> Actualité > "Chak jou ki jou": yon peyi ki kale bèt

Haiti-Opinion

"Chak jou ki jou": yon peyi ki kale bèt

Lyonel Trouillot

Publié le Thursday 28 May 2020

Nou ta gen tanta pou di masak Pon Wouj nan jou dimanch 4 me a se yon prèv enkapasite Leta pou defann sitwayen inosan yo kont vyolans gang yo ap egzèse sou popilasyon an. Se vre, pandan otorite politik yo, minis, premye minis, prezidan ap chante kantamwa yo, di yo pral fè si – yo pral fè sa, bandi ap tire moun, se vre rejim PHTK a toujou meprize popilasyon katye popilè yo, men lè nou di sa nou pa fè wonn pwoblèm nan.

Peyi sa a gen lontan l ap kale mons ki gen yon konpòtman antisosyal e ki pa respekte okenn prensip imanis sou jan moun dwe viv ak lòt. Lapolis ak yon politik entelijan nan domèn sekirite kapab pote eleman solisyon, men yo pa sifi ni pou esplike sityasyon an, ni pou anpeche peyi a kontinye kale mons antisosyal. Lapolis rezoud pwoblèm kriminèl, li pa rezoud pwoblèm sosyal.

Peyi sa a gen lontan l ap kreye twòp enjistis sosyal san li pa janm rive kreye yon santiman ak valè tout moun ka pataje kòm manm yon nasyon oswa yon kominote. E plis sitiyasyon ekonomik majorite a ap degrade, plis moun ki gen pouvwa ekonomik yo ap pratike prejije sosyal ak esklizyon, plis pa gen yon kad (se ta ka lekòl men lekòl isit kontribye fè plizyè peyi anndan yon sèl) k ap fòme moun nan yon vizyon kolektif, plis konpòtman antisosyal ap devlope.

Gang, tiye moun, se fòm ekstrèm konpòtman anti viv ansanm yo. Men, chak jou ki jou, nou temwen zak, pawòl, atitid ki moutre yon mantalite chen manje chen ki anpeche rekonèt lòt yo kòm moun, e ki pa bay tèt li pyès limit : depi li bon pou mwen li bon kèlkilanswa konsekans sou lavi zòt oswa sou fonksyonman sosyete a.

Se konsa nou viv, se konsa nou òganize lavi a. E fòk anpil kouraj, konviksyon imanis pou yon moun rele sou kò l, pa fè nenpòt bagay. E nou pran abitid pran yon bann konpòtman kriminèl antimoun alalejè.

Lè yon moun di “an nou swete lapli debarase n ak bidonvil yo”; lè, pandan epidemi kovid 19, yon moun ap reyini moun pil sou pil sans pwoteksyon swa dizan l ap fè biznis; lè, kèk mwa apre tranblemanntè 2010 la de boujwaz bouch pwenti tilititi t ap plenyen paske blese ak sinistre te moute yon kan ki te anpeche yo benyen nan pisin yo; lè yon moun yo fè yon bèl kredi di li pa rekonèt dèt la paske se yon “milat” ki te prete l lajan an; lè nou gen lekòl yo konsidere kòm gwo lekòl k ap moutre timoun yo siperyè sa ki pa gen menm mwayen ak yo; lè yon moun jije nòmal – e ou jwenn sa nan tout klas sosyal – pou li anvyole dwa lòt sans li pa gen kont pou l rann pesonn… tou sa patisipe nan ekspresyon sa m rele esplozyon “individualité monstrueuse” ki blayi nan peyi a.

An n pa bay tèt nou manti. Pa gen sove pou peyi sa a nan sistèm ekonomik-sosyal n ap patoje ladann lan. Sèl yon rekòmansman ki va kenbe eksperyans ki pozitif yo, ki va pwodui plis egalite, defini valè nou tout ka pataje, ap pèmèt konstriksyon yon peyi kote moun ap gen respe pou lòt, pou lavi kòm yon byen komen pou n selebre ansanm.

27 Me 2020

Liliane Pierre-Paul éléments Aller à la galerie de Liliane Pierre-Paul