> Kreyòl > Aktyalite nasyonal la, vandredi 16 septanm : Ansyen Prezidan Jean-Bertrand (...)

Ayiti/Enfòmasyon

Aktyalite nasyonal la, vandredi 16 septanm : Ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide endispoze Okap Ayisyen

Ak tout lòt dènye nouvèl yo

Publié le vendredi 16 septembre 2016

Ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide tonbe san konesans aswè vandredi a, nan moman li tap pran lapawòl nan vil Okap Ayisyen, nan yon miting elektoral, nan ri 18 boulva, pou l te louvri kanpay kandidat alaprezidans Lavalas la. Selon temwanyaj korespondan nou nan dezyèm vil peyi a, Gérard Maxineau, ki te asiste sèn nan, mesye Aristide te fèk kòmanse pale apre doktè Maryse Narcisse anvan l te dekonpoze. Staf li te mobilize pou fè van pou li anvan yo te kouri ak li nan lopital inivèsitè Justinien, nan yon sitiyasyon panik ak konfizyon.

Ansyen Chèf leta a te twouve l nan yon eta stab, nan sèvis ijans lopital la, anba gwo mezi sekirite, daprè plizyè pèsonalite nan pati Fanmi Lavalas tankou senatè Evalière Beauplan, Jean-Baptiste Bien-Aimé ki te al rann Jean-Bertrand Aristide vizit ansanm ak kandida Senatè Nò, Angelot Bel, madanm li, ansyèn Senatris Youseline Bel ak ansyen minis Lesly Voltaire.

Kèk pwòch Jean-Bertrand Aristide deklare li te pase tout jounen an sou wout nasyonal #1 an ak nan plizyè vil ap rankontre moun san l pat janm manje. Sa ki ta fè l febli anpil.

Anvan ensidan sa a, pou premye deplasman li an pwovens depi li tounen soti ann egzil, an 2011, ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide te twouve l aswè vandredi a bò kote kandidat alaprezidans Fanmi Lavalas la, doktè Maryse Narcisse, nan tèt yon delegasyon ki ale nan depatman Nò pou louvri ofisyèlman kanpay elektoral kandidat la. Anvan karavàn Lavalas la te pran wout Okap Ayissyen, apre l te fin pase nan vil tankou Kabarè, Akayè ak Senmak ki te gen moun ki te al akeyi l, li te rete nan Gonayiv kote selon korespondan nou, nan Site Endepandans la, yon gwoup patizan Ayiti Ann Aksyon, Senatè Youri Latortue ap dirije, te manifeste pou denonse prezans chèf Lavalas la ak move zak ki te komèt sou ansyen rejim li an.

Ansyto Félix, manm komikasyon Fanmi Lavalas, demanti enfòmasyon konsènan manifestasyon sa a anvan l fè konnen si te gen yon manifestasyon se te yon mouvman izole ak kèk grenn moun. Reprezantan Lavalas la felisite lapolis pou gwo mezi sekirite li pran nan okazyon pasaj ansyen Prezidan Aristide ak kandidat Maryse Narcisse.

Diferan pèsonalite, pami yo yon gwoup palmantè Lavalas, te akonpaye kotèj Lavalas la ki te gen ladan l yon senkantèn machin, selon enfòmasyon Ansyto Félix founi. Nou ka site senatè Jean-Baptiste Bien-Aimé, Nènèl Cassis, Evalière Beauplan, plizyè depite an fonksyon tankou Printemps Bélizaire, reprezantan 3èm sikonskripsyon Pòtoprens. tout manm komite egzekitif Fanmi lavalas la, ladan yo Joel Edouard Vorbe alyas Pacha Vorbe, ak ansyen minis afè sosyal sou prezidan René Préval epi ansyen depite Yves Cristalin ki te deja rive Okap depi mèkredi.

Dènye enfòmasyon Radyo Tele Kiskeya te resevwa nan kòmansman sware a, nan dezyèm vil peyi a plizyè santèn patizan Platfòm Pitit Desalin te pran lari pou yo te rele viv Jean-Charles Moïse, viv Jean-Bertrand Aristide, aba Maryse Narcisse. Nan zòn ri 18 boulevar, manifestan sa yo te kontre ak patizan Lavalas. Yon gwoup tap chire foto Maryse Narcisse, yon lòt tap defalke foto Jean-Charles Moïse, ki te majistra Milo anba banyè Fanmi Lavalas anvan yo te mete l deyò nan pati a sou rejim Prezidan Michel Martelly a.

Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè lonje dwèt sou plizyè move siy ki montre gen danje pou eleksyon 9 oktòb yo. Nan yon konferans pou laprès jounen vandredi a, Direktris Nasyonal JILAP la, Jocelyne Colas Noël, site pami siy sa yo desizyon pouvwa santral la pran poul wete 350 milyon goud nan fon kolektivite tèritoryal yo. Yon desizyon, daprè responsab la, ki kapab twouble kanpay elektoral la. Kriz ki genyen nan sistèm edikatif la, ki lakoz jiskaprezan plizyè direkte lekòl pa janm resevwa lajan sibvansyon leta dwe yo nan pwogram PSUGO a ak netwayaj lis elektoral yo ki pokò janm fèt, se lòt rezon JILAP avanse.


MOPA-N, yon òganizasyon politik kap sipòte PHTK, ki menm jan ak rès sektè Tèt Kale a kontinye pa rekonèt otorite chèf leta a, denonse jounen vandredi a sa l rele mannèv prezidan pwovizwa a, Jocelerme Privert, ak ekip li ap fè pou yo ta twouble jounen elektoral 9 oktòb la. Nan yon konferans pou laprès, nan lokal Repons Peyizan, kòdonatè MOPA-N nan, Jackswannde Etienne, ak Yvrose Antoine, ki di l se reprezantan òganizasyon an, an Repiblik Dominikèn, mande elektè yo al vote kandida alaprezidans PHTK a, Jovenel Moïse, ak kandida senatè Platfòm nan pou depatman lwès, Fednel Monchéry.


Kèk èdtan apre enstalasyon jedi apremidi yon konsèy administrasyon nan tèt lopital jeneral, Dr Raymond Pierre, ap dirije, direktè jeneral MSPP a, doktè Gabriel Timothée, ak direktè egzekitif HUEH la, doktè Maurice Fils Mainville, montre yo satisfè fas ak kriz la yo di ki rezoud nan lopital piblik yo, espesyalman nan HUEH. Doktè Gabriel Timothée fè konnen se dyalòg yo te bay priyorite pou yo te jwenn yon solisyon nan kriz la ki dire plis pase 5 mwa.

Sou bò pa l, direktè egzekitif HUEH la, Maurice Fils Mainville, anonse yo pral mete lòd nan lopital la, kote yo toujou ap konstate absans yon seri anplwaye, sitou lè enstitisyon an bezwen sèvis yo. Li pale tou de elektrisite ki manke anpil nan pi gwo lopital peyi a.

Dr Rodolphe Malebranche, ki akonpanye ministè sante piblik nan demach pou jere sitiyasyon an nan lopital piblik yo, te pran lapawòl tou nan konferans pou laprès sa a, pou l te soulve pwoblèm grav yo konstate nan rezidans ospitalyè a ki mande koreksyon.

Liliane Pierre-Paul éléments Aller à la galerie de Liliane Pierre-Paul