
Haiti enflamme le Lincoln Center
Haïti-Elections : L'Oea et la Caricom entament l'observation du processus dès le 5 août
Haïti-Sécurité publique : Une ressortissante européenne victime d'un braquage à l'est de la capitale
Haïti-France : Perspectives d'autonomie et d'accroissement de revenus pour les pêcheurs du Sud-Ouest
Haïti-Rép. Dominicaine : Plus de 2,500 rapatriements durant le premier semestre 2010
www.flickr.com
|
Ayiti-Prizon-Gouvènman
Michèle Pierre-Louis anonse aksyon pou konbat yon "eskandal" nan Penitansye Nasyonal ki gen ladan l 4.000 prizonye tankou sadin
vendredi 24 octobre 2008,
Premye minis Michèle Pierre-Louis fè yon virewon vandredi nan plizyè prizon nan Pòtoprens pou l te kapab gade nan ki kondisyon difisil y ap fonksyone lavèy jounen entènasyonal prizonye yo dimanch (26 oktòb).
Chèf gouvènman an, ki te gen bò kote l sekretè deta sekirite piblik la, Eucher-Luc Joseph, chèf pakè Pòtoprens la, Joseph Manès Louis ak manm wo kòmandman Polis Nasyonal la, ladan yo direktè jeneral Mario Andrésol, pase nan Penitansye Nasyonal, prizon sivil kapital la, kote li di li konstate "yon eskandal". Gran prizon ki te fèt pou kenbe plizyè santèn moun sèlman, gen ladan l pil sou pil 4 mil prizonye ki, pou pifò, poko janm jije, dapre Premye minis la ki pran angajman pou l amelyore sitiyasyon an.
Sou bò pa l, sekretè deta Eucher-Luc Joseph anonse pwojè konstriksyon plizyè lòt prizon an pwovens pou dekonjesyone Penitansye Nasyonal.
Apre vizit sa a, delegasyon ofisyèl la te rann li nan prizon fanm yo Petyonvil (lès Pòtoprens). Menm jan ak nan Penitansye, Madan Pierre-Louis te al enfòme sou sitiyasyon prizon an dapre obsèvasyon li fè ak pwòp je li epi konvèsasyon li te genyen ak prizonye yo plis reskonsab direksyon administrasyon penitansyè a (DAP).
Divès òganizasyon dwa moun lokal kou entènasyonal denonse regilyèman move kondisyon prizonye ayisyen yo fèmen nan 4 miray ki pa kadre ak dwa yo kòm kretyen vivan ak lefèt pifò moun yo fèmen nan depo san ankenn tribinal pa janm jije yo pou akizasyon yo genyen sou do yo. spp/Radio Kiskeya