
Haiti enflamme le Lincoln Center
Haïti-Elections : L'Oea et la Caricom entament l'observation du processus dès le 5 août
Haïti-Sécurité publique : Une ressortissante européenne victime d'un braquage à l'est de la capitale
Haïti-France : Perspectives d'autonomie et d'accroissement de revenus pour les pêcheurs du Sud-Ouest
Haïti-Rép. Dominicaine : Plus de 2,500 rapatriements durant le premier semestre 2010
www.flickr.com
|
Ayiti-Inivèsite-Arestasyon
Yonn ladan yo, Alfred Valcin, sibi move tretman nan men ajan Polis Nasyonal la
jeudi 13 août 2009,
Radyo Kiskeya aprann lapolis arete Alfred Valcin, 31 an, yon etidyan dezyèm ane sèvis sosyal nan Fakilte syans zimèn, mèkredi apremidi pandan li ta pral nan fakilte a apre l te soti nan yon staj.
Valcin fè pati 3 etidyan ajan CIMO te mete anba kòd pandan operasyon yo t ap mennen nan avni Christophe, zòn kolèj Vision Continentale, pou anpeche yon lòt manifestasyon etidyan yo pou soutni kòz ouvriye yo anfavè salè minimòm 200 goud la.
Enfòmasyon Radyo Kiskeya jwenn bò kote fanmi Alfred Valcin fè konnen etidyan an resevwa anpil kout baton alòske li te sèlman ap pase san pat gen manifestasyon nan zòn nan ; menm si nenpòt moun te gen dwa manifeste depi yo fè san nan respè lalwa.
Alfred Valcin fèmen nan komisarya Pòtoprens annatandan yo defere l pakè.
Nouvèl arestasyon an lage gwo boulvès ak lapenn nan mitan fanmi l.
Se menm sitiyasyon an pou lòt etidyan yo, kit se sa yo arete nan manifestasyon pou salè minimòm nan kit se lòt lapolis mete anba minòt nan lòt sikonstans.
Divès etidyan nan Inivèsite leta a ak reskonsab òganizasyon sosyal pwoteste kont fason gwo ponyèt Polis Nasyonal la fè arestasyon sa yo epi reklame liberasyon tout prizonye yo prese prese. spp/Radyo Kiskeya