> Editoriaux > Editoryal 7 me 2019 : Radyo Kiskeya gen yon ka syèk !

Haiti-Media

Editoryal 7 me 2019 : Radyo Kiskeya gen yon ka syèk !

Publié le mardi 16 juillet 2019

Nou te vle fè yon gwo evenman kiltirèl ak sosyal ak 25 lane radyo a. Pil ak pakèt pwojè aktivite te deja sou tapi. Dife 21 desanm 2018 la esplike pou ki, jodi a, n ap senpman make dat la. Kidonk, pa gen gwo selebrasyon. N ap sèlman make dat 7 me 2019 la ki fè radyo a 25 rekòt kafe.

25 lane ! Yon ka syèk ! Nan peyi d Ayiti…Gwo koze !

1- Gwo koze, tout bon vre : rive kenbe yon pwojè konsa pandan 25 lane ! Fè l mache sou plan teknik, sou plan administrasyon. Jere imaj li, sitou nan kontèks ekonomik, sosyal ak politik pi difisil yo, epi kenbe liy 3 fondatè yo te trase. Yon liy nou ka rezime konsa :
- Fondatè yo dwe toujou rete sèl mèt radyo a ;
- Goumen anfavè byennèt popilasyon an, devlòpman ak pwogrè ;
- Defann dwa gran moun peyi a ;
- Batay pou Konstitisyon ak Lalwa respekte ; pou altènans demokratik tabli ak eleksyon lib, onèt, demokratik ;
- Fè pwomosyon lang ak kilti peyi a ;
- Asire bon jan aplikasyon règ ak prensip metye jounalis la.
Nou ka ajoute tou, nan liy ki te trase a :
- Fè radyo a sèvi kòm yon kalfou kote libète lapawòl garanti ak deba, entèvansyon konsekan sou pwoblèm peyi a ;
- Fè radyo a sèvi kòm yon zouti nan batay kont kòripsyon, gaspiyay, enjistis, enpinite, lespri restavèk pa rapò ak etranje ; pou gen transparans ak rann kont jesyon resous leta.

2- Se akòz, pandan 25 lane, nou rete djanm sou liy sa a, nou benefisye kokenn chenn konfyans n ap konstate pi plis jounen jodi a bò kot popilasyon an, bò kot kòmanditè yo, apre dife sispèk ki frape estasyon an 21 desanm 2018 la.
Yon dife sispèk ! Paske, jouk jounen jodi a, gen anpil kesyon ki rete san repons. Tankou : sa k fè moun nan kay kote dife a te pran an te refize sekou ki te vin jwenn yo ? Pou ki sa ponpye Pòtoprens, ki la a nan Bisantnè a, pran 2zèd tan anvan l resi rive sou plas, lè dife a fin kankannen nou ?
Ankèt sou ankèt louvri. Eske yo pa p « se poursuit » etènèlman ? Antouka, nou pote plent kont X. San nou pa nayif opwen pou n ta kwè nan Tonton Nwèl, n ap tann rezilta. Nou kontinye ap tann tou, ak je klere, rezilta ankèt ki te louvri sou kout zam ki te tire sou lokal radyo a, nan lannwit 30 novanm pou rive premye desanm 2015.

3- Nou t ap pale de jan nou rete fidèl a liy nou ki esplike gwo elan solidarite ki manifeste anvè radyo a depi katastwòf la. Dimansyon solidarite sa a pran tounen yon gwo evenman sosyal ak politik. Sa konvenk nou dèske gen enterè ki egziste tout bon vre, nan divès kouch sosyete a, pou demokrasi, libète laprès, pwogrè ak chanjman. Soti nan ti malere a, ki kontribye ak yon grenn adoken, rive nan plizyè gwo bizismann ki pote kole lajman laj, nou wè, pi lwen pase radyo a, gen divès sektè ki pa vle peyi a pèdi vwa sa a nan deba pou konstwi eta de dwa a. Nou wè, nan solidarite a, gen moun ki pa nesesèman pataje tout pozisyon nou, ki leve kanpe atravè mouvman solidarite a pou di NON, yon radyo konsa pa ka disparèt ! Yon radyo konsa pa dwe disparèt ! Wi, sa bay espwa. Peyi a ka chanje. Gen moun nan peyi a. Volonte pou demokrasi tout bon vre a tabli a, egziste tout bon vre.

4- Moman an gen pou rive pou nou prezante gwo remèsiman bay tout sila yo ki kontribye. Komite solidarite a, ki fòme ak moun onèt nan sosyete sivil la (nou pwofite salye pou sakrifis ak devouman san fay yo), gen pou rann kont sa solidarite a rapòte. Nan okazyon an, n ap prezante chay remèsiman bay tout moun, òganizasyon ak enstitisyon, ki pote-kole.
Men, deja, pèmèt nou di kokenn chenn rekonesans nou anvè Kolektif 4 desanm ki se youn nan premye gwoup nan sosyete sivil la ki te vin osekou nou.
Imedyatman apre dife a fin ravaje nou, UNIBANK/UNITRANSFÈ louvri pòt yo ban nou, pou n te ka òganize solidarite a, isit kou lòt bò dlo. Mèsi twò piti.
SUN AUTO mete yon machin a dispozisyon nou pou yon raf. Ala yon bèl jès ! Mèsi anpil.
Remèsiman espesyal tou pou « Organisation Internationale de la Francophonie » (OIF) ; pou bizismann Dimitri Vorbe ak GroupeVorbe la an jeneral ; pou Madam Huguette Mevs ak Fondation Mevs ; Unibank ak Fondation UNIBANK ; Eddy Deeb ak Groupe Deka ; Roosevelt Jean-Francois ak Capital Coach Line ; Georges Handal ak Migros S.A ; Eric Jean-Baptiste ak Pè Letènèl Loto/Fondation Eric Jean-Baptiste.
Gen anpil lòt moun ak enstitisyon, isit kou lòt bò dlo, ki kontribye men ki pako swete non yo site. Nou respekte sa. Men, yo konnen nan ki pwen nou rekonesan anvè yo. Kòm nou di w, chay remèsiman an gen pou rive. Sa a, se twòkèt la. Chay la dèyè. N ap fè jefò pou n pa bliye pèsonn kou lè a rive pou nou prezante yon bilan total-kapital.
Tout sa k ap fèt yo pa t ap bay ankenn rezilta si medya yo pat fè kò ak nou. Gwo remèsiman pou yo ak pou ANMH, AMIH, AJH. Nou gen rekonesans tou anvè tout lòt asosyasyon jounalis ak medya nan peyi a ak nan dyaspora a. N ap salye nan sans sa a doktè Larry Pierre/Genelle Augustin/Racine Crol ak CHS/GMHETC ; Jean Patrick Maignan ak Cargo Logistic USA. Nan lis la, yon remèsiman espesyal tou pou PDG Radyo Tele Zenith la, Rony Colin, ansanm ak tout ekip medya-frè sa a.
Lis la long. An nou kase yon randevou espesyal sèlman pou remèsiman yo ak rapò jeneral solidarite a.

5- Malgre tout jefò sa yo, tout objektif kanpay solidarite a poko atenn. Se pou sa, raf machin lan ki te dwe fèt jodi 7 me a, ranvwaye pou 21 desanm. Desizyon pran pou gen plizyè lòt prim sou kote machin lan. Yon fason pou kontante plis moun, pandan bak solidarite a ap rive nan bon pò a.
Menm si nou reparèt sou lèzond, nou toujou bezwen konkou nou pou nou tounen kanpe sou 2 pye nou. Kidonk, an nou kontinye vanse ansanm !

6- Pandan 25 lane a, nou rive mete kanpe yon radyo ki byen chita nan kominote isit ak lòt kote. Sou plan teknolojik, san nou pa bat lestomak nou, nou kwè nou se youn nan premye radyo pa bò isit ki kòmanse revolisyon teknolojik la nan mòd fonksyonman l. Gwo envestisman fèt nan enfòmatizasyon sistèm nou. Nimerik la antre lakay nou an gran jan. Se konsa, nou vin antre nan achiv nimerik. Malerezman, yon bon pati nan achiv sa a disparèt nan dife sispèk la. Akòz pwoblèm reta nan devlopman konpayi k ap vann entènèt yo, rete anpil wout pou n fè ankò nan domèn lan.
Nou pami premye medya tou ki debake ak tèks, son ak imaj sou entènèt la. Nou gen sit referans nou ki se www.radiokiskeya.com. Ak « Audio Now », epi kounye a « Zeno Radio », nou vin prezan nan lemonn 7 sou 7, 24 sou 24. Kidonk, Radyo zile a se tou yon radyo mondyal. PDG-ko-fondatè Radyo a, defen Sony Bastien te vini ak yon eslogan espesyal : « La radio internet-tionale ». Kote w ale, w ap jwenn nou. Radyo a ap swiv ou.
Radyo a grandi, li grandi, li grandi jouk li rive ponn yon televizyon. Chèn 14 la. Se yon lòt avanti enteresan ki nesesite anpil envestiman ak devouman. N ap goumen pou l rive chita lakay ou ak nan kè w menm jan ak radyo a. Nou bezwen anpil-anpil resous pou sa. Men, « si kouran 24 sou 24 la pa t yon move blag, li t ap bon wi…
Nou gen anpil lòt defi teknik pou n leve pou radyo a ak televizyon an vin nasyonal san pou san. N ap travay sou sa. Anvan sa rive fèt, pa manke radyo-patnè ki ranmase pwogram nou e ki gaye yo divès kote nan peyi a. N ap salye yo nan okazyon sa a, espesyalman Radyo Tête à Tête nan Sen Mak, Radio Express nan Gonayiv, Radio Sans Souci Okap, Platinum FM Okay, Radio Méli nan Grandans.

7- Nou te ka pi gwo radyo nou vle ye a deja, si nou t ap travay nan yon kad ekonomik, sosyal ak politik nòmal. Twaka lajan radyo a antre sòti ankò nan depans pou peye gaz dèlko Pòtoprens ak Boutilye, akòz kouran an pa janm ase ; nan achte batri byen chè pou invètè Pòtoprens ak Boutilye ; malgre sa, bil EDH nou pa piti, menm si fòk nou rekonèt bon alyansay nou devlope ak EDH pou rezoud pwoblèm fakti elektrisite nou.
Anpil lajan depanse tou pou n repare tout tan machin k ap kraze akòz wout ki pa bon ; pou achte materyèl ak pyès tèt nèg pou fè divès sèvis enstitisyon an mache.
Pou nou bay bon jan sèvis, nou blije gen yon gwo ekip nan kapital la, kou an pwovens. Sa koute anpil lajan, menm lè pèsonèl la toujou ensatisfè. Men la a, pa gen yon antrepriz enflasyon an ak degrenngolad goud la pa bat.
Antrepriz k ap byen mache nan kontèks difisil sa a, parèt tèt ou, di n kòman w rele.
Mache piblisite a ap ratresi chak jou pi plis.
Bagay yo malouk !
Medya yo ap soufri konsekans kriz ekonomik la. Se sèten : gen medya ki sanble ap byen mennen. Men, gwo majorite a nan batay. Medya yo anpil tou. Alòske mache piblisitè a pa ogmante akòz biznis yo sou lagraba, espesyalman depi apre goudougoudou a.
Nan tablo sa a, fòk nou ajoute obligasyon yo : anvè DGI ak ONA, ki peze anpil sou nivo resèt yo.
Kidonk, men reyalite medya komèsyal prive yo. Y ap defonse yo pou sèvi yon kominote, pi plis menm pase medya leta yo ki ta dwe fè sa y ap fè a. Medya leta yo ki, malgre tou, nan konkirans ak yo, paske yo menm tou y ap fè piblisite tou.
Leta pa ofri sektè nou an ankenn avantaj fiskal oswa finansye pou l devlope. Se pito yon politik moun pa, pou finanse ak gwo kout lajan sal, medya ki sou lobedyans yo.
CONATEL ki la pou asire bon fonksyonman sektè a, pa menm degaje l pran mezi pou mete lòd nan dezòd ki gen sou frekans yo, opwen anpil radyo, pami yo Radyo Kiskeya, anvayi ak entèferans ki anpeche yo travay. Men la a tou, èske se yon senp kesyon teknik ? Eske pa gen rezon pou n kwè gouvènman an antre dirèk-dirèk nan sabotaj radyo ki pa p voye l monte ?
Eske n ap kite sa kontinye konsa ? Non. ANMH ak AMIH okouran. E, si nou pa ka jwenn solisyon bò kot CONATEL, n ap blije pote dosye a devan Union Internationale des Télécommunications (UIT), kote Ayiti manm.
ANMH ak AMIH okouran tou desizyon pou kont kò li CONATEL pran pou l pa touche redevans medya yo dwe peye chak ane, paske medya yo poko dakò ak nouvo tarif ak kondisyon li deside pou kont pa l. Fòk gen yon bagay ki fèt. Sinon, CONATEL ap mete medya nou yo « hors jeu », deyò wonn lan, nan fè yo pase kòm antrepriz movèz fwa ki derefize peye obligasyon yo.
Kòm nou toujou onèt nan sa n ap fè, fòk nou di nou pa wè entansyon malonèt sa a kay dirijan CONATEL yo lè nou gen konvèsasyon dirèk ak yo. Kidonk, nou ta swete nou twonpe nou sou risk sa a medya yo sanble ap kouri pa rapòt ak CONATEL/DGI. Fòk nou peye. Nou vle peye. Se montan nou abitye peye a yo dwe touche anvan regleman ak tarif tou nèf ki ta dwe soti nan bon jan konsètasyon ant regilatè a ak operatè yo.

8- Apati tablo sa a nou sòt prezante la a, tout moun reyalize devlopman medya yo makònen ak amelyorasyon sitiyasyon ekonomik ak sosyal la an jeneral. Devlopman medya yo dwe chita sou bon jan fonksyónman biznis yo. Leta li menm dwe gen politik pou ride medya yo diminye kou operasyon yo, paske yo kontribye anpil nan edikasyon ak enfòmasyon. Kesyon fiskal yo. Kesyon kouran an.

9- Sitiyasyon kounye a ak avni medya yo chita sou kredibilite ak seryozite yo. Medya, jounalis, « jounalye », « journaleux » pa p ka viv nan rakèt. Nou dwe reprezante yon sektè ki pwòp epi transparan. Paske, akòz feblès enstitisyon yo nan yon peyi tankou Ayiti, akòz ti kantite moun ki al lekòl ak kantite moun ki pa konn li, se medya yo ki motè chanjman ak transfòmasyon ki nesesè yo. Kredibilite nou, atravè respè règ metye a ak angajman nou anfavè konstitisyon, lwa ak règ etik yo, se sèl chans kòporasyon an. Li ta bon pou asosyasyon medya yo ak jounalis yo panche sou sa pou wè ki aksyon yo ka mennen pou wete sektè a anba grif yon latriye antreprenè-mèsenè-machann mikwo ki anvayi l.

10- Sou solidarite a ankò, 2 ti mo. Gen moun ki poze kesyon sou solidarite sa a, sou pretèks Radyo Kiskeya se yon antrepriz komèsyal prive. Kòm kwa, yo pat dwe pote kole ak nou. Se nòmal pou yon moun poze kesyon sa a. Depi se pa ak movèz fwa. Nou di movèz fwa paske, gen sila yo ki ta vle sèvi ak yon agiman parèy pou fè moun pa mache nan mouvman solidarite a.
An nou pa kite yo jwe nan tèt nou. Radyo a prive se vre. Men, li se yon medya sèvis piblik tou. Akòz travay sosyal, travay edikasyon, ak travay politik l ap fè nan benefis popilasyon an. Pwogram nou genyen k ap sèvi piblik la, pa jwenn sipò komèsyal. Se radyo a ki peye yo, oswa ki asepte yo pase san l pa touche.
N ap site nan sans sa a : pwogram sou la sante, emisyon sou sektè peyizan, emisyon pwomosyon ak defans mizik ak kilti peyi a, pwogram pwomosyon dwa fanm, dwa moun an jeneral, emisyon sou devlopman teknoloji.
Fòk nou konte tou espòt edikatif ak sivik sou konpòtman sitwayen yo nan domèn lasante, pa rapò ak risk epidemi oswa katastwòf, tankou siklòn ak tranblemann tè…
Radyo a sipòte tou, ak espòt li pase gratis, aktivite divès gwoup ak asosyasyon ap fè nan peyi a. Nou pa ka konte kantite espòt-koutwazi nou pase chak ane.
Alòs, èske nou pa yon medya sèvis piblik ?
Alyansay sa a ak piblik la pral devlope pi plis nan nouvo Kiskeya a. Nou prevwa bibliyotèk, espas pou konferans, deba ak aktivite kiltirèl. Radyo a pral tounen yon gwo kalfou rankont ak echanj tout tan, kote divès sektè sosyete a pral mache kontre. Se nan lespri sa a nou wè local tou nèf ki pral bati a.

11- Se radyo sa a nou pwomèt. Yon radyo-televizyon ki, chak jou, ap pi pre popilasyon an nan sèvis l ap ofri li. Men tou, nan jan l ap kontinye kouvri aktyalite ak pwoblèm popilasyon an, dosye enpòtan peyi a. Sa yo rele jounalis envestigasyon an, jounalis k ap mennen ankèt, dwe franchi yon etap siperyè nan nouvo Kiskeya a.
Nan sans sa a, an rapò ak liy nou raple w ki pa nou an depi nou te fonde, nou espere pi plis moun ap fini pa rekonèt vrè sans ak siyifikasyon lespri kritik nou toujou genyen an.

12- Si nou parèt kòm yon radyo opozisyon, sa pa vle di nou se yon radyo k ap travay pou opozisyon politik oswa ki sou lobedyans li. Se sèten nou nan opozisyon pa rapò ak yon ansanm pratik ak vyolasyon dwa moun ak lalwa k ap fèt nan sosyete a. An rezon liy ak angajman nou, n ap toujou kanpe ankwa devan pratik ak vyolyasyon sa yo.
Pou nou pa t radyo opozisyon, èske fòk nou te dakò pou moun ki di y ap defann peyi a, menm jan ak nou, rive sou pouvwa a epi yo tonbe fè ak defè nan resous leta a, menm jan ak lòt nou te pati a bòt yo anvan an ?
Èske, pou yo pa rele nou radyo opozisyon, fòk nou dakò pou yo kòwonp enstitisyon leta yo, tankou lapolis, majistrati a, palman an ? Èske pou nou dakò pou moun ki komèt krim kase kès leta a oswa krim touye moun, pa gen kòd lajistis nan kou yo ?
Pou n pa t radyo opozisyon, èske fòk nou te dakò pou nèg pase nan eleksyon fo mamit ; kase ponyèt pèp ayisyen an ak kout zam oswa lajan pou yo vin swadizan prezidan, palmantè, majistra kominal, kazèk, asèk !
Pou n pa t radyo opozisyon, fòk nou te tonbe bay chèf ochan ale pou vini, resevwa lajan oswa ti kado anba tab, benefisye sèvis yo, siye soulye trafikan dwòg ak kontrebandye tout plim tout plimay !
Pou n pa t radyo opozisyon, fòk nou te bat bravo pou chèf, oswa ansyen chèf, ki vle rechèf, k ap grennen jilbrèt, k ap mache desann kanson yo, krache sou drapo peyi a, anflajele diyite nou, fè nou pase dezòmè kòm espès moun pi enkapab, pi kòwonpi, pi endezirab nan Karayib la, nan Amerik la ak nan lemonn ! Alòs, pou n ta dakò nou se yon « shithole » vre ?
- Nou pa dakò ak masak pèp La Salin, Nan Tokyo, Site Solèy, Kafou Fèy ak enplikasyon bandi pouvwa a plis zotobre gwo palto ki jwenn benediksyon kominote entènasyonal, paske CORE gwoup ak MINUJUSTH pa di krik : nou se yon radyo opozisyon !
- Nou pa dakò pou pouvwa a finanse epi bay bandi zam : nou se yon radyo opozisyon !
- Nou pa dakò pou palmantè nan gang pandan y ap naje nan kòripsyon, gaspiye lajan ak resous leta : nou se yon radyo opozisyon !
- Nou pa dakò ak enpinite pou vòlò « Petro Caribe », pou gagòt Karavan, pou konbinezon ‘’Dermalog’’, pou blanchiman lajan sal, elatriye : nou se yon radyo opozisyon !
- Nou pa dakò ak jan gouvèlman an jere an restavèk etranje dosye relasyon diplomatik ak Venezuela a : nou se yon radyo opozisyon !
- Nou pa dakò ak dyalòg politik ipokrit : nou se yon radyo opozisyon !
- Nou pa dakò ak pratik vann jistis : nou se yon radyo opozisyon !

Nou di tout sa, se pou pèmèt ou konprann ki sa tout bon vre sèten moun ta sanble genyen ak Radyo Kiskeya. Men, podyab yo, pi plis moun vin konprann sans konba n ap mennen an. Pi plis moun vin konprann kounye a kanpe kont tout bagay sa yo pa yon pozisyon patizan. Anpil moun vin wè Ayiti ka peri si nou pa kanpe ansanm kont tout sa n ap denonse yo. Konsa, yo ankouraje nou kontinye sou wout nou chwazi a, e yo menm ranfòse pozisyon nou pi plis.

13- Nan okazyon 25 lane a, n ap sonje Sony ki kite nou nan wout. L ap rete vivan atravè jan n ap kontinye sou liy nou te trase ansanm lan.
Nou gen yon panse espesyal tou pou lèzòt yo, ki te pami nou men ki, malerezman, fè dènye vwayaj la tou menm jan ak frè nou Sony.
Gen anpil lòt ansyen kolaboratè ki nan peyi etranje jounen jodi a. Men ki toujou ak nou jan yo kapab.
Mwen menm ak Liliane Pierre-Paul (vis-prezidan Konsèy administrasyon/direktris pwogramasyon radyo a), nou salye tout ekip la, depi nan tèt administrasyon an rive jouk nan pèsonèl soutyen an, pou travay yo, sans sakrifis ak reskonsablite yo.
Nou voye yon bèl salitasyon bay Madan Sony Bastien (prezidan Konsèy administrasyon radyo a) ak tout kinan nou yo, madanm, mari, pitit, manman, frè, sè, kouzen-kouzin, ak lòt fanmi ak zanmi, ki andire anpil sakrifis ak doulè nou, men ki viv tou ti kal moman lajwa nou jwi pandan 25 lane a.
N ap kontinye wout la ki long anpil. Men, nou sèten, yon jou, si nou pa rive, n a va pi pre.
Kenbe la tout moun ! Viktwa se pou pèp k ap goumen !

Marvel Dandin
7 Me 2019