L'actualité de ce

Dim' m'a diw'

MédiaSport
Culture
Éditorial
Spécial


Haiti : Les enjeux derrière les manœuvres du président Préval

Droits Humains : Mission de l'ONU sur les droits sociaux, économiques et culturels en Haïti

Haïti-Économie : Les distributeurs de produits pétroliers et le gouvernement ne s'entendent pas sur les prix de l'essence

Haiti-Enfance-Criminalité : Des dizaines de mineurs impliqués dans des actes de violence

Haïti-Elections : Partis politiques dans la tourmente

www.flickr.com
Liliane Pierre-Paul éléments Aller à la galerie de Liliane Pierre-Paul


Comment écouter Radio Kiskeya
Publicité
Contactez-nous
Aide
Flux RSS
Plan du Site
Mentions Légales
---------------------
Radio Kiskeya S.A.
Tous Droits Réservés ©
Publicité
Publicité
Recherche

Accès Live365 Régulier
Accès Live365 VIP
Grille Horaire

Ayiti-Sosyal

Yon delegasyon 5 Depite al vizite ouvriye ak etidyan ki nan prizon

Tèt palmantè yo chaje fas ak desizyon ki pran pou transfere dosye prizonye yo nan kabinè enstriksyon


Yon delegasyon 5 nan Depite ki kore lwa sou salè minimòm nan te al vizite vandredi ouvriye ak etidyan ki fèmen nan prizon pou manifestasyon yo t ap fè an favè 200 goud la.

Hugues Célestin, reprezantan Lespwa nan sikonskripsyon Katye Moren/Limonad la (nò), deklare nan moman li t ap kite Penitansye Nasyonal temwayaj yo ranmase sou detèminasyon san parèy prizonye yo rann li tris. 2 etidyan ki fèmen nan 4 miray fè palmantè yo konnen yo pare pou yo mouri si sa nesesè pou ouvriye faktori yo touche 200 goud pa jou.

Yon pozisyon Depite a di li konprann pandan li mande kòlèg li yo, yon lòt fwa ankò, pou yo vote salè minimòm tounèf la ki se, selon li menm, baz kòmansman jistis sosyal pou moun ki pi pòv yo.

Depite Célestin, ki pwofite denonse jan lapolis matirize manifestan yo san rezon, mande ajan PNH yo teke fren yo pou yo pa reskonsab vyolasyon dwa moun gravman grav.

Apre vizit Penitansye Nasyonal la, delegasyon palmantè a te ale nan Palèd jistis pou al enfòme bò kote dwayen tribinal sivil la, mèt Roc Cadet, sou sitiyasyon prizonye yo arete nan seri manifestasyon yo. Depite OPL la Arcluche Louis-Jeune denonse kòm yon mannèv politik desizyon otorite yo pran pou yo transfere dosye ouvriye ak etidyan yo nan kabinè enstriksyon.

Palmantè Dam Mari a (Grandans, sidwès) montre tèt li chaje devan posiblite pou yo fè anpil tan fèmen nan prizon akòz dezòmè yo sou kont kabinè enstriksyon.

Plizyè lòt etidyan ki te konparèt vandredi apremidi nan pakè transfere soti nan komisarya Pòtoprens pou ale nan Penitansye Nasyonal, Gran Prizon, san otorite lajistis yo pa bay pyès esplikasyon.

Plizyè òganizasyon dwa moun, sendika ak òganizasyon sosyal ki ap defann kòz ouvriye yo reklame tou liberasyon tout prizonye yo epi pwoteste kont represyon lapolis fè pandan manifestasyon yo ki te bloke pak endistriyèl pandan plizyè jou. spp/Radyo Kiskeya