L'actualité de ce

Dim' m'a diw'

MédiaSport
Culture
Éditorial
Spécial


Haiti enflamme le Lincoln Center

Haïti-Elections : L'Oea et la Caricom entament l'observation du processus dès le 5 août

Haïti-Sécurité publique : Une ressortissante européenne victime d'un braquage à l'est de la capitale

Haïti-France : Perspectives d'autonomie et d'accroissement de revenus pour les pêcheurs du Sud-Ouest

Haïti-Rép. Dominicaine : Plus de 2,500 rapatriements durant le premier semestre 2010

www.flickr.com
Liliane Pierre-Paul éléments Aller à la galerie de Liliane Pierre-Paul


Comment écouter Radio Kiskeya
Publicité
Contactez-nous
Aide
Flux RSS
Plan du Site
Mentions Légales
---------------------
Radio Kiskeya S.A.
Tous Droits Réservés ©
Publicité
Publicité
Recherche

Accès Live365 Régulier
Accès Live365 VIP
Grille Horaire

Ayiti-Meri-Koripsyon

Gouvènman an mete meri yo sou kontwòl

Chak mwa yo dwe bay rapò sou jesyon yo pou konbat koripsyon si yo vle resevwa lajan nan men egzekitif la


Gouvènman Préval/Pierre-Louis a egzije dezòmè pou majistra nan tout peyi a prezante l chak mwa yon rapò finansye sou tout depans yo fè ak lajan ki disponib pou administrasyon yo fonksyone dekwa pou bay koripsyon yon kanpe lwen pa pwoche.

Mezi sa a, se ministè enteryè ak kolektivite tèritoryal ki pran l pou l kapab gen kontwòl regilye sou jesyon majistra yo nan moman genyen ladan yo ki fèmen nan 4 miray ak gwo akizasyon koripsyon ki tonbe sou do yo.

Delege lwès la, Michel Bernardin, fè konnen nan depatman pa l la li deja chita pale sou aplikasyon dispozisyon sa a avèk alatèt konsèy kominal yo.

Delege a, ki fè konnen se lòd y’ap mete nan administrasyon kominal yo akòz divès denonsyasyon ki fèt kont yo, presize majistra ki pa voye rapò finansye yo nan delegasyon an avan 10 chak mwa p ap resevwa anyen kòm lajan.

2 majistra nan zòn kapital la, Claire Lydie Parent pou Petyonvil ak Yvon Jérôme pou Kafou, deklare yo pa gen ankenn pwoblèm ak desizyon egzekitif la paske yo kwè nan jesyon ki chita sou transparans.

Lapolis arete plizyè majistra pandan dènye mwa sa yo anba akizasyon koripsyon gravman grav. Dènye responsab ki anba kòd la se premye sitwayen Leyogàn nan, Santos Alexis alyas "Tèt frèt", ki ta fè wout kwochi ak yon valè 11 milyonn goud.

Yo te minote l sa gen 2 senmenn sou fwontyè Ayiti ak Sendomeng pandan li t ap eseye sove, dapre lapolis. spp/Radyo Kiskeya