> Actualité > "CHAK JOU KI JOU" : PINGA KITE TWÒ TA BARE N

Haiti-Opinion

"CHAK JOU KI JOU" : PINGA KITE TWÒ TA BARE N

Lyonel Trouillot

Publié le mercredi 1er juillet 2020

Ki kote briganday sa a prale ? Pou n ap gade swadizan polisye k ap rache yon bandwòl nan men yon gwoup jèn ki pa gen lòt zam nan men yo ke moso twal sa a ak dwa lalwa ba yo pale pou yo pale ? Pou yo bade yon gwoup jèn ak gaz, tire dèyè yo paske y ap fè yon sitin pou denonse enpinite ?

Jouk ki kote foli pouvwa sa a ap mennen Jovenel Moïse ak PHTK ? E ki valè krache l pou yon sitwayen vale, ki jan pou yon sitwayen gade tèt li nan glas si li chèche rezon pou li pa pran kouraj li pou li di non ? Non, sa pa ka fèt konsa. Non, foli diktati, foli represyon ki moute nan tèt Jovenel Moïse-PHTK a, nou pa gen dwa aksepte l.

Zak vyolans ak entimidasyon nèg anninifòm k ap avili yon pwofesyon fè nan maten 29 jen an kont yon ponyen jèn ki ta pral kòmanse yon sitin nan zòn ministè Lajistis la, se pa yon zak pou nou pran an jwèt. Si se yon jwèt, li make san. San jèn tout klas sosyal ki se lavni peyi a. Rimè ap kouri : yo sible entèl, yo dèyè entèl, fòk entèl antre nan kache. Rimè ap kouri y ap pare dekrè ak arete sou krim wot trayizon pou yo ka aplike l dèyè sitwayen k ap denonse abi isit ni aletranje. Rimè ap kouri y ap drese lis non moun yo dwe arete, fè yo pe ? Sa m ap di a, mwen santi l, se chak jou n ap di m : atansyon, veye sa w ap di, pa al twò lwen, nèg sa yo pa p jwe. Lapè, laperèz, on santiman malè ka rive w nenpòt ki moman ap anvayi peyi a. Mete sou sa, ti krik, ti krak moun ap mouri. Sa se pa rimè. Patizan pouvwa ap mache ak tout kalite zam, tout kalite papye swadizan ofisyèl sezi byen moun. Sa se pa rimè.

Nou viv deja sa pouvwa ki gen kont ak jenès la reprezante. Nou sonje konben jèn diktati Divalye a tiye, konben jèn li egzile, konben jèn li kondane viv yon vi medyòk san aspirasyon ni kapasite pou sèvi peyi yo ni pwogrese kòm endividi. Pouvwa Jovenel Moïse-PHTK a pran wout sa a. Se nan egzekisyon strateji sa a, li nonmen de twa jèn nan de twa pòs pou li santi li alèz pou atake ak jèn yo. Yon ti gwoup jodia devan ministè Lajistis. Yon lòt ti gwoup demen yon lòt kote. Ti gwoup plis ti gwoup egal anpil. Anpil egal baboukèt. Baboukèt egal diktati, egal tou koripsyon ak obskirantis.

Lè pouvwa Jovenel Moïse-PHTK voye nèg anninifòm al rache bandwòl, bay gaz, tire, li moutre aklè jèn sa yo, si se pou li, te mèt pati oswa mouri. Konpetans yo ta ka devlope, konviksyon yo ka genyen, anvi yo pou yo sèvi peyi yo, tou sa pa gen valè nan zye pouvwa a. Yo kontrarye l. E li pa antann kite pesonn kontrarye l.

Podyab ou, sitwayen anninifòm, imaj ou ap sikile sou entènèt k ap rache yon bandwòl nan men kèk jèn sitwayèn, ankisa ou kite yo transfòme w ? E demen lè yo di w pran yo ak koutpye, tire yo nan tèt, w ap fè l ?

Podyab ou, ou menm madanm ki t ap pase sou volan machin ou, ki pa di krik, demen lè se pitit pa w, fanmi pa w, sa w ap di ?

Dènye krim fi fèt yo, moun y ap touye andedan lakay yo, dènye zak represyon yo moutre pa gen pèsonn ki ka kwè li alabri. Menas diktati, si li tonbe anvan sou moun pouvwa konsidere kòm lenmi, li blayi vit pou li frape tout moun.

Jèn sa yo, pa sèlman sa ki te òganize sitin 29 jen an, men tout sa ki ap defann dwa sitwayen yo, konviksyon politik yo, ki mete enèji yo pou travay nan yon chanjman nesesè pou yon peyi pi bèl, pi modèn, ak plis jistis, yo merite respe n ak solidarite n. Nou pa gen dwa abandonnen yo bay yon pouvwa ki vle detwi yo. Detwi yo, se detwi lavni. Nou dwe yo respè ak solidarite. Premye fason pou nou manifeste sa, se denonse zak represyon, kraponnay pouvwa a vle fè sou yo. Tout fòs represyon se lè li konnen si l annafè ak tèl moun, lòt moun pa p di anyen. Jou l konnen lè l annafè ak yon moun, lè l vyole dwa yon moun li annafè ak tout moun, ke makak te mèt gen foli repouse, li pa p kapab.

29 jen 2020

Liliane Pierre-Paul éléments Aller à la galerie de Liliane Pierre-Paul