> Koneksyon > Yon lòt ansasinay kap andikape jefò pou pawòl lib an Ayiti

Kronik Teknolojik Koneksyon ak Gotson Pierre epi Harold Isaac an patenarya ak Gwoup Medialternatif

Yon lòt ansasinay kap andikape jefò pou pawòl lib an Ayiti

iPad 3-a sòti

Publié le mercredi 14 mars 2012

Vwala laprès an dèy ankò. Nan Site Solèy, 5 mas pase, nèg ak gwo zam fann fwa ansasinen Jean Liphète Nelson, direktè Radyo Boukman, yon estasyon kominotè k ap feraye depi 6 an nan katye sa a, ki chita nan nò kapital la.

Nouvèl la deja fè letou dimond. Nous siman tande deja, bandi atake machin kote direktè radyo a te twouve l ak 4 moun. Apa nèlson, gen yon lòt moun ki mouri epi gen yonn ki blese.

Radyo a plonje nan tristès. Yon tristès ki doub, paske, nan sosyete ayisyen an, menm jan sa pase deja pou anpil ka, y konpri ka jounalis selèb yo touye, ansasen yo kab kontinye paweze nan vil la san yo pa janm enkyete, pandan yo kouvri ak manto enpinite.

Kèlkilanswa mobil kò sasinay sa a, èske yon moun kab imajine kouman li kab andikape jefò k ap fèt pou yon pawòl lib nan zòn Site Solèy kote, pandan twò lontan, se zam ki pale.

Reyaksyon nan mitan sektè medya ak jounalis yo tonbe tousuit, e òganizasyon Reporters Sans Frontières (RSF), ouvè yon pas espesyal pou yo sou sit li www.rsf.org.

Nan reyaksyon sa yo, nou li pa Asosyasyon Jounalis Ayisyen (AJH) ki di li gen anpil tèt chaje, li kondane zak la epi li mande yon ankèt. Se sa Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS) fè tou, pandan li souliyen zak sa a rive nan yon kontèks gen lòt menas sou libète lapawòl nan peyi a.

RSF di pa gen anyen ki konfime se pou aktivite radyo a ak lòt aktivite sosyal li mennen nan Site Solèy, yo ansasinen Liphète. Ankèt k ap mennen pa dwe neglije pis sa a, kòm kwa, se ta vag ensekirite a ki ta mennen direktè radio a ale.

RSF raple, yonn nan moman enpòtan nan lavi Radyo Boukman, se wòl li te jwe nan transmèt enfòmasyon epi fasilite tètansanm nan period apre michan tranblemantè 12 janvye 2010 la.

Bò pa li, anplis Asosyasyon Mondyal Radyo Kominotè yo (AMARC) kondane zak la, li mande otorite yo pou kreye yon anbyan sekirite kote jounalis ak medya kominotè yo kab fonksyone san kè sote.

Anvan ansasinay sa a, te gen lòt sijè enkyetid pou jounalis ak medya yo nan dènye jou sa yo, notaman akòz mannigans ki ta ap fèt nan nivo pouvwa a pou sentre bas laprès.

………

Teknoloji : iPad 3 rive, Harold

Gotson, sete yon bèl jounen pou Apple jodi-a nan San Francisco alòs ke konpayi Cupertino-an tap lanse nouvo jenerasyon tablèt selèb li-an, iPad lan.

Fòk nou di ke nan moman-an, Apple pa gen parèy. Sèten moun ta va menm di ke manke superlatif pou konpayi kalifòni-an.

Li se konpayi ki vo plis nan lemond ak yon valè 500 milya dola. Nap raple n’ ke bidjè peyi Dayiti se anviron 3 milya dola. Dapre sondaj ki sòti semèn sa, Apple se konpayi moun plis renmen sou planèt la.

Men imaj sa gendwa chanje avèk kontrevès ki pete sou kondisyon travay ouvriye Chinwa Apple yo. Anpil ladan yo ta va touye tèt yo tèlman kondisyon travay yo difisil.

Apple, ki se yon konpayi trè sekrè, te fè louvri pòt founisè Chinwa li-an Foxconn pou jounalis te ka founi je gade.

Si yo pa jwenn dè ka grav, yo obsève yon disiplinn de fer, kote ouvriye travay 12èd tan, dòmi sou plas e preske pa janm al lakay yo. San konte valè kòb yo touche.

Men Apple pwomèt pou amelyore kondisyon sa yo e nan yon jefò relasyon piblik, anonse semèn sa ke konpayi-an founi plis pase 500,000 job Ozetazini, sa ki gendwa sonnen tankou yon bon nouvèl pou ekonomi amerikèn-an ki pran anpil baf dènye ane sa yo.

Pou sa ki gen pou wè avèk iPad 3-an (ke anpil moun tap tann !) eben se iPad li ap rele tou senpleman osnon nouvo iPad. Li vinn avèk videyo HD, pi bon kamera, pi bon koneksyon selilè e li pral vann 499$.

Men pi bon nouvèl la, sèke pri iPad 2 ap tonbe otomatikman a 399$. Sa ki riske bay Apple yon kokenn chenn lòn sou mache-a.

Pou Koneksyon, sete Harold

…….

Mèsi Harold.

Èske yon endividi gen dwa pou bouye ond telefòn pou anpeche moun pale anpil nan zòrey li lè li nan transpò piblik ? Se yon gwo deba k ap fèt aktyèlman nan Etazini, kote jisteman, yon nèg Filadelfi achte yon ti aparèy pou bwouye telefòn moun nan transpò an komen. Pawòl la monte jistan otorite federal nan kesyon telekominikasyon blije foure bouch. Li di bwouye ond se yon vyolasyon lalwa, epi li gen danje ladan, paske sa kab anpeche yon moun fè 911, ki se yon nimewo telefòn ijans nan Etazini.