> Koneksyon > Peyi Barbade, Chili ak Uruguay devan nèt nan Amerik latin ak Karayib nan (...)

Kronik Teknolojik Koneksyon ak Gotson Pierre epi Harold Isaac an patenarya ak Gwoup Medialternatif

Peyi Barbade, Chili ak Uruguay devan nèt nan Amerik latin ak Karayib nan zafè teknoloji

Facebook No Limit

Publié le mardi 1er mai 2012

Peyi Barbade, Chili ak Uruguay, se pi gwo peyi ki nan tèt klasman nan zafè teknoloji, dapre dènye « Rapò global sou Teknoloji Enfòmasyon » ki fèk parèt.

Rapò sa a, ki kouvri sitirasyon nan 142 peyi, yo prezante l lòt jou nan Nouyòk, Etazini.

Barbade, ki nan Karayib la, vini an 35èm pozisyon, chili 39 epi Uruguay 44.

Apre sa, Panama nan 57èm pozisyon, Kostarika 58, Brezil 65, Kolonbi 73, Jamayik 74 epi Meksik 76.

Repiblik Dominikèn nan 87èm pozisyon nan « Rapò global sou Teknoloji Enfòmasyon ».

Haiti twouve l nan 142èm pozisyon nan rapò sa a, ki obsève kouman teknoloji yo devlope epi kantite moun ki konekte sou Entènèt.

Anpil kout pye donk pou nou fè. Inisyativ prive, inisyativ sosyal ak koperasyon ap kontribye. Men defi ki devan nou la a, nou pap kab leve l san yon gran politik nasyonal eklere, entèlijan. Politik sa a fèt pou pran an kont zafè fasilite koneksyon sou Entènèt, kapasite pou byen sèvi ak zouti yo epi devlopman divès kategori resous moun k ap travay nan domèn nan.

Petèt nou vle konnen ki peyi ki nimewo 1, se Lasyèd.

Jwenn plis enfòmasyon sou « Rapò global sou Teknoloji Enfòmasyon » an nan
http://www.estrategiaynegocios.net/

………….

Konbyen moun ki konekte sou Facebook ? Pa gen twò lontan nou t ap pale sou 800.000 moun. Done yo chanje rapidman, Harold.

Gotson, depi mwa pase-an Facebook genyen plis pase 900 milyon itilizatè ladann…

900 milyon moun sa yo, se ekivalan tout abitan Amerik di Nò, Amerik Santral, Amerik di Sid ak Karayib la makonnen ansanm.

Facebook apèn ap franchi kap mwatye valè moun ki genyen sou rezo mondyal la, lè n’ konnen ke entènèt lan genyen plis pase 2 milya moun sou li.

Men vwala, dènye siyal yo vle fè n’ kwè ke Facebook gendwa koumanse jwenn ak zo grann li nan deplòtonnay dènye boulinn li te sanble ap fè nan espas wèb la dènye tan sa yo, kòm si pat rete plas pou li layite kò-li ankò.

Men pa twonpe nou, menm si Facebook ap ralanti sou kous li, li kanmenm genyen yon pwogresyon estraòdinè de 33% nan premye trimès ane 2012 la, yon pèfòmans ke nenpòt ki peyi osnon konpayi ta swete genyen nan CV yo.

Alòs, jan nou te di sa deja, Facebook ap travèse yon moman trèz enpòtan nan listwa li paske lè konpayi-an fini demach pou li rantre ofisyèlman nan labous nan mitan mwa de me an, li pral chache (dapre plizyè analis) ant 85 al pou 100 milya de dola nan kapitalizasyon.

E jan nou te di sa deja, konpayi-an pap konnen kisa pou li fè ak lajan sa-a.

Men li pa klè nonplis kisa konpayi sa-a pral fè lè li rive nan bout entènèt-la, yon bagay ki tout-à-fait posib nan stad nou ye la-a. Se pap pawòl moun fou, si nou di ke Facebook gendwa vinn konsidere pran responsabilite deplòtonnen rezo pa li, kote ki pa genyen deja.

Dayè repozisyonman stratejik ke konpayi-an ap fè aktyèlman-an, kapab yon bon endikasyon. Facebook vle lage kò li nan selilè (tout kalte selilè), Facebook achte pou 550 milyon dola patant nan men Microsoft, Facebook pral dèyè gwo manman lajan pou sipòte devlòpman l’.

An sòm, Facebook sanble ak yon siklòn ki pral layite kò li sou planèt la wè pa wè. Kilès ki pral kapab kanpe li ?

Pou Koneksyon, sete Harold

Mèsi Harold

………..

Premye minis deziye Laurent Lamothe fè entènot pase l nan betiz. 19 avril, misye mete sou kont Twitter li yon twit kote l di : « lè m rive nan primati a, yonn nan premye aksyon mwen pral fè se bouche tout twou ki nan kapital ».

Sa w tande a, entènot koumanse reyaji :

Gen yonn ki di : Ayiti pa gen sal teyat ankò, pa gen kote pou moun al gad sinema. W ap byen fè moun yo ri ak koze bouche twou w la.

Yon lòt di : lè w fini bouche twou nan #portauprince. Mwen genyen yon bo lakay la #saintlouisdunord vini bouchel pou mwen frem.

Sou Facebook menm, malgre kèk reyaksyon ki di « bonne idée », gen lòt ki di premye minis deziye a pou li pa konfonn wòl li ak wòl majistra nan zòn metwopolitèn nan.

Lòt ankò presize pou Lamothe, fòk li gen lòt priyorite. Yo site pou li zafè ansyen swadizan militè yo, zafè agrikilti, zafè kontra l ap siyen pasi pala, zafè kontra anba tab, elatriye.

……..

Epi, apre Digicel fin achte Voilà, li nonmen yon nouvo direktè nan tèt konpayi an, se Noel Herrity, ki te travay anpil an Afrik.