> Kreyòl > Deplase yo mande konkou Palman an pou bloke degèpisman yo

Ayiti/Degèpisman nan Kan yo/Reyaksyon

Deplase yo mande konkou Palman an pou bloke degèpisman yo

Nan yon petisyon reprezantan plis pase 70 kan sinistre 12 janvye yo mete deyò, yo mande Senatè yo ak Depite yo tou pou yo vote yon bidjè espesyal pou yo

Publié le vendredi 10 juin 2011

Deplase yo mande Palman ayisyen an pou bloke degèpisman nan kan yo

Vandredi 10 jen 2011

Reprezantan divès kan peyi Dayiti ansanm ak òganizasyon FRAKKA (Fòs Refleksyon ak Aksyon sou Koze Kay ann Ayiti), mande Palman ayisyen an pran yon rezolisyon kont ekspilsyon fòse ki deklanche depi mwa me 2011 lan nan Komin Dèlma kont deplase viktim tranblemann tè 12 janvye 2010 yo. Yo mande Palman an pou vote yon bidjè k ap pèmèt gouvènman an jwenn mwayen pou li koumanse rezoud pwoblèm deplase yo, espesyalman pou sa ki pa gen twò gwo mwayen.

Nan lèt sa a, yo mande tou pou Majistra Wilson Jedi remèt yo tout sa yo te pèdi pandan degèpisman an t ap fèt epi pou gouvènman an prezante pwogram li genyen pou ede deplase yo retounen lakay yo.

Nou prezante w lèt sa a nan tout entegralite l :

Pòtoprens, 9 jen 2011

Mesye Dam Senatèz/Senatè ak Depite ki nan Palman Ayisyen an

Chè Senatè/Senatèz ak Depite yo,

Nou menm, moun deplase k ap viv nan plizyè kan nan Pòtoprens, nou ekri nou lèt sa a, pou esplike nou ki maswife n ap monte ak menas espilsyon n ap sibi nan men moun ki di yo se mèt teren prive ak nan men yon seri majistra pou fòse nou kite espas kote nou poze tant nou depi tranbleman tè a, alòske nou twouve nou nan yon moman kote lapli ap tonbe epi sezon siklòn nan deja koumanse. Nou vin denonse devan nou gwo zak vyolans majistra nan Komin Delma a, Wilson Jedi, ap fè sou pèp deplase ki twouve yo nan komin l ap dirije a, espesyalman sila yo k ap viv sou plas piblik yo. Zak vyolans sa yo pa respekte okenn prensip dwa moun, ni Prensip direktè Nasyonzini sou Deplase Entèn yo, ni atik 22 Konstitisyon 1987 la.

Jou ki te lendi 23 me 2011, majistra Jedi, alatèt yon ekip polisye ak sivil ame ki te gen nan men yo kouto, manchèt, baton, debake byen bonè nan kan ki te nan Kafou Ayewopò a. Yo kraze brize tout ti sa nou te genyen, yo ranmase sa yo kapab pote ale, yo bat nou, yo imilye nou, yo joure nou, yo pase nou nan betiz. Yo louvri tant yo sou nou alòske gen nan nou ki t ap dòmi toujou, yo pa epaye ni timoun piti, ni fanm ansent, ni andikape. Mèkredi 25 me 2011, majistra a refè menm bagay la ankò sou Plas Piblik Delma 3 ak Delma 5. Sa ki pi rèd la, majistra a vle fè nou tout pase pou delenkan, pou kriminèl. Li deklare toupatou nan mikwo laprès se paske li sispèk gen ganstè k ap viv anba kèk tant nan Kafou Ayewopò a ki fè li vin fè degèpisman sa a sou nou. Eske sa vle di, alèkile, depi yon zak fèt nan yon katye, depi yo sispèk gen delenkan yon kote, Lakomin ak Lapolis pral debake nan zòn sa a pou koupe, rache sou tout moun k ap viv la ? Se depi 12 janvye, nou t ap viv sou plas piblik sa yo, paske tranbleman tè a te kraze kay kote nou te rete. Kouman fè se kounye a Lapolis ak Lakomin dekouvri se delenkan nou ye ? Konbyen nan nou li te arete deja, jije epi kondane kòm kriminèl ? Okontrè, se moun ki kraze kote moun dòmi, kote moun ak viv ak fanmi yo ki kriminèl dapre lalwa penal peyi Dayiti, se pa nou menm ti malere, malerèz san sekou ki pa gen okenn kote pou nou rete.

Chè Palmantè, chè Palmantèz, n ap fè nou remake zak majistra Wilson Jedi fè a, se pa yon bagay izole, men se yon estrateji pou fini nèt ak pèp deplase yo ki lage de bra pandye, san sekou Leta. Se depi plis pase yon mwa, nou menm deplase k ap viv nan plizyè kan nan Pòtoprens, nan Tigwav, nan Grangwav, n ap sibi presyon ak menas nan men moun ki di yo se mèt teren ak ajan Leta pou fòse nou kite kote nou ye a san nou pa konnen ki kote nou prale. Gen kan kote yo entèdi nou fè reyinyon, fè ti komès pou nou viv. Yo voye nèg ak zam vin ba nou presyon, yo fè kadejak sou pitit nou, yo eseye divize nou, kreye fo komite, yo mete dife nan kèk tant, yo mete pòt ak kadna kèk kote pou anpeche nou fè alevini, sa vle di yo sekestre nou. Tout zak sa yo, se yon bann vyolasyon dwa moun nan yon peyi kote Leta di se sou prensip lalwa ki bon li vle chita tout aksyon li yo e non pa sou gwo ponyèt. Alòske nou nan yon sitiyasyon kote nou bezwen pwoteksyon Leta, alòske dirijan peyi a poko janm anonse okenn solisyon pou moun ki anba tant yo, nou sezi wè se pito fòs represyon Leta a mete deyò pou kwape nou.

Medam, Mesye ki nan Palman an,

Gen yon kote pou rete an diyite ak sekirite, se yon dwa fondamantal tout moun genyen. Se yon dwa Konstitisyon peyi Dayiti rekonèt nan atik 22 a ki di « Leta rekonèt dwa tout sitwayen pou li jwenn yon kay ki desan pou li rete……. ». Se yon obligasyon Leta ki parèt nan plizyè dokiman entènasyonal tankou Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun, Konvansyon sou Dwa Timoun, Prensip Direktè Nasyonzini sou Deplase Entèn yo, eksetera, yon bann dokiman Leta ayisyen te ratifye. Malerezman, jiska prezan, malgre yon gwo tranbleman tè pase nan peyi a, Leta ayisyen poko ranmase karaktè l pou l koumanse ranpli obligasyon sa a. Okontrè, li lage Lapolis ak Lakomin dèyè nou, epi plizyè minis, nan deklarasyon yo fè, deja pran pozisyon pou dwa pwopriyete prive, san yo pa di anyen sou dwa lojman an. Nonplis, yo pa di anyen sou kijan pou dwa pwopriyete prive a egzèse nan moman espesyal tankou moman kote nou ye jodi a ann Ayiti, plis pase yon lane apre pasaj goudougoudou.

Chè Palmantè, chè Palmantèz, nou ekri nou lèt sa a jodi a, pou mande nou, kòm reprezantan pèp la, pou nou pran pozisyon kont move aksyon sa yo majistra Jedi , Lapolis ak yon seri mèt tè oubyen swadizan mèt tè ap fè sou deplase a. Nou mande nou :

1. Pran yon rezolisyon pou mande tout moun ki di yo se mèt teren, tout majistra, tout polisye, sispann san pèdi tan ak zafè mete nou deyò sou espas piblik yo oswa sou espas prive kote n ap viv yo jiskaske yo rive mete kanpe ak reyalize yon pwogram ki garanti nou yon kote pou nou viv ak diyite tankou moun. Nan rezolisyon sa a, mande yo sispann tout zak vyolans yo deklanche kont popilasyon deplase a ki toujou ap viv sou chòk e ki ta dwe jwenn pito pwoteksyon nan men Leta.

2. Mande gouvènman an ak majistra yo pou yo prezante devan Palman an pwogram yo genyen pou ede viktim tranbleman tè 12 janvye yo jwenn yon kote ki diy, ki asire pou yo rete, olye se represyon pou yo òganize sou nou.

3. Mande pou majistra Wilson Jedi remèt nou tout zafè nou li te kraze ak pote ale nan moman li t ap mete nou deyò tankou chen sou plas piblik yo.

4. Vote bidjè pou pèmèt gouvènman an jwenn mwayen pou li koumanse rezoud pwoblèm kay la nan peyi a, espesyalman pou sila yo ki pa gen gwo mwayen.

Nou konte sou nou, chè Palmantè ak Palmantèz, e yon lòt fwa ankò, nous salye nou. N ap pwofite voye pou nou yon dokiman ki ranmase plizyè lide ki te soti nan 3 jounen refleksyon plis pase 200 moun k ap viv nan kan oswa ki soti nan òganizasyon te fè 19, 20 ak 21 me a sou pwoblèm lojman an. Nou mande nou fè lide ki nan rezolisyon sa a sikile toupatou pou vwa moun nan kan yo, vwa deplase yo ka rive tou kote desizyon ap pran nan zafè rekonstriksyon peyi a.

Moun ki siyen deklarasyon sa a :

1. Doliscar Natacha, Kan ACRA(AEI), Dèlma 33

2. Laurent Fédéral, Kan Laskawobas

3. Stello Clifford, Kan ACHUF, Kafou fèy

4. Gay Luders, Kan Koray, ASCOEH, Taba Isa

5. Jean Baptiste Jn Mercidieu, Kan ACRA (AEI), Dèlma 33

6. Jonquy Wesly, Kan Taba Isa

7. Claude Itania, Kan Taba Isa

8. Jolanda François, Kan Taba Isa

9. Jean Auguste Petit-Frère, Kan Taba Isa

10. Sadrack Pierre, Vale Boudon

11. Jean Wedné, Kan Taba Isa Kan Taba Isa

12. Carline Versailles, Kan Palè dela

13. Darlène Paul, Kan Koray

14. Gétro Simon, Kan Palè dela

15. Wilny Ducarmel Désir, Kan Karade Teren Toto

16. Féline Baline Désir, Kan Karade Teren Toto

17. Marie Nerlande, Kan Imakile

18. Jeanlus Charité. Kan Imakile

19. Jn Vilaire Laine, Kan Kanaran II

20. Béatrice Dérilus, Kan Karade

21. Myrlaine Dorvalus, Kan Akasys

22. Wilfrid Dorvalus, Kan Akasya

23. Florence Paulismé, Kan Karade

24. Placide Jn Louis, Kan Karade

25. Olipson Jean Kan Django

26. Ercilia laguerre, Kan Karade

27. Rosmeond Joseph, Kan Twakile

28. Dieula Croissy, kan Site Solèy

29. Jenise Pinguet, Kan Site Solèy

30. Jhonny Croissy, Kan Site Solèy

31. Patrick Joseph, Kan Site Solèy

32. Marie Michelle Joseph, Kan kanaran

33. Samson Mathieu, kan Karade

34. Handy Jean Louis, Kan Solino

35. Philomène Joseph, kan Imakile

36. Nelta Joseph, Kan Koray

37. Rosie Wanglie, kan Tigwav

38. Raoul Duperly, kan Tigwav

39. Islande Séac, Kan Tigwav

40. Stania Claude, Kan Taba Isa

41. Nadia Bissainthe, Kan Fòtina Geri

42. Paolino Cheremfant, Kan Fòtina Geri

43. Jn Robert Charles, KASIM

44. Jn Pierre Macuse, KASIM

45. Kesler Léveillé, CSDSM

46. Rendel Wendrido, OPCAM

47. Elisée Joseph, CEFEF

48. Eliphat Athénis, Kan Mezyàn

49. Ricardo Edmond, kan Food for the por

50. Jean Céné Kan Tousen Louvèti

51. Junior Jacques, kan Taba Isa

52. Ulrick Jeantil, Kan Site Solèy

53. Mychaël Fleurima, UJDEC/ Okap

54. Joliette Nazaire, Kan Tousen Louvèti

55. Guito Lynce Vale Boudon

56. Milouse Déserné, kan Laskawobas

57. Jean Osnack Alexis, Kan Laskawobas

58. Wilbert Augustin, MPFD, Delma 33

59. Rpahaël Maxi, CVHEM / Jakmèl

60. Rose Marie Cemaitre, CVHEM / Jakmèl

61. Marieuse Julien , RAFEVINHA

62. Marie Lucia Jean Felix, RAFEVINHA

63. Jn Pierre Vanessa, Kan Teyat Nasyonal

64. Mirlande Kan Teyat Nasyonal

65. Marie Hélène René, Kan KID/Kriswa

66. Julienne Volcy, Kan KID/ Kriswa

67. Christela Jasmin, Kafou

68. Junior Chéry, Solino

69. Frantz Charles, Petyonvil

70. Josette Marclène Augustin, Petyonvil

71. Nedie Joseph, kan KID/Kriswa

72. Guerchang Bastia/ Ench

Pou otantifikasyon :

Reyneld Sanon, FRAKKA