
Haiti : Les enjeux derrière les manœuvres du président Préval
Droits Humains : Mission de l'ONU sur les droits sociaux, économiques et culturels en Haïti
Haiti-Enfance-Criminalité : Des dizaines de mineurs impliqués dans des actes de violence
Haïti-Elections : Partis politiques dans la tourmente
www.flickr.com
|
Ayiti-Ensekirite
Kolonèl Philippe Carrenard blese anba bal apre l te sot pran yon kòb labank
jeudi 13 août 2009,
Bandi sou motosiklèt kontinye komèt zak vyolans sou senp sitwayen ki ap mennen aktivite yo nan Pòtoprens.
Soti mèkredi pou rive jounen jedi a, pou pipiti 2 moun viktim nan atak 3 nèg sou moto fè chak fwa.
Ansyen kolonèl Philippe Carrenard resevwa 2 bal mèkredi nan zòn riyèl Rivière pandan li t ap antre lakay li tousuit apre l te fin fè yon operasyon labank. Bandi yo rive chape ak lajan li te sot chache a.
Ansyen ofisye Lame Dayiti a, ki te kòmandan adjwen Penitansye Nasyonal, te twouve l pandan jounen an nan yon eta stab nan yon lopital nan kapital la kote yo fè l operasyon.
Yon lòt pa, yon ansyen direktè jeneral CAMEP sibi yon atak maten jedi a devan lakay li nan zòn Dèlma 65 apre l te sot pran yon kòb nan yon sikisal UNIBANK ki nan Dèlma 71.
Ansyen responsab la pa blese pandan atak sa a.
Lapolis pa anonse ankenn arestasyon apre 2 zak sa yo.
Bandi kontinye ap sikile a 3 sou motosiklèt pou simen laterè malgre Polis Nasyonal la, pa lentemedyè direksyon sikilasyon, te anonse senmenn pase a 3 moun pa gen dwa monte ankò sou yon moto. spp/Radyo Kiskeya