
Haiti : Les enjeux derrière les manœuvres du président Préval
Droits Humains : Mission de l'ONU sur les droits sociaux, économiques et culturels en Haïti
Haiti-Enfance-Criminalité : Des dizaines de mineurs impliqués dans des actes de violence
Haïti-Elections : Partis politiques dans la tourmente
www.flickr.com
|
Ayiti-Palman-Nasyonalite
Yon dosye ki rebondi nan Palman an, 7 mwa apre yo te mete Senatè a deyò kò ameriken
lundi 27 octobre 2008,
7 mwa apre Senatè yo te adopte yon rezolisyon pou mete Rudolph Boulos deyò nan Sena a, nan mwad mas ki sot pase a, poutèt li te genyen nasyonalite amerikèn, gwo diskisyon pral dewoule sou dosye premye Senatè Nòdès Fusion an nan seyans madi a. Prezidan Sena a, Kelly Bastien (Lespwa/Nò), deklare biwo a pran tout dispozisyon deja pou dewoulman seyans sa a ki te prevwa pou lendi. Men, li te sètoblije ranvwaye l akòz gen plizyè manm Sena a ki aletranje, li t’ap difisil pou yo te jwenn kowòm 16 Senatè ki nesesè a.
Mesye Bastien, ki presize seyans la ap genyen ladan l tou lòt pwen tankou dosye grèv nan enstitisyon sante piblik yo ak frè skolè lekòl yo egzije paran yo, pat swete fè twòp kòmantè sou deba ki pral fèt sou dosye polemik doub nasyonalite a. Li ajoute, se asanble a ki pral deside ki oryantasyon ka Rudolph Boulos la ap pran.
Yon tribunal Fò Libète, Nòdès, te deklare dènyèman rezolisyon Sena a san valè, mesye Boulos dwe tounen al reprann plas li nan Palman an.
Senatè Nòdès la, ki pa sispann prezante tèt li kòm yon viktim, deklare li se yon “palmantè ann egzil” paske li te vle defann enterè fondalnatal pèp ayisyen an. spp/radio Kiskeya