> Koneksyon > Afrik pran devan nan zafè koneksyon pòtab

Kronik Teknolojik Koneksyon ak Gotson Pierre epi Harold Isaac an patenarya ak Gwoup Medialternatif

Afrik pran devan nan zafè koneksyon pòtab

Gwo konpayi teknolojik yo gen pwoblèm lajan

Publié le jeudi 9 février 2012

Afrik kite Amerik Latin dèyè nan zafè koneksyon mobil, patikilyèman telefòn pòtab. Kontinan sa a vini dezyèm mache mobil nan lemond apre Azi, dapre done ki soti nan rapò fim espesyalize kabinè « Business Wire”.

Dapre enfòmasyon estatistik ki rive jiska septanm 2011, gen 620 milyon koneksyon sou rezo mobil an Afrik.

Sa a se twòkèt la. Chay la dèyè. Dapre espè yo, nan ane k ap vini yo, Afrik ap fè yon pi gwo boum ankò nan zafè koneksyon mobil, piske aktyèlman, to penetrasyon mobil la se sèlman 41,4%.

Konsa, apre yon peryòd kote kontinan afriken an te anreta nan zafè teknoloji, kounye a l ap chèche mache prese.

Yo kalkile kantite koneksyon mobil an Afrik ogmante 30% pa ane. Konsa, nan finisman 2012, kapab gen 735 milyon koneksyon mobil nan kontinan sa a.

E, sou kontinan an, peyi ki devan bann nan nèt se Mawok. Se yon mache kote to wè kantite koneksyon mobil la pratikman depase kantite moun nan popilasyon an ki kapab branche sou rezo a.

Anplis, nan Mawok, yo devlope koneksyon grann vitès la anpil.

Peyi sa a, ap ranmase fwi yon politik ki devlope depi 5 an pou vanse nan domèn teknoloji yo. Aktyèlman, kèlkilanswa bout ou manyen nan domèn teknoloji yo nan Mawok, se pwogrè w ap wè. Yo di yon sitirasyon ki ra anpil nan lemond.

………..

Si yo gade sitirasyon yon seri gran konpayi nan domèn Entènèt la nan lemond, se pwogrè y ap wè tou. Men pwogrè sa a mache ak pwòp pwoblèm li, Harold.

Gotson, gwo konpayi teknolojik yo gen pwoblèm lajan. Pa tip de pwoblèm lajan ou menm avè m’ gendwa genyen. Men pito yo pa konnen kisa pou yo fè ak lajan ankò tèlman yo fè osnon yo pral fè lajan.

Keseswa Google, Apple epi koulyeya Facebook, mwayen yo gen nan men yo depase limajinasyon.

Semèn pase-a, Apple ki genyen yon trè bon pèfòmans, ke tout pwodyi li fè yo ap vann depase mezi oblije ap jere yon wounou-wounou nan mitan aksyonè l’ yo. Poukisa ? Eben, yo pa kontan paske Apple chita sou plis pase 80 milya de dola likidite, 80 milya dola kash epi yo pa konnen kisa pou yo fè avè l’.

Plizyè nan aksyonè yo di Apple, si li pa konnen kisa pou li fè ak lajan-an, ke li remèt yo li an dividann. Men Apple pa gen abitid resewa lòd nan kesyon sa yo e derefize fè wonn pòt, paske nan tradisyon konpayi-an li pito sere pou pita.

Apple preske vo 500 milya dola.

Facebook li menm, nan bouch tout moun semèn sa, paske lap fè demach ofisyèl pou li rantre labous. E daprè tout analiz, tout estimasyon, se pral yon evèlman istorik paske ak 10% aksyon yo pral mete sou mache-a, yo riske fè valè konpayi-an monte plis pase 100 milya de dola. Si nap konpare, bidjè nasyonal peyi Dayiti-an pou lane 2011-2012 lan se anviwon 3 milya de dola.

Nan ka Facebook lan, pil lajan ki pral rantre nan tranzaksyon konpayi-an pral fè labous, vinn poze yon lòt pwoblèm dwòl :

Facebook, riske pèdi anviwon 1,000 nan pi bon anplaye l’ yo. Poukisa ? Eben, depi Facebook ta manke mete pye l’ labous, 1,000 nan anplaye li yo (Nan tout nivo nan konpayi) ap siyen milyonè menm kote-a (paske yo te gen aksyon konpayi-an) e yo riske pa sou travay ankò.

Se sitou pou tèt sa ke Facebook ak Mark Zuckerberg tap trennen nan fè konpayi-an rantre labous.

Ala de traka papa.

Pou Koneksyon sete Harold

…………

Rete nan koze pwogrè a toujou, Jamayik gen anbisyon pou vin yon lidè nan Karayib la nan domèn teknoloji yo.

Otorite nan Ministè Lasyans, Teknoloji, Enèji ak Min montre konfyans yo genyen nan opòtinite sektè TIC a genyen pou ranfòse envestiman epi fasilite moun jwenn travay.

Enfòmasyon yo fè konnen aktyèlman gen 55% jamayiken ki konekte sou Entènèt, anpil sou rezo grann vitès. Tout popilasyon an gen telefòn selilè tou.

Aktyèlman, Jamayik se 15èm peyi nan lemond nan sa k konsène vitès, kidonk kalite, koneksyon yo.

………..

Kisa m pataje sou rezo sosyal yo semèn sa a ? Ebyen, mwen pataje adrès AlterPresse ki mete an liy yon vèsyon tounèf sit li a 28 janvye 2012 la ki te fè l 10 an. Se www.alterpresse.org