » a, ki baze anpil sou ouvèti ak pataj atravè yon seri dispozitif teknolojik ki fasilite sa epi ki disponib pou tout moun ki konekte.

Atansyon, « Gouvernement 2.0 » a se pa yon mo sèlman li ye. Li chita sou yon seri prensip : Li chita sou itilizasyon teknoloji ki fasilite kolaborasyon ant moun, ant òganizasyon, enstitisyon, kominote pou gouvènman an kapab pi aksesib, pi transparan, pou li reyaji pi vit epi pou aksyon li pote pi bon rezilta.

Sa a, se yon kokenn defi pou peyi ki rive an dènye nan rejyon an, nan sa ki konsène itilizasyon nouvèl teknoloji yo. Se vre, Ayisyen yo aprann fasil nan zafè TIC. Men « Gouvernement 2.0 » a mande kareman yon chanjman mantalite tou, sitou nan jan nou apwoche kesyon pouvwa nan peyi a. Kouman pou nou rive nan yon demokrasi elekwonik pandan demokrasi a limenm l ap tonbe leve ?

Pou fouye sou « Gouvernement 2.0 » a, fè rechèch sou sit liberTIC. Adrès la se http://libertic.wordpress.com/

……..

Sèvo moun, sèvo òdinatè : ki konparezon posib, Harold ?

Gotson, sa rive souvan ke kou konpare tèt nou, sèvo nou, ak yon òdinatè, nan jan nou anrejistre enfòmasyon, nan jan nou trete l.

Men, e si nou te kapab konpare yo tout bon vre, poukipa ?

An 1986, Tom Landauer, yon pwofesè sikoloji nan Inivèsite Kolorado, te estime ke brenn nou genyen ekivalan 200 MegaByte enfòmasyon ladann.

A lepòk, 200 MB sete yon pakèt koze e li te vann trè chè, men jodi-a tout kle USB (Jump Drive) vini ak plis pase 1000 MB espas sou yo (yon GigaByte), minimum.

Dapre dènye estimasyon ki fèt, sèvo moun ta va genyen yon kapasite maximum 2.5 PetaBytes (Anviwon 2,6 milya MB, osnon 2,6 milyon Gigabyte) si nou konte valè neròn nou genyen nan tèt nou.

Enstiti McKinsey Global estime ke pou lane 2010 lan planèt la te pwodyi 7 exabytes enfòmasyon (7.5 milya Gigabyte). Swa 3,000,000 fwa plis enfòmasyon pase sèvo yon moun.

An pasan, se pa yon aza si nou tande tout nouvo mo tankou PetaBytes ak Exabytes. Nap genyen pou nou tande yo pli souvan ankò ak enfòmatik la ki ap ogmante kapasite li san rete.

Men akselerasyon sa fè plizyè moun pè paske aparèy sa yo ke nou te kreye pou ede nou rive nan yon stad kote yap depase nou, e anpil moun kwè ke sa pral mennen anpil risk derapaj sitou si aprarèy yo ta va "deside" fè rebelyon.

Pou Koneksyon, sete Harold

Mèsi Harold
……….

Peyi kote yo li pi plis an Amerik Latin nan, se Ajantin, kote pousantaj moun ki devlope pratik li liv se 55% popilasyon an. Chili vin an dezyèm ak 51% epi Venezyela twazyèm ak 50,2%.