> Koneksyon > TIC ak devlopman dirab

Kronik Teknolojik Koneksyon ak Gotson Pierre epi Harold Isaac an patenarya ak Gwoup Medialternatif

TIC ak devlopman dirab

Eric Schmidt, prezidan konpayi Google, avèti ke pwogrè teknolojik yo riske kreye yon sistèm de kast nimerik.

Publié le samedi 3 mars 2012

Teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon (TIC) ak devlopman dirab : kouman pou jèn yo angaje tèt yo ?, se tèm yon jounen travay Sant Refleksyon Edikasyon ak Deba (CRED) òganize nan Jakmèl 25 fevriye pase.

Rankont sa a te yon okazyon pou yon santèn jèn reflechi sou relasyon ki genyen ant TIC ak devlopman dirab.

Aka pi espesyalis, yo diskite sou divès fasèt devlopman dirab la ki konsène pwogre sosyete yo kab fè san yo pa detwi resous anviwonman an ki la pou sèvi jenerasyon kounye a, men tou jenerasyon k ap vini yo.

Nan sa ki konsène rapò ant TIC ak devlopman dirab, li te parèt klè, malgre itilizasyon teknoloji sa yo kab mache ak anpil enpak pozitif, sa pa elimine risk pou yo domaje lanati.

E se poutèt sa yo pale sou TIC pou devlopman, oubyen TICpd. Menm jan tou yo pale sou TIC vert, sa vle di ki kontribye nan pwoteksyon anviwonman.

Pami plizyè defi ki soulve, rankont la poze pwoblèm konsomasyon enèji elektrik ak tout aparèy elektwonik dènye kri pou kominikasyon. Yo prevwa an 2020, 45% nan elektrisite fanmi yo pral itilize, se va pou fè aparèy kominikasyon fonksyone.

Kote kouran sa a ap soti ? Nan ka pan ou an Ayiti, èske n ap bezwen plis petwòl, plis batri pou fè ennvètè mache oubyen pou transfòme kouran pano solè ? Batri sa yo ki tounen dechè, sa n ap fè ak yo ?

Menm òdinatè n ap sèvi yo deja koumanse poze pwoblèm nan sèten gwo peyi. Kisa pou fè ak yo lè nou pa itilize yo ankò ? Dechè…

Se vre tou, anmenm tan, fasilite kominikasyon yo fè nou diminye deplasman, donk nou ta fè mwens machin woule epi boule mwens gaz. Konsa tou, nimerizasyon ta fè nou itilize mwens papye, kidonk koupe mwens pye bwa…

Men paradoksalman, pandan 10 an ki pase yo moun sèvi ak plis papye pase anvan. Kanada ki se pi gwo pwodiktè papye atravè lemond vann 2 fwa lavalè papye li te konn vann anvan.

Rankont Jakmèl la se te yon okazyon tou pou jèn yo rekonèt potansyalite TIC yo, men tou pou kritike fason y ap sèvi ak yo, pandan y ap pwone yon pi wo nivo konsyans sou anje TIC yo.

………

Anpalan sou anje TIC yo, enkyetid sou wout devlopman teknoloji yo ap pran, Harold.

Gotson, Eric Schmidt, prezidan konpayi Google, avèti ke pwogrè teknolojik yo riske kreye yon sistèm de kast nimerik.

Sa sa vle di ? Eben Prezidan Google lan kwè ke si anyen pa fèt, si anyen pa chanje, eka teknolojik ant moun ki pi rich ak moun ki pi pòv yo sou planèt la, pral louvri pi laj.

Se sa li esplike nan Mobile World Congress (Kongrè mobil mondyal) ki ap dewoule sòti 27 fevriye rive Premye Mas 2012 lan, nan vil Baselone an Espay.

Konsa li di, ke anvan lontan, machinn pwal kapab woule poukò yo, ke robo ap kapab al reprezante moun nan reyinyon paran lekòl, e ke koneksyon entènèt yo ap tèlman rapid ke se ologram ki va ranplase videyo.

Si tout avanse sa yo fèt nan loksidan, tyè mond lan pral rele yogann paske ti enfrastrikti pa l’ yo pa kapab sipòte kalite bagay sa yo.

Men Eric Schmidt kwè ke Tyè Mond lan pral pran yon kout boulinn nan zafè teknolojik wè pa wè nan 10 lane ki ap vini la yo.

Men li panse, ke si gwo konpayi kominikasyon yo pa wè benefis nan layite gwo kalte rezo yo sou ti peyi yo (paske pap gen gany) li ankouraje devlopman solisyon rezo mesh (Mesh Networks), ki vle di monte rezo kominikasyon anndan ti kominote yo, menm si yo pa ta va sou rezo mondyal la. Efektivman, pou Eric Schmidt, koneksyon andedan kominote yo pi enpòtan pase mete yo sou rezo planèt la.

Men a la verite, li difisil pou nou di, si se yon bagay ki pral rive.

Pou Koneksyon sete Harold

……..

Zile kayiman, nan Karayib la, fè gwo pwogrè. Semèn pase yo rive nan nivo kote nimewo telefòn yo se pa pwopriyete konpayi yo ankò, se pwopriyete moun k ap itilize telefòn nan. Konsa yon moun kapab chanje konpayi telefòn jan li vle, san nimewo telefòn li pa chanje. Kilè dispozisyon sa y opa ran tou bò lakay nou ?