L'actualité de ce

Dim' m'a diw'

MédiaSport
Culture
Éditorial
Spécial


Haiti enflamme le Lincoln Center

Haïti-Elections : L'Oea et la Caricom entament l'observation du processus dès le 5 août

Haïti-Sécurité publique : Une ressortissante européenne victime d'un braquage à l'est de la capitale

Haïti-France : Perspectives d'autonomie et d'accroissement de revenus pour les pêcheurs du Sud-Ouest

Haïti-Rép. Dominicaine : Plus de 2,500 rapatriements durant le premier semestre 2010

www.flickr.com
Liliane Pierre-Paul éléments Aller à la galerie de Liliane Pierre-Paul


Comment écouter Radio Kiskeya
Publicité
Contactez-nous
Aide
Flux RSS
Plan du Site
Mentions Légales
---------------------
Radio Kiskeya S.A.
Tous Droits Réservés ©
Publicité
Publicité
Recherche

Accès Live365 Régulier
Accès Live365 VIP
Grille Horaire

Ayiti-UNICEF-Foto

"Foto ane a" pou UNICEF se yon imaj lawont ann Ayiti

Yon tifi lage pou kont li nan yon bidonvil seke ak ma dlo sal, fatra epi koure kochon


Fon Nasyonzini pou timoun (UNICEF) chwazi yon foto ki avili Ayiti, ak imaj yon timoun nan yon bidonvil kote kochon ap manje fatra, kòm "pi bon foto nan lemond pou ane 2008 la".

Sou 1.450 foto, se sa a ki pran premye pri nan yon konkou entènasyonal ki dewoule senmenn sa a nan vil Berlin ann Almay.

Foto a montre yon tifi abiye tou de blan k ap mache nan yon ma dlo labou toupre 2 koure kochon ki ap raboure fatra ak kè kontan. Pa dèyè, ou wè nan yon bidonvil plen dezolasyon yon bann ti kay lèd kole ak krache

Selon Eva Luise Kholer, marenn UNICEF ann Almay, gen yon rezon espesyal ki fè yo chwazi foto a ki se reyalizasyon yon jèn bèlj 21 lanne, Alice Smeets. Manm jiri a nan Berlin ba li rekonpans la poutèt fotograf la "rive fè soti kouray ak enèji ki nan je ti pitit la malgre li ap jwe marèl pou l kapab jwenn kote pou l pase nan mizè nwè kote l antere a".

Foto sa a, ki fè Ayiti pase pou yon depotwa e ayisyen yo pou zannimo 2 pye, montre jan etranje toujou ap gade peyi a ak anpil prejije. Sa pi grav ankò, lè se UNICEF, yon ajans Nasyonzini k ap fè travay sa a, gaye yon foto lawont sou Ayiti nan lemonn antye. Nan moman yon misyon Nasyonzini tabli nan peyi a swa dizan pou remete l sou ray. spp/Radyo Kiskeya