> Koneksyon > Jounen jèn fi nan Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon

Kronik Teknolojik Koneksyon ak Gotson Pierre epi Harold Isaac an patenarya ak Gwoup Medialternatif

Jounen jèn fi nan Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon

Boulvès nan mond lenprimri

Publié le mercredi 21 mars 2012

Konbyen jèn fi ki antre nan lekòl pou vin enjenyè enfòmatik : pa anpil. Enjenyè oubyen teknisyen nan zafè son ? Pa anpil. Nan kesyon videyo ? Pa anpil. Kòm wèbmastè ? pa anpil.

Nou ta kab kontinye site domén ki sèvi anpil ak TIC, nou t ap wè fanm yo majinal. Majinal (ant parantèz) nan medya tou, kote yo pa parèt anpil kòm moun y ap entèvyouve. ki fè prezans yo fèb nan yon seri espas medyatik kote mou nap bay opinyon yo.

Yon jounen pou atire atansyon sou jen fi yo nan zafè Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon (TIC). Wi sa egziste. An 2012, se dezyèm fwa yo pral selebre jounen sa a.

Prezans fanm ak jèn fi an jeneral nan sektè TIC a, se yon reyalite ki merite pou yo atire atansyon popilasyon sou yo, dapre Inion Entènasyonal Telekominikasyon (UIT).

Òganizasyon sa a, ki se estrikti Nasyonzini k ap okipe zafè telekominikasyon, konstate nan yon rapò li fè soti an 2010 kouman prezans fanm yo fèb nan sektè TIC yo. Se te nan konferans wo nivo li te fè an 2010 nan Guadalajara nan Meksik.

Lè sa a, manm UIT yo pran desizyon pou kreye yon jounen entènasyonal jèn fi nan TIC, chak katriyèm jedi nan mwa avril.

Premye fwa li selebre, se 28 avril 2011. An 2012 la, se 26 avril l ap tonbe.

Objektif jounen an, se ankouraje jèn fi ak fanm ki jèn pou fè metye TIC yo. Konsa, li nesesè pou kategori sa yo konnen pi byen ki divès chwa yo kab fè epi ki debouche ki genyen pou metye sa yo. Yon seri metye fanm y opa chwazi souvan akòz sa yo rele estereyotip, ki fè kwè tèl metye se pou gason.

Pou sa k konsène medya nou tap pale talè a, INESKO limenm, menm jan li fè sa chak ane, te òganize pou 8 mas pase a yon kanpay ki rele « les femmes font l’info ». Objektif la se sansibilize moun sou egalite ant fanm ak gason nan medya.

Nan kesyon sa a, nan zòn riral yo sitirasyon an kritik anpil. Se 12% sèlman nan repòtaj nan kominote sa yo ki fèt sou fanm, dapre ankèt Asosyasyon Mondyal Kominikasyon Kretyen (WACC) mennen.

…………

Petèt demen, yon seri ansiklopedi nou bezwen pou n sèvi kapab pa gen vèsyon an papye ditou. Piti piti se wout sa a nou parèt ap pran, Harold.

Signe des temps Gotson, Encyclopedia Britannica ap sispann enprime vèsyon papye gwo ansiklopedi li sòti chak de zan depi 244 an. Konpayi-an anonse ke 32 volim ansiklopedi lane 2010 lan se va dènye sa li va enprime.

Tankou jounal papye ki ap pran baff depi 5 dènye lane yo, Encyclopedia Britannica vinn sètoblije admèt ke li pa kapab kenbe konpa-a douvan, Entènet lan an jeneral, Google e sitou Wikipedia, an patikilye.

Analis yo ba li rezon. Tankou nou te di li deja isit la, nan peyi oksidantal yo, jounal papye yo ap tonbe youn apre lòt. Fenomèn lan koumanse ap frape liv tou. Nap sonje, vant liv elektwonik depase vant liv tradisyonel ane pase Ozetazini.

Sa rive nan moman kote Apple deside lage kò li nan domèn lekòl ti-lendi yo, pou tablèt iPad lan ta vinn ranplase liv lekòl.

Kididonk anpil boulvès ki ap brase bil endistri enprimri-an, ki egziste depi Gutenberg te envante premye près lan gen plis pase 500 lane.

E si nou santi bagay yo pral twò vit nan sans nou, nan gou nou, eben se sa Ray Kurzweil te predi ki ta pral rive.

Menm jan lwa Moore nan enfòmatik te predi depi 1965 ke pwisans òdinatè yo tap double chak 1 an edmi e ke tay pwosesè yo tap redyi lamwatye nan menm peryòd lan, eben Ray Kurzweil fè konnen ke boulvès nap gade la yo nòmal, e sa ki pi rèd lan, yo pral dedouble pi rapid ankò nan 20 pwochen lane yo. Kurzweil kwè ke moun ak aparèy gen pou yo fè youn anvan lontan.

Li tap pale semèn sa nan festival enfòmatik South By South West Interactive (SXSW), yon ouble ki reyini gwo potanta enfòmatik yo nan vil Austin, Texas.

Pou plis detay, chache Ray Kurzweil se Ray Kurzweil.

Pou Koneksyon sete Harold

Mèsi Harold.
………….

Semèn pase ansyen prezidan ameriken Clinton te an Ayiti. Yonn nan dosye ki te anba bra li se zafè enèji, elektrisite. Li te mache ak kèk gwo zotobre entènasyonal nan sektè enèji a pou vin wè sitirasyon an an Ayiti. Yo pran plizyè angajman pou fasilite kèk rejyon jwenn kouran. Nan Plato Santral, yo pwomèt 300 pano solè k ap bay 69 kilowat kouran pou alimante 20 lekòl.

Jan nou konnen, san sous enèji, pa gen mwayen vanse nan TIC.