MÈKREDI 25 AVRIL 2012
Dega lapli
2 moun mouri ladan yon timoun 6 lanenan zòn Mariani nan yon deboulonnay tè ak plis pase 300 lòt sinistre nan zònSite Solèy nan gwo lapli ki tonbe sou kapital la nan lannwit madi pou louvri mèkredi a, dapre bilan delege depatman lwès la, Gonzague Edner Day, bay Radyo Kiskeya. Delege a fè konnen gen plizyè lòt zòn kote sitiyasyon an malouk anpil tankou Tabarre kote rivyè griz desann, kafou Vincent ak nan komin Pétion-Ville, anpil sab ak wòch anvayi wout yo. Mesye Day anonse yo pral distribye kit ijyenik bay sinistre yo apatid jounen jedi a.
Lapli kap tonbe denpi semèn nan lakòz jounen mèkredi lakoz mache gerit ak mache dipò a kinan sant vil la.neye anba dlo
Sitiyasyon saa lage gwo boulvès nan mitan ti machan n yo ki fè konnen yo poko an mezi pou evalye kantite machandiz ak lajan yo pèdi anba dlo.
Sant nasyonal meteoloji, nan yon bilten spesyal, #1,lanse alèt nivo vijilans oranj sou tout peyi a akòz anpil lapli ki ap tonbe akgwo kout loraj ki ap pati jounen mèkredi a nan aprèmidi ak nan aswè. Nan sanssa a, sekretarya pèmanan kap jere risk ak dezas yo mande pou tout moun ki rete nan zòn danje yo, kote ki ka gen inondasyon , deboulonnay tè ak kote larivyè kap desann, pou yo montre yo trè vijilan, deplase si sa nesesè, yon fason pouyo pa viktim

